Espas Maketing

Follow Espas Maketing
Share on
Copy link to clipboard

Jounen jodi a entènèt rantre nan kè maketing lan e nan kèlkeswa domèn ou ye a ou dwe byen itilize l si w vle pozisyone w kòm premye chwa kliyan yo. Ou ta renmen konn kijan pou w itilize zouti maketing nimerik la pou w devlope yon mak ki fò pou biznis, pw

Aprann Digital Marketing (ADM)


    • Jun 6, 2022 LATEST EPISODE
    • infrequent NEW EPISODES
    • 26m AVG DURATION
    • 14 EPISODES


    Search for episodes from Espas Maketing with a specific topic:

    Latest episodes from Espas Maketing

    METAVERSE vs REYALITE VITYEL vs REYALITE OGMANTE (Byenvini nan nouvo mond web 3.0 a)

    Play Episode Listen Later Jun 6, 2022 47:05


    Depi ane pase tout kote se yon sèl bagay k ap pale "Metaverse". Se nan menm moman sa tou konsèp reyalite vityèl ak reyalite ogmante a vin pi alamòd. Pou anpil moun teknoloji sa yo pral louvri pòt sou yon nouvo mond pandan gen lòt ki pa menm konn kisa mo sa vle di. Si w fè pati de dezyèm gwoup la, podkas sa se pou OU. Byenvini nan yon lòt epizòd podkas ESPAS MAKETING ! Nan epizòd sila nou gen avèk nou Karlex Dominique Boursiquot, Analis pwogramè epi kodirektè Tainos Visual Art. Dominique pataje konesans ak eksperyans li nan domèn lan, e gras ak sa nou rive konn kèk bagay tankou : - Kisa ni metaverse ni reyalite vityèl ak ogmante a ye, - Ki benefis yo pote, - Kijan nou ka itilize yo - Kijan sa ka ede n an Ayiti - Elatriye... N ap envite w tande emisyon an kounya e pa bliye pataje l nan kominote w si w satisfè de li. --- Support this podcast: https://anchor.fm/espasmaketing/support

    Konprann evolisyon maketing nimerik a travè tan an

    Play Episode Listen Later May 30, 2022 17:27


    Sa fè yon bon moman depi tout moun ap kleyonnen yon sèl bagay "MAKETING NIMERIK, MAKETING DIJITAL". Sa ka rive jiskaprezan ou poko janm konn kisa l ye, ki kote l soti e menm ki kote l prale. Se pou sa menm nan epizòd sa nou pote kèk rechèch pou ou k ap ede w konprann domèn sa pi byen. Lè w fin tande epizòd sa w ap tou aprann : • Definisyon konsèp la ak diferan zouti li gen ladan • Wòl li ak enpòtans li nan biznis • Istwa kote l soti ak moman enpòtan yo • Kèk tandans ki pral enfliyanse l nan jou k ap vini yo. N ap swete w bon ekout e pa bliye pataje podkas la si w renmen sa w tande a

    Teaser

    Play Episode Listen Later May 25, 2022 0:50


    Mwen se Kims Beljean, e m ap di w byenvini nan espas maketing, yon podkas k ap ede w elaji konesans ou nan mond nimerik lan e dekouvri tout bèl bagay ki kache ladan l. nan 3èm sezon ESPAS MAKETING w ap jwenn : 1- Anpil bèl pèsonalite ki pral ede n rete "Up to date" nan domèn maketing, kreyasyon mak ak biznis an liy, 2- Bèl deba sou plizyè sijè modèn, inovan, 3- Teknik ak strateji k ap pèmèt ou fè siksè nan domèn nou sot site yo. Espas maketing disponib sou tout platfòm podkas yo, kidonk depi kounya al abòne w ak nou epi branche chak samdi a 5è nan laprèmidi pou w tande anpil bèl sijè e sitou jwenn teknik ak strateji k ap ede w reyisi ak pwojè w yo. Se espas pa w, espas pa n, ann eksplore l ansanm ! --- Support this podcast: https://anchor.fm/espasmaketing/support

