village in Mazandaran, Iran
POPULARITY
Nan edisyon espesyal sa a, Carel Pedre resevwa atis WID pou yon konvèsasyon san gad dèyè. Apre yon peryòd silans depi album "Starboy" la, WID tounen pi fò ak yon nouvo pwojè ki rele "Pare".Pandan entèvyou sa a, WID leve vwal sou plizyè pwen enpòtan:- Sante Mantal: Poukisa li te nesesè pou li pran yon poz pou l jere tèt li anvan li tounen nan mizik.Relasyon ak Zinglin: Verite sou depa li, relasyon li ak Enymix (Zenglen), ak fason li te ankouraje lòt moun avanse.- Nouvo EP "Pare": Detay sou kolaborasyon ak Mystique, fason li chwazi travay ak jèn pwodiktè, ak vizyon li pou lavni.- Endistri a ak Medya yo: Eksperyans li ak fason kèk medya te inyore pwojè li yo malgre kalite travay li.WID esplike estrateji li: "Rebalanse pou l Domine". Yon konvèsasyon emosyonèl ak enspiran pou tout fanatik bon mizik ak moun k ap suiv vwayaj solo atis la.Tande nouvo EP a epi swiv WID sou tout rezo yo!
Nan Carel In The Morning, nou resevwa Mimi, kreyatè ki dèyè platfòm popilè "English with Mimi". Mimi pataje avèk nou yon vwayaj ki vrèman kaptivan: soti nan etid li nan Environmental Studies nan FSU ak Emory, rive nan travay li pou gwo òganizasyon, pou l vin tounen youn nan pwofesè kreyòk-anglè yo pi renmen sou Tik Tok ak Instagram.Mimi esplike kijan li te rebondi apre li te fin pèdi travay li pou l kreye pwòp biznis li, metòd inik li sèvi pou l anseye, ak enpòtans pou w "smart" lè w ap aprann yon nouvo lang. Si w vle konnen sekrè dèyè siksè li oswa kijan pou w pèfeksyonne anglè w, entèvyou sa a se pou ou!Nan videyo sa a, w ap jwenn:Kijan Mimi te pase soti nan syans anviwònman pou rive nan ansèyman.Poukisa li chwazi anseye anglè nan yon fason ki "natural" ak pratik.Konsèy sou kijan pou w sèvi ak zouti gratis tankou Google ak YouTube.Enfòmasyon sou kijan pou w anrejistre pou klas prive li yo.
Nan edisyon espesyal sa a sou Chokarella, Carel Pedre resevwa de jèn fanm vanyan, de politològ ki angaje jous nan zo pou avni peyi a: Stéphanie Sophie Louis ak Stéphanie Moïse.Nan yon konvèsasyon pwofon ki touche reyalite jenès la an Ayiti, medam yo analize kriz multidimansyonèl n ap travèse a, men sitou yo pote yon mesaj espwa ak rezistans. Yo pale sou enpòtans pou jèn yo sispann "siviv" pou yo kòmanse "viv", sou nesesite pou gen modèl lidèchip ki serye, ak wòl fanm yo nan chanje vizyon politik peyi a.Si w enterese konprann kijan nou ka bati yon Ayiti 2026 ki pi solid ak yon jenès ki gen konsyans nasyonal, gwo koze sa a se pou ou!Pwen kle nan diskisyon an:Diferans ant rezistans ak rezignasyon.Kijan nou ka evite manipilasyon politik nan pwochen eleksyon yo.Enpòtans fòmasyon ak edikasyon sivil pou jèn yo.Wòl dyaspora a kòm motè devlopman ak envèstisman.Pa bliye abòne ak kanal Chokarella a pou plis kontni konsa!
Carel Pedre resevwa Samy Beatz, yon jèn beatmaker ayisyen k ap revolisyone endistri mizik la depi lakay li an Ayiti. Samy pataje pakou li, soti nan premye fwa li louvri aplikasyon FL Studio pou rive nan kolaborasyon ak gwo mak entènasyonal ak siksè li sou YouTube kote li depase 100,000 abòne.Pandan konvèsasyon sa a, n ap dekouvri:Kijan li rive vann beat nan lemonn antye pandan li baze nan peyi l.Sekrè ki dèyè siksè li sou YouTube ak kijan li bati yon kominote entènasyonal.Eksperyans li kòm asistan pwodiktè nan gwo estidyo Ozetazini tankou Power Station.Konsèy pou jèn k ap kòmanse k ap chèche viv de pasyon yo nan mizik ak teknoloji.Yon videyo ki chaje ak motivasyon pou tout kreyatè kontni ak mizisyen ki vle konnen kijan pou yo itilize entènèt la pou yo rive pi lwen.
