Ce podcast est un essai pour le lancement de l émission MOUN bientôt diffusée sur les ondes de la radio Amicale
Nan edisyon sila, Isnadin Joseph kap fè yon mastè nan Jewografi marye listwa ak Jewografi pou ede n konprann nosyon Amenajman Teritoryal. Therland Marckenzy ak Donald Ayiti Noelsaint te prezante emisyon an.
Nan edisyon sila, envite espesyal nou Marc Cauvin Plaisir, te pataje pwennvi ak eksperyans li sou kesyon òganizasyon kanaval nan Sen Mak ki pou li menm gen yon doub fasad: lwazi kolektif ak plezi koupab. Se toujou Markern S Morléon ki prezante ou emisyon an sou radio amicale 106.1 FM
Nan edisyon sila, etidyan nan psikoloji Jeanty Ekelson Michel te apwoche nosyon plezi ak kanaval. Pou prezante ou edisyon an se te Markern S Morléon.
Edisyon sila a te resevwa sosyològ Frantz Eddy M MÉSIDOR ki te vin defann lide li degaje nan tèks: "coup de foudre: le prix de l'amour sur le marché des conjoints" li te pibliye sou HaitiStandard. Evens Victor te rejwenn li pou debat sou tèks la. Pou prezante ou edisyon sila se te Frantzy Féné ki te dèyè mikwo a
Edisyon sila a te resevwa etidyan memoran nan Lenguistik Aplike Therland Marckenzy ki tap gade lanng kom zouti dominasyon a trave tan ak lespas! Prezantatè a se te Frantzy Féné
Nan edisyon sila, Frantzy Féné, etidyan memoran nan ekonomi aplike, te founi je gade MOUN anndan gran kouran ekonomi yo! Li te pwofite fè yon travèse sou listwa ekonomi peyi a epi gade kòman sa ye depi apre tranbleman tè 12 Janvye 2010 la. Donald Ayiti Noelsaint te rejwenn li pou reponn kèk kesyon. Se Markern S Morléon ki te prezante edisyon sila!
Edisyon sila a te resevwa Donald Ayiti Noelsaint, etidyan memoran nan syans politik ki tap gade moun nan kèk kouran filozofi politik. Se toujou Frantzy Féné ak Markern S Morléon ki prezante emisyon sila a! #MOUN
Dezyèm soti emisyon MOUN te kontinye ak prezante ekip kap mennen pwojè a. Te genyen tou entèvansyon Jerry Charles ki fè yon istorisite sou NTIC yo an Ayiti epi gade kijan yo enfliyanse rapò Moun ak Moun nan kominote a. Pou fini, ta pral genyen deba ant Jerry Charles, Evens Victor ak Isnadin Joseph pandan prezantatè yo tap kesyone lide ki avanse nan ekspoze yo. Se toujou Frantzy Féné ak Markern S Morléon ki anime emisyon sila a.
Premye soti sa gen 2 pati: Premye pati a se yon prezantasyon ekip MOUN nan, kontèks ak jistifikasyon emisyon an, fòma lap fèt; Dezyèm pati a gen entèvansyon yon sosyològ, Evens Victor ak yon Istoryen, Isnadin Joseph ki eseye founi je gade MOUN a travè kèk peryòd nan listwa ak nan divès sosyete! Prezantatè yo se Frantzy Féné ak Markern S Morléon
Essai pour la première sortie de l'émission MOUN sur la radio Amicale