    Itilize entènèt la pou w vann konpetans ou kòm freelancer

    Play Episode Listen Later Aug 1, 2021 39:52


    Nan epizòd sa nou resevwa Jude Pierre Louis (Judd Point Barre) ki pataje anpil konsèy sou kijan yon jèn ayisyen ka itilize entènèt la pou vann konpetans li. Menmsi w pa gen biznis, ou pa gen pwodui pou vann, ou ka toujou fe siksè nan mond nimerik la, ou ka yon FREELANCER pwofesyonèl. Judd pale de pakou l nan domèn nan ak anpil teknik tankou :  • Kijan pou w lanse w, • Ki platfòm pou w vize, • Ki zouti pou w itilize, Ak lòt ankò. Tande emisyon an kounya epi pa bliye ADM la pou ede w metrize maketing nimerik la, rejwenn nou : https://linktr.ee/apranndigitalmarketing --- Support this podcast: https://anchor.fm/espasmaketing/support

    Kreye bon jan kontni sou instagram ak Luc Dufresne

    Play Episode Listen Later Jun 14, 2021 54:35


    Jean Luc Dufresne se yon jèn kreyatè kontni ki etidye Kominikasyon ak relasyon piblik e ki gen kòm objektif ede antrepriz ak patikiliye gen yon prezans rantab sou rezo sosyal yo. Nan epizòd sa, Luc (SeJanlik) pataje anpil nan teknik ak strateji li itilize pou fè maketing sou Instagram. Li pale de tout kalite kontni k ap mache, enpòtans content writing nan instagram marketing, metòd planifikasyon, kreyasyon ak pataj kontni sou platfòm nan e li pataje kèk zouti ki ka ede jèn yon nan sans sa.  Nan nimewo sa, w ap jwenn epizòd konplè a e nou divize l an plizyè ti pati pou w kapab aprann etap pa etap, nan rit pa w. Tande l kounya, pataje l epi pa bliye rejwenn kominote ADM nan pou w metrize maketing nimerik kòmsadwa. https://linktr.ee/apranndigitalmarketing --- Support this podcast: https://anchor.fm/espasmaketing/support

    MAILCHIMP, youn nan pi bon zouti pou w fè maketing pa imèl

    Play Episode Listen Later May 23, 2021 34:40


    Malgre evolisyon rezo sosyal yo, imèl toujou rete youn nan pi bon zouti pou w fè maketing. Li ba w posiblite kreye yon lyen pèsonèl ak kliyan w yo e menm devlope yon relasyon kote w toujou pi pre yo. Nan epizòd sa n ap envite w fè konesans ak Sarah Bureau yon jèn ki spesyalize nan domèn nan. Sarah pral montre w avantaj "Email marketing" genyen e l ap pale de youn nan pi gwo zouti ou sipoze ka metrize si w vle fè siksè nan aktivite sa MAILCHIMP. Si w vle kreye yon relasyon ak kliyan w yo, fè yon kanpay imèl, epizòd sa se pou menm. Tande l kounya, pataje l nan kominote w e pa bliye bannou feedback sou li

    Kreye bon kontni videyo pou byen reprezante mak ou

    Play Episode Listen Later May 16, 2021 35:47


    Byenvini nan edisyon spesyal Aprann Maketing Nimerik la. Nan epizòd sa, nou te fè yon chita pale ak Anthony Saint-Clair AKA Tony Tuch (fotograf, videyograf) sou kijan yon moun ka kreye bon kontni videyo ki byen reprezante l sou entènèt la. Si w se yon kreyatè vlog oubyen ou vle pwodui kontni videyo pou kreyasyon w, pwodui w oubyen sèvis ou koute nimewo sa kote Tony ap ba w konsèy ak teknik e sitou plizyè aplikasyon ak lojisyèl ou ka itilize pou atenn objektif sa. --- Support this podcast: https://anchor.fm/espasmaketing/support

