Kreyonomi podcast

Follow Kreyonomi podcast
Share on
Copy link to clipboard

Kreyòl nan tout sòs

Stevens Azima


    • May 18, 2021 LATEST EPISODE
    • infrequent NEW EPISODES
    • 1h 2m AVG DURATION
    • 11 EPISODES


    Latest episodes from Kreyonomi podcast

    S02E03- Dwòg ak depandans : Loly Jacques ap enfòme nou

    Play Episode Listen Later May 18, 2021 96:13


    Vin koute Loly Jacques k ap pale sou dwòg. Enfòmasyon nan bon ti mamit. Loly Jacques gen yon fòmasyon an rapò ak toksikomani epi li gen eksperyans nan akonpaye moun ki gen pwoblèm depandans. --- Send in a voice message: https://anchor.fm/kreyonomi/message

    S02E02 - Tamas Jean Pierre: klas sosyal ann Ayiti (Pati 2)

    Play Episode Listen Later Jan 15, 2021 76:41


    Diskou sou klas sosyal yo ann Ayiti pran plizyè fòm: pitit sòyèt, nèg lavil, klas mwayèn, gran nèg, gran fanm, nèg anwo, laboujwazi, eks. E diskou sa yo evolye tou an mezi tan ap pase. Nou te rankontre Pwofesè Fleuristin fwa pase sou menm sijè a, kounye a n ap rankontre ak Tamas Jean Pierre, yon sosyològ e militan feminis pou yon ti pale sou egzistans, nannan ak reyalite klas sosyal yo ann Ayiti. Fwa sa a, n ap nonsèlman pale sou klas sosyal, men tou sou koneksyon ak telekospaj ki genyen ant klas yo ak lòt rapò dominasyon yo. --- Send in a voice message: https://anchor.fm/kreyonomi/message

    S02E02 - Pitit sòyèt, klas mwayèn, boujwazi: kisa diskou sou klas sosyal ann Ayiti yo aprann nou? (Pati 1)

    Play Episode Listen Later Jan 8, 2021 57:28


    Nan kòmansman epizòd sa nou te jwe mizik "Nèg anwo" Boukan Ginen an. An reyalite, diskou sou klas sosyal yo ann Ayiti pran plizyè fòm: pitit sòyèt, nèg lavil, klas mwayèn, gran nèg, gran fanm, nèg anwo, laboujwazi, eks. E diskou sa yo evolye tou an mezi tan ap pase. N ap rankontre ak Lionel Fleuristin, yon pwofesè ki gen plis pase 20 an eksperyans konsiltasyon ak rechèch nan ekonomi sosyal ak solidè pou yon ti pale sou egzistans ak reyalite klas sosyal yo ann Ayiti. --- Send in a voice message: https://anchor.fm/kreyonomi/message

    S02E01 - Ti Kozri Ak Yves-Marie Sou Lasosyete

    Play Episode Listen Later Dec 8, 2020 88:33


    Nan ti kozri sa a ak Yves-Marie Exumé, nan espas 90 minit nou rive dekòtike yon seri bagay ki pa yès nan fason sosyete a fonksyone, espesyalman nan jan li konstwi rapò fi ak gason. Epizòd sa tou ka ofri yon bèl antre sou mouvman feminis lan, alafwa nan dimansyon teyorik li ak nan dimansyon pratik li. Yves-Marie Exumé pataje vizyon l ak nou sou pwoblèm k ap minen sosyete yo epi li kòmanse imajine solisyon ki ta ka mennen nou nan yon sosyete kote tout moun ap viv byen, egalego. --- Send in a voice message: https://anchor.fm/kreyonomi/message

    S01E06 - Èske Ayiti marye ak lamizè?

    Play Episode Listen Later Nov 8, 2020 91:06


    Nou envite Ekonomis Carl-Henri Prophète vin reponn kesyon sa a pou nou: Èske Ayiti marye ak lamizè? Ekonomis la di nou li bouke chèche papye maryaj la li pa wè l, men li rekonèt Ayiti ak lamizè gen yon long istwa ansanm, yo pa de etranje. Apre li fin fè yon bèl rale sou istwa ekonomik peyi a, li idantifye yon seri dinamik estriktirèl ki sitire lamizè anndan peyi a. Apre prezantasyon l lan, piblik la te gen okazyon aktive mikwo l pou poze kesyon, sa ki te rann echanj yo pi vivan. Epizòd sa se dènye nan ribrik Ekonomi nou an. Pwochen ribrik la pral pale sou sosyete e n ap resevwa Yves-Marie Exumé nan premye epizòd la pou yon ti kozri sou fanm, dwa fanm, feminism ak lòt pawoli ankò. Randevou kase pou 3 desanm 7è pm pou epizòd an dirèk la, epi l ap disponib apre sa 7 desanm a 7è pm sou pòdkas la. Apati epizòd sa, chak nouvo epizòd pòdkas ap disponib 7 nan mwa a, a 7è pm. An nou kontinye fè wout la ansanm. --- Send in a voice message: https://anchor.fm/kreyonomi/message