Carel Pedre ap resevwa Christ-Tell, yon jèn kreyatè kontni ki gen sèlman 16 an e k ap viv Senmak. Christ-Tell vin tounen yon gwo sansasyon sou rezo sosyal yo gras ak videyo edikatif li yo sou lang kreyòl la ak lòt sijè enteresan.Pandan konvèsasyon sa a, Christelle pataje:Kijan li te kòmanse fè videyo nan mwa septanm 2025.Wòl enpòtan frè li jwe kòm manadjè ak montè videyo li yo.Kijan li rive jere lekòl li ak siksè li sou entènèt.Pwojè li genyen pou lavni, kote li anvizaje etidye syans jiridik.Konsèy li pou lòt jèn ki ta renmen kòmanse kreye kontni tou.Yon bèl egzanp detèminasyon ak entèlijans jèn ayisyen yo!
Nan epizòd sa a, mwen chita ak Patrice Espérant, kreyatè Haitian Vinyl Night, yon evènman ki mete mizik ayisyen nan yon lòt dimansyon. Nou pale: • Poukisa vinyl bay yon lòt santiman • Diferans ant streaming ak eksperyans fizik la • Kijan event la ap chanje fason moun viv mizik • Ki vibe ou ka atann ou
Nan epizòd sa a, Ton Evens pale sou yon verite ki ka chanje lavi ou: anpil moun ap viv, men yo pa avanse.Si ou santi ou fatige, pèdi, oswa ou gen rèv men ou pa janm pran aksyon, mesaj sa a fèt pou ou.Nan podcast sa a, ou pral aprann:- Poukisa disiplin pi enpòtan pase motivasyon- Kijan pou sispann viv nan siviv epi antre nan konstriksyon- Kijan pou pran kontwòl lavi ou etap pa etapPa dòmi sou rèv ou.Paske lavi pa tann pèsonn.
Kijan pou lanse Bisniz nan teknoloji | Dr Stevens Bonhomme
Nan entèvyou sa a, pwodiktè mizik ak analis kiltirèl Elikya Ngoma antre fon nan diskisyon sou mizik Ayiti ak Karayib la. Soti nan konpa, kanaval, rara, soka, rive nan bouyon, li dekri richès kilti nou yo, defi endistri a, epi wòl medya ak kolaborasyon nan fè mizik nou briye pi lwen.Nan videyo sa a w ap dekouvri:
Nan bèl konvèsasyon sa a, chef, otè, ak antreprenè Nadege Fleurimond rakonte pakou li pou mete kilti Ayisyen an an valè atravè manje. Soti nan liv Haiti Uncovered rive nan kreyasyon Haitian Restaurant Week, Nadege montre kijan gastronomi kapab sèvi kòm zouti diplomasi, devlopman biznis, ak fyète nasyonal.Nan videyo sa a, w'ap tande: • Kijan li te ranmase plis pase $70,000 pou pibliye Haiti Uncovered • Kijan li òganize vizit kiltirèl ann Ayiti malgre enstabilite • Kijan li sèvi ak manje kòm pon ant Ayisyen ak rès mond lan • Enpòtans disiplin, pwofesyonalis ak maketing nan biznis Ayisyen • Diferans kominote Ayisyen Florid ak Nouyòk • Lansman liy epis li ak lòt pwojè
Nan konvèsasyon nou jodi a, nou genyen plezi pale ak Guerline Elusme, ki se dirijan ak kreyatris Chic Diann, yon antrepriz soulye k'ap pote yon nouvo souf nan endistri mòd la avèk bèl kalite, konfò ak inovasyon. Li pataje istwa li sou fason li rive fè pasyon li tounen yon biznis k'ap byen mache epi li pataje vizyon li genyen pou Chic Diann. Li kite yon mesaj ankourajan pou jèn antreprenè ayisyen yo: avèk detèminasyon ak anpil travay, ou kapab reyalize rèv ou.