    Enpòtans ak wòl branding nan pwojè w

    Play Episode Listen Later May 2, 2021 33:40


    Nan epizòd sa nou pale de evolisyon kreyasyon mak nan mond biznis lan.  Nou pataje anpil teknik ak strateji e w ap jwenn yon ansanm etap pou w kreye yon mak ki fò sou mache a.  Antreprenè, pwofesyonèl nan kèlkeswa domèn lan, kreyatè, atis tout moun sipoze travay brand yo.  Si w ap antreprann yon inisyativ nan moman an, mwen konseye w tande epizòd sa, l ap ede w anpil.  Pa bliye suiv nou epi rantre an kontak avèk nou si w bezwen èd ak sipò --- Support this podcast: https://anchor.fm/espasmaketing/support

    Aprann maketing nimerik Sezon 2 TRAILER

    Play Episode Listen Later May 2, 2021 0:59


    Jounen jodi a entènèt rantre nan kè maketing lan. Mache a gen anpil konkirans e nan kèlkeswa domèn ou ye a ou sipoze ka demake w epi byen pozisyone w pou w parèt kòm premye chwa kliyan yo. Ou vle konn kijan pou w itilize zouti maketing nimerik la pou w devlope yon mak ki fò pou biznis ou, pwojè w menm pou tèt ou? Koute APRANN MAKETING NIMERIK ! Se premye podkas ayisyen ki fokis sou maketing, kreyasyon mak ak biznis an liy. Chak dimanch nou reyini pou pataje teknik, konsèy ak strateji k ap pèmèt ou fè siksè nan domèn nan. Emisyon sa se yon inisyativ ADM yon platfòm coaching ak fòmasyon nan sektè maketing lan. Koute nou sou tout platfòm yo. --- Support this podcast: https://anchor.fm/espasmaketing/support

    4 etap pou w kreye bon kontni k ap rale kliyan sou ou

    Play Episode Listen Later Nov 15, 2020 18:21


    Epizod sa se premye leson n ap bay sou maketing kontni. Koute l pou w ka gen yon ide de kisa ki Content Marketing lan, ki itilite l nan biznis ou e kijan ou ka kreye yon bon strateji kontni k ap fe w fe sikse sou net la. --- Support this podcast: https://anchor.fm/espasmaketing/support

    4 wòl rezo sosyal yo jwe nan yon strateji dijital (Edisyon spesyal)

    Play Episode Listen Later Nov 1, 2020 27:07


    Nan yon entèvyou ak Gaetan Casséus nan emisyon Maketing rezo sosyal, mwen te pale de : 1. Enpòtans rezo yo jwe nan maketing pou biznis 2. 4 wòl yo jwe nan strateji maketing dijital 3. teknik pou byen devlope yon maketing sou rezo yo. --- Support this podcast: https://anchor.fm/espasmaketing/support

    Teknik pou w kreye yon bon kanpay imèl.

    Play Episode Listen Later Oct 25, 2020 14:46


    Nan epizòd sa nou pale de maketing pa imèl yon zouti tout moun te panse ki mouri men ki fè yon bèl remonte pandan dènye tan sa yo. Nou wè itilite l e nou aprann kèk teknik pou kreye yon kanpay imèl k ap pèmèt ou atenn objektif maketing ou. Tande l kounya! --- Support this podcast: https://anchor.fm/espasmaketing/support

    Teknik pou w kreyon yon bon strateji maketing rezo sosyal.

    Play Episode Listen Later Oct 4, 2020 28:08


    Nan epizòd sa nou te ansanm Gaëtan Casséus, yon spesyalis nan maketing sou rezo sosyal. Li t ap pale nou de tout teknik ak strateji ki ka pèmèt yon moun reyisi maketing li sou rezo yo. --- Support this podcast: https://anchor.fm/espasmaketing/support

    2. Aprann 6 teknik pou optimize strateji SEO w

    Play Episode Listen Later Aug 26, 2020 19:18


    Nan epizòd sa nou pale de enpòtans kreyasyon sit wèb nan yon strateji dijital, 2 zouti enpòtan SEO ak SEA e nou prezante 6 teknik pou optimize yon strateji SEO. --- Support this podcast: https://anchor.fm/espasmaketing/support

    Claim Espas Maketing

    In order to claim this podcast we'll send an email to with a verification link. Simply click the link and you will be able to edit tags, request a refresh, and other features to take control of your podcast page!

    Claim Cancel