This podcast is named after its host, Sylvain EXAVIER, and it is dedicated to sharing personal thoughts, beliefs, and understanding without claiming absolute truth. The podcast aims to inspire, encourage, and elevate listeners through authentic reflections and perspectives. Support this podcast: https://podcasters.spotify.com/pod/show/sylvainexavier/support
Konpa Kingdom se youn nan pwogram ki te gen plis antisipasyon sou li pou ane 2023 a, Carel te anonse l kòm pi gwo evènman ane a. Eske se sa l te ye? Tande sa m panse de sa nan epizòd saa ke m anrejistre premye janvye nan maten avan te deplase ale pran vòl pou m tounen lakay mwen apre espektak la. --- Support this podcast: https://podcasters.spotify.com/pod/show/sylvainexavier/support
Marcus LOLO se yon jenn pyanis ayisyen k ap pèfeksyone talan li nan inivèsite Etazini, pandan l ap etidye l ap pataje konesans li tou ak lòt jenn ki enterese a mizik menm jan ak li. Mwen te kontan echanje ak Marcus --- Support this podcast: https://podcasters.spotify.com/pod/show/sylvainexavier/support
Nan epizòd podkas sa, Mika te pataje konsiderableman anpil bagay avè m sou kòman l te leve, rapò li te devlope ak rès fanmi li, fason li te wè karyè li ak lavi an jeneral. 2 pi gwo mesaj li te genyen lè sa te pou jèn atis ak pou tout moun ki gen yon fòm enfliyans sou kominote a. --- Support this podcast: https://podcasters.spotify.com/pod/show/sylvainexavier/support
Tout zèv atistik kreye nan lide pou fè yon efè kèlkonk sou nenpòt moun ki konsome l, men se pa tout moun ki konsyan de sa. Sikològ Osman Jérôme se envite m nan 7e epizòd Lyrikalite-a, ansanm avè l nou tante reponn kesyon sa yo: Eske yon zèv ka enfliyanse yon moun san li pa konsyan de sa? Eske se tout zèv yon moun konsome ki enfliyanse l? Eske l posib pou yon moun limite enfliyans kreyasyon atistik yo sou li? Kòman enfliyans zèv atistik yo manifeste sou konsomatè yo? --- Support this podcast: https://podcasters.spotify.com/pod/show/sylvainexavier/support
Kontrèman ak sa anpil moun panse, objektif zèv atistik yo pa redwi a pote plezi sèlman! Nan epizòd Lyrikalite sa-a nou gade kòman enfliyans kreyasyon atistik yo manifeste sou konsomatè yo. Pou rann egzèsis sa pi otantik posib, nou gen yon echantiyon 4 pwofesyonèl nan lavi sosyal la ki se tou 4 moun ki konsome zèv kreyatè ayisyen ki pataje eksperyans yo ak kèk zèv pou ede nou konprann kijan kreyasyon sa yo make lavi yo. Pandan m'ap envite w tande ak pataje podkas la, m'ap tou pwofite remèsye Steffany Rebeca, Hansy Mars, Ariste Jean ak Vilcius Simon ki te dakò pataje temwanyaj yo ak nou nan 6e epizòd Lyrikalite a. Mèsi, Bòn ekout! Sylvain Exavier --- Support this podcast: https://podcasters.spotify.com/pod/show/sylvainexavier/support
"Festival En Lisant" sou 5e edisyon li ane sa. Ki estrateji "BIT-Haïti" deplwaye pou kenbe "Festival En Lisant" vivan pandan 5 lane ki pase yo? Ki kote yo jwenn mwayen pou finanse pwojè sa-a? Eske Leta sibvasyone aktivite y'ap òganize yo? Ki tèm festival la ane sa-a? Kiyès ki envite donè yo ane a? Sa yo se kèk pami kesyon nou abòde nan podkas la ak direktè atistik festival la, Eliezer Guérismé, ki te aksepte fè yon ti koze ak nou nan kad 5e epizòd Lyrikalite a. Mwen envite w tande sa l te pataje ak nou kòm enfòmasyon. Mèsi pou ekout ou! Sylvain Exavier --- Support this podcast: https://podcasters.spotify.com/pod/show/sylvainexavier/support