Kijan eleksyon ka rive posib nan kontèks peyi a ye la a ? Ricardo Augustin, doktè nan syans politik, pataje analiz li sou kesyon an nan moman gen anpil enkyetid sou dewoulman pwosesis elektoral yo an Ayiti. Ann koute l nan dènye emisyon AyiboLab sa a !
Nan epizod sa, Francky ki se yon ecrivain, eki fe rechech sou monde mannequinat ap eksplike pou kisa ou panse ou lèd, nou pale de mond "Mode" la, eske Ayiti te janm genyen pwop "Style mode" pa li. Rad Karabela nou genyen yo eske se style pa nou. Kijan li enpotan pou ke nou envesti e bay enpotans ak mond sa e ki jan li ka ede mete Ayiti sou yon lot pant.
MEN KIJAN OU PARET TOUT KO'W by DjNosOfficial
Lekòl toujou nan gwo difikilte pou yo louvri an Ayiti. Nan yon kontèks kote anpil lekòl jounen jodiya tounen abri pwovizwa e anpil moun nan Pòtoprens ap kouri kite kay yo pou bandi, AyiboPost envite yon kad nan Ministè edikasyon nasyonal, ak yon pwofesè sendikalis pou debat sou koze sa.
EP122. Kijan pou mete on pwogram cybersecurity sou pye | Gael Beauboeuf --- Support this podcast: https://podcasters.spotify.com/pod/show/cdojoacademy/support
Epizod 27 sezon 4 Dani Alves fini lan football Tuchel deyo Mbappe lan Real Madrid Pa Gen All Stars Game anko Jordan Poole lan Pool Clipper ka chanpyon --- Support this podcast: https://podcasters.spotify.com/pod/show/jmsports101/support
Epizod 23 sezon 4 RIP Kobe Klopp ap lage pyel Arteta ap lage pyel Mourinho revoke Xavi ap lage pyel touKibò Mbappe ap ye lot sezon? FOR ALL LIVE SOCCER GAMES Download J&M Live onelink.to/3y95ku #jmsports101 #haiti #sports #Laliga #Ligue1 #NBA #Neymar #Messi #Ronaldo #Mbappe #podcast #SportsPodcast #Ayiti #SportsTalkShow #SportsTalkPodcast #JMlive #JMradio #Lakers #RealMadrid #PSG #Kobe #Jordan #ChampionsLeague #UEFA #Europa --- Support this podcast: https://podcasters.spotify.com/pod/show/jmsports101/support
Mwen te kontan gen yon konvèsasyon ak Marckenley Macien, @timetoedit080_official sou Instagram. Li pataje istwa l sou kòman l sòti de 3,000 a 14,000 followers nan 4 mwa sou Instagram. Nan epizod sa nou pale sou: Kòman l te pèdi premye kont Instagram lan? Pwosesis kreyasyon kontni Kijan l rete kreyatif pou l toujou jwenn nouvo ide videyo Zouti pou w kreye kontni Instagram sou Telefòn ou ak plis ankò.... Konekte ak Marckenley sou Instagram: http://www.instagram.com/timetoedit080_official/ Pataje podcast la epi tag mwen sou Instagram story @gaetancasso.
Powèt yo ak romantik yo toujou kleronnen ke lanmou pa konn laj, li pa konn koulè etc…Si nou ka dakò ke kè a chwazi moun li vle nou ka dakò tou ke laj se yon faktè ki enpòtan nan relasyon. Anpil fwa li detèmine dinamik relasyon an.Lè eka a anpil li konn koz anpil stigma paske sosyete a konn wè li ak yon move je. Ki eka ki akseptab? Kijan jijman sosyete a chanje depandaman de sèks moun ki pi gran an?Ki eksperyans pesonèl ti mesye yo? Ki preferans yo?Nap jwenn repons sa yon nan epizòd 18 la. Johalex ak Lhee rete kwè ke nenpòt laj ou genyen an wap jwenn ti moso paw nan ti bat bouch sa a, so ENJOY!
Epizod 14 sezon 4 91 gòl sou on ane eske se vre? Mbappe dwe ale Real ou pa? Eske tèt Pique dwat? Arteta,Xavi, Ten hag sak pi bon? --- Support this podcast: https://podcasters.spotify.com/pod/show/jmsports101/support
Aspè fizik ki gen nan lanmou ak atirans konn pouse de moun ki nan relasyon oubyen ap pale voye foto eksplisit bay lòt, sa yo rele Noud ou Nyoud la ( Nude an anglè).Kisa ki risk ak konsekans nan voye yo?Eske se yon pwoblèm?Kijan ou ka proteje tèt ou?Ou ta renmen konnen? Enben koze mande chèz vin chita nan Tchilaks pou tande plis.
