KozeSyans

Follow KozeSyans
Share on
Copy link to clipboard

Yon ti baz 3 zanmi ki sot Ayiti, fè zetid yo nan syans, kap travay nan domèn syans 👨🏾‍🔬👩🏾‍🏭👩🏿‍🔬, e kounye a, vle fè yon ti koze syans avè nou 🎙🎧. 📧: kozesyans@gmail.com 📷: https://instagram.com/kozesyans?igshid=1x360i8zx056o 🐤: twitter.com/KozeSyans?s=09

KozeSyans


    • Jun 21, 2021 LATEST EPISODE
    • infrequent NEW EPISODES
    • 30m AVG DURATION
    • 11 EPISODES


    Search for episodes from KozeSyans with a specific topic:

    Latest episodes from KozeSyans

    Epizòd 9 - "Fake News"

    Play Episode Listen Later Jun 21, 2021 30:04


    Jodia KozeSyans ap envite nou al koute dènye epizòd sezon an sou tematik “fake news” oswa fo nouvèl. Nan epizòd sa, Aby, Tina ak Karl tap diskite de kijan pou nou ka rekonnèt fo enfòmasyon kap sikile sou entènèt lan e devlope de reflèks pou moun pa twonpe nou.

    Epizòd 8 - Astrofisik

    Play Episode Listen Later Jun 7, 2021 42:41


    Jodia KozeSyans ap envite nou al koute dènye epizòd nan seri nou an sou tematik karyè syantifik. Nou te chita ak Dr. Mora Durocher ki etidye astrofizik. Li vinn pale avèn de chimen ki mennen l nan metye ke lap fè jodia. Nou espere ke nou te apresye epizòd yo e ke yo fè nou konprann ke gen divès karyè nan lasyans. Nou espere sitou ke sa ka ankouraje nou pou toujou kontinye vanse paske nou pa janm konn ki kote opòtinite ka mennen nou. #kozesyans #ayiti #haiti #lasyans #aprann #science

    Epizòd 7 - Rechèch Byolojik

    Play Episode Listen Later May 24, 2021 40:32


    Jodi a nap konitnye selebre fèt travay an Ayiti. Nan dezièm epizòd seri sa, Aby, Tina ak Karl ap pale ak Dr Loydie Jerome-Majewskaj ki travay nan domèn akademik kote li fè rechèch byolojik. Yo pale de kisa nou bezwen pou nou gen siksè, kijan pou nou balanse travay ak la vi pèsonèl nou e kijan nou ka ede youn lot pou nou gen plis reprezantasyon nan karyè sa.

    Epizòd 6 - Jeni Byoteknolojik

    Play Episode Listen Later May 10, 2021 40:39


    Kòm premye me sete fèt travay, nou deside fè yon pwogram spesyal pou mwa sa. Pandan 3 epizòd, nap gen okazyon prezante w 3 fanm ki gen metye syantifik diferan. Yo pa ni doktè, ni enjenyè sivil. Nan premye epizòd seri a, Aby, Tina ak Karl ap envite w rankontre Enj. Tatiana Kenel-Pierre ki fè etid li nan jeni byoteknolojik. Vinn dekouvri a kisa jounen li sanble e kijan li fè rive kote l ye a.

    Epizòd 5 - Entènet

    Play Episode Listen Later Apr 26, 2021 38:19


    Eske nou konnen kijan entènet fonksyone ? Nan epizòd jodia, Aby, Tina ak Karl envite on spesyalis nan rezo kominikasyon branche e san fil. Enjenyè Samuel Pierre vinn eksplike nou kote entènet soti e kijan li fonksyone.

    Epizòd 4 - Konstriksyon Parasismik

    Play Episode Listen Later Apr 12, 2021 34:24


    Jodia, Aby, Tina ak Karl ap kontinye diskite sou tematik goudou goudou a. Ayiti poko fini ak goudou goudou di tou! Li enpòtan pou nou pale de kijan nou ka pare tèt nou. Nan epizòd sa, Enjenyè Suze Youance rejwenn ekip KozeSyans lan pou li pale nou de konstriksyon parasismik.

    Epizòd 3 - Goudou Goudou

    Play Episode Listen Later Mar 29, 2021 40:17


    Jodia, Aby, Tina ak Karl gen on gwo epizòd pou nou sou goudou goudou. Enjenyè Claude Prépetit te vinn eksplike sak te rive le 12 janvye 2010 et ki lòt risk sismik ki genyen pou Ayiti.

    Epizòd 2 - Vaksen COVID-19

    Play Episode Listen Later Mar 15, 2021 30:52


    Jodia, Aby, Tina ak Karl ap pale de sistèm iminitè nou e de kijan vaksen ka pwoteje nou de tout kalite maladi. Yo pale tou de sijè vaksen kont COVID-19 lan ak Doktè Piankhi Othélot e doktè Axel Fuertes.

    Epizòd 1 - COVID-19

    Play Episode Listen Later Mar 1, 2021 24:19


    Nan epizòd jodia, Aby, Tina ak Karl ap pale de kijan yon viris ka fè moun malad. Epi tou, yo reponn kesyon nou yo sou SARS-CoV-2, viris ki responsab pou maladi COVID-19 lan.

    Epizòd 0 - Pilòt

    Play Episode Listen Later Feb 15, 2021 10:13


    Nou se Tina, Aby e Karl! Nan epizòd jodi a nap prezante tèt nou e eksplike rezon pou ki nou kreye KozeSyans!

    Teaser (Fevriye 2021)

    Play Episode Listen Later Feb 3, 2021 1:20


    Èske nou pare? Nouvo pòdkas Koze Syans lan ap soti an fevriye 2021. Êtes-vous prêts? Le nouveau podcast Koze Syans sort en février 2021. Are you ready? The brand new Koze Syans podcast is coming out in February 2021.

    Claim KozeSyans

    In order to claim this podcast we'll send an email to with a verification link. Simply click the link and you will be able to edit tags, request a refresh, and other features to take control of your podcast page!

    Claim Cancel