    S1E05-Pouki todchanj lan fin monte apre sa l tonbe desann? (Pati 2)

    Play Episode Listen Later Oct 18, 2020 56:41


    Nan dezyèm pati diskisyon sa nou te gen ak ekonomis Standley Réginald epi Débora Descieux a, nou diskite dirèkteman koz varyasyon todchanj lan alafwa istorikman e aktyèlman. Nan gade konsekans dènye chanjman yo ka genyen tou. Nan fen an, nou fè yon ti louvri kad la sou jan nou ta ka inove finans peyi a atravè yon seri zouti tankou kontra alavans, divèsifikasyon mache ak pwodui finansye yo e menm entèlijans atifisyèl. --- Send in a voice message: https://anchor.fm/kreyonomi/message

    S1E05-Finans, labank, bidjè, PetroCaribe ak todchanj ann Ayiti (Pati 1)

    Play Episode Listen Later Oct 9, 2020 34:04


    Nan premye pati diskisyon sa nou te genyen ak 2 ekonomis envite, Standley Réginald epi Débora Descieux, nou gade ansanm wòl ekonomis yo, kisa finans ye, ki wòl labank e kisa y ap fè ak lajan nou depoze lakay yo a, wòl Bank Santral, nouvo bidjè peyi a, relasyon ki gen ant dèt n ap peye yo ak Akò PetroCaribe nou gagote a. Nan dezyèm pati a, ki ap vin apre, n ap gade espesyalman kisa ki te koz monte epi degrengolad dola a pandan dènye mwa yo. --- Send in a voice message: https://anchor.fm/kreyonomi/message

    S01E04-Pouki tout moun pa manifeste? Yon ti bat bouch sou reskiyaj

    Play Episode Listen Later Sep 8, 2020 23:09


    Nou antre fon nan sikoloji reskiyè, woulibè ak gratè yo, gade jan sosyete a wè yo e ki koz oswa konsekans konpòtman sa a. Mwen ekri yon biyè blòg sou sa tou, sou kreyonomi.blog --- Send in a voice message: https://anchor.fm/kreyonomi/message

    S01E03-Dous pou dous? Ekonomi an pratik

    Play Episode Listen Later Aug 7, 2020 63:27


    Yon ti refleksyon sou kòman ekonomi ka itil nou pratikman nan kèk aspè lavi n ap mennen chak jou a. Espesyalman, kòman ekonomi ka ede nou pran bon desizyon? --- Send in a voice message: https://anchor.fm/kreyonomi/message

    S01E02-Kòman dyaspora a ka ede Ayiti?

    Play Episode Listen Later Jul 9, 2020 69:04


    Kòman dyaspora a ka ede Ayiti? Nan epizòd sa, n ap antre nan nannan deba sou wòl dyaspora yo, gade limit diskou dominan yo epi liste kèk pinga. Apre sa n ap gade istwa, kontèks ak pwofil dyaspora ayisyen an pou nou ka fè konesans li pi byen. Apre tout sa, n ap pare pou gade ak yon je kritik men konstriktif sa ki fèt deja ak sa ki ta dwe fèt (men ki pa ko fèt) pou pèmèt dyapora ayisyen an gen plis enpak toujou ann Ayiti. Pandan tout epizòd la mwen tou pwofite defèt kèk lejann an rapò ak dyaspora a. Epi mwen pataje kèk ti istwa pèsonèl avè w tou. Epizòd la yon ti jan long, men m panse sa te vo lapenn. Mwen swete w yon bèl ekout. --- Send in a voice message: https://anchor.fm/kreyonomi/message

    S01E01-Kisa ekonomi ye?

    Play Episode Listen Later Jun 4, 2020 32:10


    Ekonomi alafwa atire nou e dekouraje nou. Ki sa ki fè sa? Ki mòd syans sa ye menm? Ki travay ekonomis yo? Ki wòl yo ka jwe nan rezoud pwoblèm Ayiti yo? Dekouvri tout sa nan premye epizòd Kreyonomi Pòdkas la, nan ribrik Ekonomi an. Tcheke biyè blòg ki mache ak epizòd sa a sou kreyonomi.blog pou plis detay, plis referans ak eleman nou pa t abòde nan pòdkas la.  Abone epi pataje ak zanmi w.  Stevens Azima --- Send in a voice message: https://anchor.fm/kreyonomi/message

    Claim Kreyonomi podcast

    In order to claim this podcast we'll send an email to with a verification link. Simply click the link and you will be able to edit tags, request a refresh, and other features to take control of your podcast page!

    Claim Cancel