OWASP top 10 |Gael Beauboeuf --- Support this podcast: https://podcasters.spotify.com/pod/show/teknolojik/support
Epizod 3 sezon 4 Eske se pa pi bèl mondyal fans ki sot fet la? Eske Gason a Fi dwe touche menm kantite kob ? Kijan pou football fanm lan kontinye evolye? Espay chanpyon Join this channel to get access to perks: https://www.youtube.com/channel/UCVTStgqIapZJ-A98TgdCzNQ/join FOR ALL LIVE SOCCER GAMES Android: https://play.google.com/store/apps/details?id=com.jmsports101.jmlivesports Iphone: https://apps.apple.com/us/app/j-m-live-sports-schedule-news/id1596908628 #jmsports101 #haiti #sports --- Support this podcast: https://podcasters.spotify.com/pod/show/jmsports101/support
Mwen enregistre episode sa plizyè fwa e malgre tou mwen pa finn satisfè men etan done ke pefeksyon se sa map chache. men mwen pran chans mwen soti epizode sa jodia. Nan epizod sa map pale de Boundaries, Kijan li enpotan pou nou fixer limite nan lavi nou. Limite se yon bagay ki emotan pouw evolye. mwen prezante diferan type de boundaries ki exsiste e kijan nou ka aplike yo na lavi nou. Nou vle raple ke wap jwenn nouvo epizod chak lendi, mercredi ak samedi. Episod nou disponible sou Spotify, apple podcast ou nenpot kotew chwazi tande podcast. Apple podcast: https://podcasts.apple.com/us/podcast/connexion-pam/id1476607028 Spotify: https://open.spotify.com/show/2xiqG9eDRLI4IaPnBU3f40 Google Podcast:https://www.google.com/podcasts?feed=aHR0cHM6Ly9hbmNob3IuZm0vcy9kM2EzYzJjL3BvZGNhc3QvcnNz Ou ka trouve nou tou sou Youtube Pa ezite kite yon review pou nou, fe nou konnen saw panse de podcast la. Si w ta renmen voye yon mesaj direct pou nou ekri nou Email:dailyinventorypodcast@gmail.com Instagram:https://instagram.com/dailyinventorypodcast?igshid=OGQ5ZDc2ODk2ZA== --- Send in a voice message: https://podcasters.spotify.com/pod/show/dailyinventory/message
Kijan pou ou gen STARLINK an Haiti | James Declerus --- Support this podcast: https://podcasters.spotify.com/pod/show/teknolojik/support
Pou yon moun sezi potansyèl li, fòk li dabò enfliyanse tèt li, antouraj li epi anviwonman l. Envite nou se Jean Belony Fortuné Tande Dènye Epizòd Pòdkas Spotify Podcast : https://spoti.fi/3H2oBii Apple Podcast : https://apple.co/3wmHveK Live Youtube : https://bit.ly/3XOztXM Google Podcast : https://bit.ly/3J4Llkm NetAlkole Website - NetAlkoleMedia.com https://bit.ly/m/netalkolemedia 1PAK- Kijan n ka enfliyanse tèt nou ak anviwonman n EPIZOD 5 --- Send in a voice message: https://podcasters.spotify.com/pod/show/netalkole/message
Gen Fanm Ki Pa Renmen Lè Mari l Ap Bat Laponyèt Anvan l Fè Bagay Avèl Anpil fwa gen gason ki bat yon ke laponyèt pou kenbe andirans sekyèl li djanm, anvan l fè bagay ak mennaj li oubyen yon patnè, sèten fi dakò epi pran plezi nan sa, yon lòt bò, kèk lòt pa dakò paske yo pa renmen anbyans laponyèt la. Tande Dènye Epizòd Pòdkas Spotify Podcast : https://spoti.fi/3H2oBii Apple Podcast : https://apple.co/3wmHveK Live Youtube : https://bit.ly/3XOztXM Google Podcast : https://bit.ly/3J4Llkm NetAlkole Website - NetAlkoleMedia.com https://bit.ly/m/netalkolemedia --- Send in a voice message: https://podcasters.spotify.com/pod/show/netalkole/message
