Madan Jacques is the podcast of Christine Coupet Jacques to inspire, motivate, empower and engage with her audience on topics of interest to her such as money, personal finance, marketing, branding, politics and women’s issues. Podcast Powered by Dagmar.
SeeJeanty (Chris Jeanty), se yon Ayisyen Ameriken ki tounen Ayiti e ki komanse plizyè antrepriz a siksè. Lap pataje ak nou nan epizòd Money Talks sa a kijan li komanse, ki zouti li sèvi pou li pèse chimen'l, kijan li reyisi. SeeJeanty ap viv lavi l an Ayiti ki se kote li te toujou vle retounen. Al tande l.
Christine Coupet Jacques, #MadanJacques, resevwa Hugline Jerome, pwomotè ayisyen, entreprenè kreyatif. Hugline pataje ak nou kijan relasyon li ak lajan evolye ak laj ak responsabilite, kijan li jere diferan biznis, e kijan atitid gratitid li pèmèt toujou reyisi nan sa lap fè.
Achitèk #ChristineLaraque pataje anpil prensip nan jesyon yon kabinè achitèk nan #MoneyTalks ak #MadanJacques. Christine ak asosye li te louvri biznis yo ak yon mòdèl ki dwe enspire anpil lòt moun. Responsabilite moral, sosyal ak fiskal fè pati de plan dafè antrepriz yo. Yo pa janm neglije aspè sa yo. Al koute l !
Frantz Duval, chèf redaksyon jounal Le Nouvelis ak direktè jeneral radyo Magic 9, pale souvan nan medya sou tout kalte koze peyi mè se pa souvan nou tande l pataje experyans pa li. Nan Epizòd #MoneyTalks sa a, #MadanJacques pale ak Frantz Duval sou experyans pèsonèl li ak lajan, leson li aprann depi l te jèn, kijan li devlope yon modèl finansye ki pèmet jèn jounalis yo gen plizyè kòb kap antre. Al koute l !!!
Carel Pedre, animatè Chokarella, antreprenè kreyatif ap pataje istwa pèsonel li ak lajan, depi li te timoun ak Kijan li vinn jere lajan lè li vin papa. Carel explike Jan l fè pou toujou adapte l ak lavi a pou li toujou rive jwenn 2 bout yo ak plis anko. Al tandel. Bon Lane 2021
Epizode #MondayMotivation sa pale de 7 leson la vi a, ke ou pa aprann lekol men ki fè pati de kotidyen ou #MadanJacques
Nan vi an gen kèk di “astuces” ou ka mete an pratik pou viv pi byen. Al tande #madanjacques nan #mondaymotivation
Tout moun konn resevwa yo. Apèl nan on move moman, lè ou okipe anpil, men kijan pou fini kovèsayon an pou evite fè moun nan fache oswa santi se voye wap voye l ale. Pran swen de relasyon w al tande #madanjacques nan #MondayMotivation.
Nou chak konn fè yon erè ki mande pou nou prezante eskiz oswa mande padon a yon moun ke nou fèl mal. Admèt ke w an tò pa fasil ditou. Tande 5 ti konsèy #MadanJacques pote pou nou nan #MondayMotivation pou ka aprann mande padon. Sa ka pèmèt ou kenbe bon jan relasyon ak pwòch ou.
Pou ka kominike pi byen, fòk ou konn tande, fòk ou aprann koute moun kap pale ak ou.
Nou tout gen men 24è tan chak jou. Jan w organize jounen w, ak jan w jere tan w ka fè yo gwo enpak sou kapasite w pou rive reyalize objektif ou fixe. Al tande 5 ti konsèy pou ka byen jere 24 è tan paw la. #LendiMotivasyon
Pierre Stanley Baptiste te fè yon ti pale ak #MadanJacques sou MoneyTalks. Li pataje visyon li sou kesyon lajan, kijan li te fè edikasyon finansyè tèt li, e li pale de liv li ekri a "The Underdog Revolution" ki pataje yon lòt jan pou wè povrete, inovasyon, ak chanjman sosyal. Li pataje anpil konsèy ak enèji positif, kap pèmèt nou pèse nan lavi a ak jwenn balans nou bezwen pou nou reyisi. Al tande l!
