Open Your Soul Podcast reprezante yon vwa nan sosyete nou an. Li pa selman yon emisyon, men li gen pou bi touche anpil sijè sansib nan sosyete nou an, e ede jèn yo jwen plis limyè sou deseri pwen ke sosyete ayisyèn lan konsidere kòm tabou. Se yon platfòm ki pa sèlman ankouraje “La Liberté de l’expressionâ€, men tou ki la pou pèmèt anpil jèn pataje eksperyans pèsonèl yo ak evolisyon yo nan diferan sosyete ak kilti.
Mwa mas se mwa fanm. Kòm nou konnen 8 mas se selebrasyon jounen mondyal dwa fanm, mwa mas la li menm se selebrasyon istwa fanm nan mond lan. Epizòd sa se yon epizòd pou entwodwi selebrasyon mwa mas la.
Estrès, depresyon ak anksyete se maladi ki tiye anpil moun. Li pa gen jou, li pa gen lè. Anpil fwa moun ki soufri de maladi sa yo pa souvan pale de pwoblèm ni obstak y ap afronte nan lavi kotidyen yo. Epizòd sa pa antre nan pwofondè maladi sila yo, men pito, se yon fòm ankourajman pou fe konnen a sila yo ki ap simonte etap glise sa yo ke yo pa poukont yo.
Ane 2021 an ap fini, kisa w te aprann pandan ane sa? Kisa w ta swete pou lot ane k ap rantre a? Kek konsey ak feedback sou koman ane 2021 an te pase e koman n ap prepare nou pou nou resevwa ane 2022 a.
Anpil fwa nou pa reyalize sa, men nou se pwòp rezon kifè nou paka avanse nan lavi nou nan kenbe deseri bagay sou kè nou kòm rankin, rayisman etsetera! Nan epizòd sa, mwen pale de lese ale pou nou ka kontinye avanse pi devan. Mwen swete nou pran plezi nan tande epizòd sa e aplike kek konsey sa yo nan vi pèsonèl nou.
Nan epizòd sa, mwen pale de enpòtans ki genyen lè w ralanti epi pran swen mantal ou. Li ede w akonpli plis bagay e li ede w rete balanse nan kèlkeswa sikonsatns lan. Mantal nou jwe yon gro wòl sou fizik nou, men malerezman, nou pa edike tèt nou ase sou enpòtans sante mantal. Ann fè yon ti pale de sante mantal nou e koman nou kapab aprann prezève li.
People pleasing se yon bagay anpil nan nou gen lakay nou. dèfwa nou pa reyalize lè nou fèl, dèfwa tou, se yon mwayen survi sèvo'w jis adapte oubyen ou chwazi fe moun plezi nan nepot ki sikonstans. Jodi a nou pral ple de koman'w ka rekonèt ou se yon people pleaser e koman ou ka konbat sa.
Happy Women History Month. Mwa Mas se mwa fanm, donc pou epizod sa, mte deside chwazi yon fanm ki te fe listwa epi ki kite enpak li nan sosyete sa.
Nan epizòd sa, mwen ak Maruthsha (Smileymaruth), ki se yon fiti nitrisyonis, fè yon ti chita pale sou sante fizik, sou sa n'ap konsome etc.
Nan epizod sa, mwen fe yon ti chita pale ak mennaj mwen, premye envite nan podcast lan pou nou diskute sou sijè renmen nan milye jenès la. Yon sijè ki si delika e tabou men nòmal pou anpil jèn.
Nan epizòd sa, mwen intwodui tèt mwen, podcast lan, ak rezon pouki podcast lan te kreye. Nou gen anpil lot pwojè ak anpil bèl episode ki prepare pou nou. Ret branche pou nou pa rate anyen. XOXO, RoneyG.