Epizod 32 sezon 3 Dumornay lan Lyon Eske nap fè football Haiti vre? Dani Alvès anba Kòd Juventus lan kauri anko?? Eske Tet Rodrygo bon? Kijan on jwè pi fò ke on lòt? Join this channel to get access to perks: https://www.youtube.com/channel/UCVTStgqIapZJ-A98TgdCzNQ/join FOR ALL LIVE SOCCER GAMES Android: https://play.google.com/store/apps/details?id=com.jmsports101.jmlivesports Iphone: https://apps.apple.com/us/app/j-m-live-sports-schedule-news/id1596908628 #jmsports101 #haiti #sports --- Support this podcast: https://anchor.fm/jmsports101/support
EP141. Kijan pou fe on "audit informatique" ? Gael Beauboeuf --- Support this podcast: https://anchor.fm/teknolojik/support
J&M Podcast Sezon 3 EP 21 DJX-Tacy te chita pale ak Jojo Kijan Barca ye? sa kap pase Lakers ak Warriors? Siw vle gade tout match an dirèk pa bliye telechaje J&M Live https://onelink.to/3y95ku #jmsports101 #haiti #sports #soccer #laliga #ballondor #benzema #ronaldo --- Support this podcast: https://anchor.fm/jmsports101/support
Nan epizod sila Antreprenè Lourdy Dumerlus t ap di nou kijan w kapab gen yon biznis sou entènèt la k ap rapòte. --- Send in a voice message: https://podcasters.spotify.com/pod/show/alomika/message
Nan setyèm epizòd la nou te resevwa Lic. Ismael Hyppolite pou te pale de “ Kijan w ka byen itilize Marketing digital nan antrepriz ou” --- Send in a voice message: https://podcasters.spotify.com/pod/show/alomika/message
Clifford Dessables, Digital marketer, Business coach, Kofondatè Saveurs Lakay, li ede antreprenè fè lajan sou entènèt la san yo pa bezwen popilè. Koman Clifford te kòmanse nan digital marketing? Enpòtans leman pou biznis, e kòman nou ka itilize l pou atire kliyan lè n ap fè marketing rezo sosyal? Ki enpòtans storytelling genyen nan biznis, social media marketing? Pi bon fason nou ka vann sou rezo sosyal yo? Kijan pou n kreye yon bon òf maketin? Konekte ak Clifford Dessables Instagram: https://www.instagram.com/cliffdessables/ Twitter: https://twitter.com/cliffdessables Tiktok: https://www.tiktok.com/@cliffdessables Facebook: https://www.facebook.com/cliffdessables/ Website: https://www.grandibiznis.com
Nan sizyèm epizòd la nou te resevwa Antreprenè, PDG “BON MANJE” pou nou te pale de KIJAN OU KAPAB ITILIZE ENTÈNÈT LA POU RANN BIZNIS ou RANTAB --- Send in a voice message: https://podcasters.spotify.com/pod/show/alomika/message
Samuel Sanon se yon pwodiktè mizik ak enjenyè ki baze nan Pòtoprens, Ayiti. Samy te kòmanse amelyore konpetans li nan fè beat an 2011 pandan li t ap etidye sosyoloji. Samy se yon kreyatè kontni tou ki konstwi yon kominote sou Youtube kote li gen plis pase 30,000 abone, plis 1 milyon view. Nan epizod sa, w ap aprann: - Kisa ki te enspire Samuel kòmanse pwodui videyo sou Youtube? - Koman pwosesis la te ye pou l soti de 0 a 30,000 subscribers sou Youtube jounen jodia? - An tèm kreyasyon kontni ak online business ki tchalenj l ap fè fas jounen jodia? - Kijan yon kreyatè kontni ki fenk ap kòmanse ka pwodui bon kalite kontni? - Kòman Samy souvan jwenn nouvo ide kontni pou l ret konsistan? - Kòm kreyatè kontni, kijan Samuel antre kòb/kijan w monetize? - Ki bon rezilta Samuel jwenn pandan pakou li ki te siprann li? - Kijan l fè pwomosyon videyo l yo pou l jwenn plis view sou Youtube, kisa l wè ki mache? Konekte ak Samuel: Instagram: https://www.instagram.com/samybeatz/ Twitter: https://twitter.com/samybeatz Tiktok: https://www.tiktok.com/@samybeatz Youtube: https://www.youtube.com/c/SamyBeatz Website: https://www.samybeatz.com/