Plis ou panse negatif, mwens ou gen chans pou reyisi rèv ou. Tande kèk ti teknik pou apran devlope yon atitid positif.
Pou reyisi fòk ou mete disiplin nan tout sa wap fè. Tande kèk ti konsèy.
Nan premye epizòd #LendiMotivasyon mwen pataje 5 teknik ou dwe aplike pou pran bon jan desizyon. Konsèy sa yo ap sèvi w kelkeswa desizyon ou gen pou pran nan lavi w. #MadanJacques
COVID-19 fè ke tout moun ap travèse yon peryòd de chanjman ak ensètitid kote nenpòt mou ka viktim. Se yon moman kote tout antreprenè ak tout mam responsab yon fanmi oswa yon gwoup dwe pran konsyans de nivo risk la, kote yo ta dwe fè yon plan pou asire siksesyon yo nan yon pòs, mete tout papye nan lòd, pale ak pwòch yo sou tout sa ki ta ka reprezante yon sousi si ta gen yon trajedi. Eske relèv ou pare ? Eske ou gen yon plan kontenjans ? Eske si w pa ta la biznis ou ap kontinye ? Eske fanmi w ap kon kijan pou yo jere tout bagay ?
Eske lide biznis ou à toujou rete valid jodia ? Eske startup oubyen PME wap jere a pare pou kenbe pandan 3 mwa anko nan konteks kowonaviris la ? Ki opotinite ki vini ak maladi sila ? Sonje, se pa sa ki pi fò yo kap reyisi, se sa ki adapte yo pi rapid kap rete vivan.
Mèm lè nou konnen sitiyasyon nap viv ak COVID-19 la gen pou l pase, nan moman sa a, fòk nou byen gere bidjè nou. Fòk nou pran konsyans. Fòk nou evite bay tèt nou manti. Fòk nou gere pou nou ka fè fas ak depans nou pandan ke nap sere pou demen paske nou pa konnen konbyen tan pandemi sila, kap boulvèse tout mond nan, ap dire ni ki konsekans dirèk li ka genyen sou vi pa nou ak finans pèsonèl nou. Tande kèk ti konsèy nan edisyon espesyal #MoneyTalks ak #MadanJacques sou gesyon bidjè nan kad #Koronaviris la.
Mèt Giovanna Menard ap pataje ak nou kijan metye avoka ak pwofesyon dwa sibi yon gwo transfòmasyon depi kèk lane. Li aprann nou ke pou asire yon bon jesyon kabinè avoka, nou dwe jere l tankou yon antrepriz pandan nap fè balans ant respè tout prensip yo, etik ke pwofesyon an mande ak kapasite pou fè lajan.
Angie Bell nan #MoneyTalks ak Madanjacques, yon jèn edikatris ki ap gere plizyè biznis ansanm, nan vil Okap ak lòt kote tou, pande li toujou ap editye pou fè metriz li. Li pataje ak nou kijan li jere tan l, kijan li itilize kreyativite l nan tout sa lap fè. Li bay anpil konsèy sou seri kompetans ki pi empòtan pou jèn yo genyen jounen jodi a.
Sandra Florvela nan #MoneyTalks ak -#MadanJacques Yon jèn ayisyèn ki kite peyi a lè l te timoun, mè li pat kite idantite l, li pa janm pèdi atachman l ak kilti a. Kom fanm Ayisyèn li reyisi louvri yon antrepriz teknoloji poul bay kominote ayisyen an sèvis ak fè pwomosyon tout sa ki ayisyen. Kompayi sa a se #HaitianBusinesses. Nan tout sa Sandra fè pou l fè lajan, li jwenn mwayen pou li fè pwomosyon Ayiti. Tande kijan li reyisi fè tout bagay sa yo pandan tou ke lap leve 2 timoun.