Reyalizatè dokimantè «A promising voice» ki deja jwenn akseptasyon pou l difize plizyè nan festival fim entènasyonal, jounalis Obed Lamy se envite nou nan 4e epizòd LyriKalite a, li pataje anpil enfòmasyon ak nou sou pwosesis reyalizasyon dokimantè a ak anpil lòt obsèvasyon li fè pandan l'ap fè Metriz nan jounalism nan inivèsite nan Fayetteville nan Eta Arkansas. Kisa ki te motive Obed Lamy reyalize dokimantè «A promising voice»? Kote lide a soti? Poukisa tit sa-a pou dokimantè a? Poukisa se istwa saa li te chwazi? --- Support this podcast: https://podcasters.spotify.com/pod/show/sylvainexavier/support
Menm jan ak nenpòt sitwayen òdinè yon pawolye ekspoze a tout enfliyans ki travèse diferan kategori sosyal kote l'ap evolyese-a. Enfliyans sa yo pa san efè sou kreyasyon atistik pawolye a, menm jan zèv li pa kite sosyete ki konsome l la endiferan non plis. Envite nou nan epizòd Lyrikalite sa se enjenyè kiltirèl Djimy Ducasse ki genyen yon fòmasyon nan sosyoloji tou, avèk li nou fè kèk konsiderasyon sou kijan sosyete a enfliyanse zèv yon pawolye, kòman pawolye a chwazi ki enflyans l'ap degaje nan pwodiksyon l yo epi nou gade ki enpak kreyasyon atistik pawolye a genyen sou sosyete a an retou. Mèsi pou ekout ou, pa ezite fè nou remak ak sijesyon si w genyen! Opinyon w konte anpil pou ekip Lyrikalite-a! --- Support this podcast: https://podcasters.spotify.com/pod/show/sylvainexavier/support
Envite nou nan epizòd # 2 podkas Lyrikalite a se Doktè Jeff Matterson Cadichon, avèk li nou gade kòman sikològ yo konprann konsèp Langaj, Lang ak pawòl epi fè kèk konsiderasyon sou enpak sikolojik ak sosyal konsèp sa yo genyen sou moun de fason endividyèl ak sou imajinè kolektif la. Mèsi paske w pran koute LyriKalite, travay la pap gen okenn sans san sipò w. Pataje epizòd sa ak tout moun nan antouraj ou epi pa ezite fè nou remak ak sijesyon nan kòmantè oubyen an prive sou paj pèsonèl nou sou rezo sosyal yo: @SylexOfficiel ak @JeffCadichon sou twitter. Mèsi, Bòn ekout! Sylvain Exavier --- Support this podcast: https://podcasters.spotify.com/pod/show/sylvainexavier/support
Pawòl se youn nan fòm langaj moun itilize pou eksprime emosyon yo ak komike antre yo nan yon lang done. Nan premye epizòd podkas sa-a, LyriKalite, n'ap fè kèk konsiderasyon syantifik sou konsèp: LANGAJ, LANG ak PAWÒL. Pou ede m nan demach sa-a, lengwis Kendi Zidor se envite m nan kad premye epizòd LyriKalite a. Mèsi paske w koute LyriKalite, travay la pap gen okenn sans san sipò w. Pataje epizòd sa ak tout moun nan antouraj ou epi pa ezite fè nou remak ak sijesyon nan kòmantè oubyen an prive sou paj pèsonèl nou sou rezo sosyal yo: @SylexOfficiel ak @Kendizidor sou twitter. Mèsi, Bòn ekout! Sylvain Exavier --- Support this podcast: https://podcasters.spotify.com/pod/show/sylvainexavier/support
#LyriKalite se podkas ki dedye a tout pawolye nan sektè kiltirèl ayisyen an. Se yon espas kote mwen Sylvain Exavier ak ekip Lirykalite a pral chita pale ak tout moun ki ekri pawòl pou kreye zèv atistik tankou mizik, pwezi, slam, teyat, fim,liv ak tout lòt fòm atizay ki itilize pawòl. Swiv mwen sou twitè nan @SylexOfficiel pou w konnen kiyès k'ap envite nan chak epizòd k'ap soti. --- Support this podcast: https://podcasters.spotify.com/pod/show/sylvainexavier/support