Kijan on biznis ka projete done kliyan li yo ? | Fred Ambroise --- Support this podcast: https://anchor.fm/teknolojik/support
Sophia bruny, Kreyatè Teknoloji an Kreyol. Nan epizod nou pale sou: Kote pasyon Sophia gen pou teknoloji a sòti Koman yon kreyatè kontni ka jwenn nich Koman pou kreye yon kominote sou rezo sosyal yo Ki fason w itilize pou w fè pwomosyon videyo Youtube ou yo pou w jwenn plis view, plis moun pou gade videyo w yo? Kijan pou edit videyo w yo, ki zouti pou w itilize? Koman pou w jwenn ide kontni ki fason pou w monetize yon chanèl youtube? Konekte ak Sophia Bruny: Instagram: https://www.instagram.com/teknoloji_an_kreyol/ Twitter: https://twitter.com/Teknolojikreyol Tiktok: https://www.tiktok.com/@tkteknolojiankreyol Youtube: https://www.youtube.com/c/TKTeknolojianKrey%C3%B2l
Envite nou jodia se Auguste Jacquet. Li ede mak ogmante vizibilite medya sosyal yo atravè kontni Customized ki baze sou estrateji adapte pou chak mache sib. Li se yon espesyalis medya sosyal, community manager, ak copywriter. Nan epizod sa nou pale sou: Rezon ki fè biznis dwe envesti nan medya sosyal yo Kijan yon biznis ka grandi prezans li an liy e jwenn nouvo kliyan Enpòtans konsistans Enpòtans piblisite nan estrateji marketing medya sosyal yo Konekte ak Auguste Jacquet
Kijan pou fe on migration vers Office365 ? | Winshelo Saint Louis --- Support this podcast: https://anchor.fm/teknolojik/support
Kijan et ki lajan te soti pou construction Building saa nan Kriswa. Al tande paske se Ulrick menm kap pale empil vérité ap devwale , wap konprann pou tout mansonj sa véritable vérité ap libéré fanmi C . --- Support this podcast: https://anchor.fm/haitianhelpinghands/support
Ep. 60 - Si Yo VLE Podcast - PLAN *ENTÈDI A TIMOUN KI GEN MWENS KE 16 ZAN *INTERDIT AUX MOINS DE 16 ANS Envite nou nan epizòd sa se Dave/Stefan 3:30 - Kesyon pou envite nou an: eske ou se yon bon flannè femèl ? - Question pour notre invitée: êtes-vous un garçon manqué à 100% ? 7:20 - 2e Kesyon pou envite nou an : Kijan ou rive sou medam yo ? - 2e Question pour notre invitée : Quelle est votre tactique de drague ? 34:25 - Denye kesyon pou envite nou an : koman ou reyaji lè moun diw ke wap fè yon metye gason (Chofè moto)? - Dernière question pour notre invitée : Quelle est votre réaction quand les gens disent que vous faites un métier d'homme (Motocycliste) ? ENJOY!!! ----------------------------------------------------------------------------------------------- Mizik ki nan epizòd sa: She's a boy – 3Jes Chofè moto: Sammy Gee feat X-T Rib ----------------------------------------------------------------------------------------------
In a Zoom meeting on 6th January 2021 Kijan and Michael discuss the practice of niṣkāmya karma, bhakti, self-surrender, self-investigation and other aspects of Bhagavan's teachings, during which Michael discusses or refers to the following passages from his writings: ----more---- Upadēśa Undiyār verses 3, 4, 5, 6, 7, 8 and 22 Uḷḷadu Nāṟpadu verses 4, 13, 17, 18 and 26 Śrī Aruṇācala Padigam verse 7 Nāṉ Ār? paragraph 18 This episode can also be watched as a video, 2021-01-06 Kijan and Michael discuss the paths of niṣkāmya karma, bhakti and self-investigation, and a more compressed audio copy in Opus format (which can be listened to in the VLC media player and some other apps) can be downloaded from here.