Nan edisyon #moneytalks sila, nap tande Daphnée Charles, sou zafè leve de fon, kijan pou prezante w, koman pou abóde yon esponsò, ki Jan pou jere relasyon an le w fin tabli kontak la. Al tande @madanjacques
Madan Jacques resevwa Doktè Thierry Laplanche ak Doktè Marie Maud Nazon Laplanche. Doktè sa yo, se mari ak madanm, yo se 2 antreprenè ki emplike anpil nan sosyete a. Yo pataje ak nou yon apwòch modèn ak inovatris ke yo mete sou pye pou gere premye biznis yo ki se klinik yo, kijan apwoch sa a pèmèt yo balanse vi pwofesyonèl yo pi byen e bayo tan pou yo fè lòt bagay, e kijan yo gere finans pèsonèl fwaye a. Enjoy
Etzer Emile, ecrivain, economiste, entrepreneur … li pataje ak nou poukisa li di nan liv ke li pibliye a ke “Ayiti chwazi pou li pòv”. Nan kontèx ekonomik frajil ke nap viv la, Etzer Emile bay anpil bon konsèy pou moun ki ta vle envesti nan peyi a, ki opòtinite ki genyen ak ki risk ki genyen tou, e kijan pou gere lajan w pou ka toujou rete estab finansyèman.
Tout moun konnen wòl dyaspora ayisyen a kòm yon aktè ekonomik nan peyi a. Annou tande envestisè Rudy Rocourt ki lanse yon konpayi transfè nan peyi a ki rele Jetli Transfert. Jèn entreprenè a pataje ak nou kijan li te entegre tèt li nan peyi lakay apre dis lane deyò, kijan li te kòmanse, ki difikilte li te fè fas, kijan li menen operasyon biznis la, ak kisa nou bezwen pou amelyore konpreyansyon nou nan zafè envestisman dyaspora.
Chak antreprenè gen pwòp istwa li. Ou dwe konnen ki kote ou soti pandan ou rete konsantre sou ki kote ou prale. Sakrifis, detèminasyon, fokis se règ jwèt la. An nou koute antreprenè, ak enfluyensè Jhonson Napoleon, nan #MoneyTalks ak #MadanJacques sou pakou li pou li rive kote li ye jodia, nan tèt Azure University, Napo Dépôt elatrye.
Lè w ap pase entèvyou pou yon travay, gen kèk ti teknik ka fè yon gwo diferans. Kijan pou prepare w ? Eske oud we reponn kesyon salè? Eske ou dwe rete tann komayi an fè yon òf? Kijan ou ka negosye salè a ? Eske w gen dwa poze kesyon ? Si’w ta renmen konnen repons yo al tande rekritè Christina Sanon nan #MoneyTalks ak #MadanJacques
Èske w janm reve kite travay ou a pou vin pwòp bòs ou? Ou pa pou kont ou. Dapre sa Marc Alain Boucicault pataje nan #MoneyTalks ak #MadanJacques, gen anpil faktè pou konsidere anvan ou remèt demisyon w. Kijan pou pare w? Ki difikilte ou fè fas le w fèk komanse ? lew fin Entreprenè kijan pou jere gwo kriz ? se tout bagay sa yo PDG @Banj la pataje ak nou. Al tande l.
Lajan se yon sijè tabou nan anpil relasyon de koup. Lè ou vinn gen timoun se pi rèd. De moun ki renmen youn ak lòt pa nesesèman vle di ke yo pataje menm vizyon nan zafè jesyon lajan. Ann tande kèk ti konsèy na men Francesca Francois Eugène, yon mandan marye, yon manman 2 timoun, yon fanm modèn.
Yon antreprenè se yon moun ki pran kontwòl lavi l ak avni l. Koute premye epizod “Money Talks” kote antreprenè “Francky Louis” ap pataje pakou li ak nou, kisa ki motive’l, ki jan li jere, kijan li fè fas ak difikilte … Al Tande’l