Ep. 37 - Si Yo VLE Podcast - PLAN *ENTÈDI A TIMOUN KI GEN MWEN KE 16 ZAN *INTERDIT AUX MOINS DE 16 ANS 7:50 - Kijan wap reyaji si mennaj ou mandew pouw bal tout verite sou ou? - Seriez-vous honnête avec votre conjointe si elle vous demande les 4 vérités sur vos aventures ? 38:30 - Eske rezo sosyo yo se yon espas pou moun kache pwoblem reyèl pandan yap pale lot mal ? - Les reseaux sociaux sont-ils un espace pour cacher ses problemes reels en se défoulant sur les autres ? ENJOY!!! ----------------------------------------------------------------------------------------------- Mizik ki nan epizòd sa : - J Beatz ft Gazzman – Pwoteje Ke - Kreyol La - Avwe la verite ----------------------------------------------------------------------------------------------
Ep. 29 - Si Yo VLE Podcast - PLAN *ENTÈDI A TIMOUN KI GEN MWEN KE 16 ZAN *INTERDIT AUX MOINS DE 16 ANS Envite nou nan epizòd sa : Petit Fat 4:49 - Opinion sou mizik Wid la – Kole : Kisa nou panse de yon nèg ki konnen madanm li pye lejè men l reziyel ak sa - Opinion sur la musique de Wid - Kole Que pensez-vous des gens qui acceptent les moeurs légères de leurs conjoints 15: 50 - Dosye kout pitit nan peyi dayiti… - Dossier des enfants qui ne sont pas de leurs pères en Haiti 48:50 - Kijan wap reyaji siw rive kay yon patnèw ou kwaze ak yon èks ou ? - Comment réagiriez-vous si vous rencontrez une ex chez un pote ? ENJOY!!! ----------------------------------------------------------------------------------------------- Mizik ki nan epizòd sa : Wid - Kole Jude Jean feat Kiko - Lanmou marem Carimi - Pitit sa pa pou mwen ----------------------------------------------------------------------------------------------
Topics Family/Culture - Haitians on "The Talk" Politics- Haiti and vaccines Music- Drugs and the music industry R.I.P. DMX JCole & Kodak Black, Nicki Minaj New album reviews Movies & T.V.- Mortal Kombat Review Food healthy eating- How to cook Diri ak djon djon (Haitian Black Rice) Sijè Fanmi / Kilti - Ayisyen sou "Pale a" Politik- Ayiti ak vaksen Mizik- Dwòg ak endistri mizik RIP DMX JCole & Kodak Nwa, Nicki Minaj Nouvo albòm revize Sinema & T.V.- Revizyon o! Konba Manje manje ki bon pou sante- Kijan pou kwit manje Diri ak djon djon (diri nwa ayisyen) --- This episode is sponsored by · Anchor: The easiest way to make a podcast. https://anchor.fm/app --- Send in a voice message: https://anchor.fm/cafe-pain/message Support this podcast: https://anchor.fm/cafe-pain/support
Ep. 15 - Si Yo VLE Podcast – PLAN *ENTÈDI A TIMOUN KI GEN MWENS KE 16 ZAN *INTERDIT AUX MOINS DE 16 ANS Intro: (3:05) -Yon ti rapèl sou fòma emisyon an -Rappel sur le format de l'émission. 1: (7:00) -Kijan pou on moun pale kreyòl nòmalman pou sosyete a pa di w « vilgè » ? -Comment parler le créole correctement sans paraitre vulgaire ? 2: (24:00) -Eske jenès la bay maryaj menm enpòtans ak tan lontan yo ? -Quelle est l'importance du mariage pour les jeunes de nos jours ? 3: (48:00) -A kiyès ou pale le w gen pwoblèm sikolojik ? Problème psychologique. A qui parler? ENJOY!!! ----------------------------------------------------------------------------------------------- Mizik ki nan epizòd sa : Toto Nesesite - Ti Pouchon -------------------------------------------------------------------------------------------------
Nan Podcast sa Nou gen Envite Trè Spesyal, Li te pale de Relasyon Pèsonel li, Li te bay konsey sou Kijan pou nou Jere Konfli nou, E li te pale de Eksperyans li tou.
Nan Epizòd sa nou te genyen 2 envite, Ryan Joseph ak Sephorah Joseph. Nou chak te pale de Kijan nou gere konfli nan Relasyon nou, Nou te bay konsey, E partage Eksperyans nou.
Nan Epizòd sa nou di ki kesyon pou'w reponn nan Plan biznis lan, Pou Plan Biznis ou an ka reyisi plis.