Nan "podcast" sa a, n ap pale de anime ak tout bagay ki gen pou wè ak mond anime a. "Podcast" sa a ap fèt an Kreyòl Ayisyen, paske youn nan misyon li, se pou moun ki gade e renmen anime an Ayiti jwenn yon platfòm pou pale e diskite de sa. Pou kontak otakutokpodcast@gmail.com
Nan epizòd sa, n ap pale de tounwa nan anime, poukisa otè yo itilize tounwa, kisa ki enteresan ladan yo, ak ki enplikasyon yo pote.
Apre plis pase yon lane poz, Otakutòk retounen ak yon nouvo epizòd kote n ap fè diskisyon sou diferans, avantaj ak dezavantaj anime ki long yo epi anime ki kout yo genyen.
Epizòd jodi a, ap pale de èske yon moun dakò yo rakonte l sa ki pral pase nan yon istwa avan ke li wè li li menm.
Trè souvan nan mond anime ak manga, nou tande pale de "Big 3" a. Jodi a nou pral pale de kisa ki "Big 3", e kisa yo reprezante nan mond anime ak manga a.
Anpil fwa pou otè yo ka fè istwa a vanse, e devlope pésonaj yo, yo konn itilize fòmil "rivalite" a. Kote yon pèsonaj toujou an konpetisyon ak yon lòt. Eben nan epizòd sa a, m ap pale de top 5 rivalite nan anime.
Sa se yon ti top kote mwen pale e dekri "arc" mwen prefere nan anime.
Nou menm antan ke Ayisyen e moun nwa, ki enpòtans reprezantasyon an ka genyen pou nou, epi èske moun nwa byen reprezante nan Anime ?
Apre ke m ap remake ke gen anpil toksisite nan pami Otaku yo, nan epizòd sa, mwen deside pale de kisa ki fè yon moun yon vrè Otaku oubyen yon "fake"
Nan epizòd jodi a, nou gen kòm envite Mathieu ki retounen ankò pou sezon sa. E nou pral pale de enpòtans puisans nan yon istwa, e kisa puisans pèsonaj yo reprezante.
Nou konnen ke mwen renmen e gade anpil anime, men nou konnen ke li enposib pou mwen ta gade tout anime. Alò men yon lis anime ki popilè ke mwen pako janm gade.
Nou tout nou renmen e gade anime, men dèfwa èske nou pa poze tèt nou kesyon sou ki mòd moun ki gade anime a reyalite. Eben jodi a n ap eseye analize e eseye jwenn yon repons a kesyon sa.
Mwen te fè li deja, e mwen refè li ankò. Sa se yon ti lis anime mwen panse tout moun ki renmen anime ta sipoze gade.
Nou konnen nan Anime gen plizyè tip pèsonaj ki itilize plizyè tip pouvwa, eben nan epizòd sa, n ap fokis sou pèsonaj ki itilize elektrisite.
Nou toujou tande pale de Cartoon (ti komik) ak Anime. Anpil moun pran yo pou menm bagay la, eben nan epizòd sa, nou pral eseye wè ansanm ki diferans ki genyen ant yo 2 a.
Sè dènye tan gen anpil nouvo moun ki ap gade anime ki pat konn fè sa lontan. N ap eseye wè ansanm poukisa, e kisa sa enplike.
Gen yon sibdivizyon nan anime ki rele Isekai, e jodi a m ap pale nou de top 5 Isekai dapre mwen.
Anpil nan nou ki gade anime toujou gen yo pèsonaj ki badass ke nou renmen. Swa pou stil li, ou jan li aji. Eben epizòd sila a, n ap pale nou de top 5 pèsonaj ki pi badass dapre mwen.
Mond anime a ranpli ak gason, ase souvan pèsonaj prensipal yo se gason. Gen moun ki di ke pèsonaj feminen yo pa byen reprezante nan anime, eben nan epizòd sa nou pral fè yon ti pale sou reprezantasyon fi nan mond anime a.
Nou renmen gade anime, bèl animasyon ak bèl aksyon. Men sa konn rive istwa nou gade an anime yo, nou konn anvi wè yo nan sinema, kote se vre moun k ap jwe pèsonaj yo. Nan epizòd sa, nou pral pale de adaptasyon anime nan sinema, èske se yon bon lide ? èske yo bon ? èske yo pa bon ?
Nan epizòd sa nou pale de Naruto (anime ak manga). E nou gen avèk nou yon envite, ki se Mathieu. Ansanm nou pral pale de sa nou renmen e pa renmen nan Naruto. N ap avèti nou ke nan epizòd sa ap gen anpil SPOILER.
Tout moun ki gad anime konn klasik yo, tankou Naruto, Dragonball etc... Eben nan epizòd sa, m ap rekòmande nou 5 anime ke moun pa twò konnen, men ke mwen panse tout moun ta sipoze gade.
Nou tout renmen bèl aksyon, bèl goumen, ak bèl istwa nan anime, men dèfwa nou konn bliye mete atansyon sou pwoblèm politik ak sosyete nan anime yo. Jodi a m ap fè ti diskisyon an pou nou wè kijan yo konn devlope, e rapò yo konn genyen ak mond pa nou an.
Nou toujou renmen wè kijan yon pèsonaj fò kijan li puisan. Konsa tou, nou renmen wè lè y ap itilize lòt fòs yo ki se entèlijans yo. Eben jodi a nou pral gade ansanm top 5 pèsonaj ki pi entèlijan nan anime.
Tout moun toujou renmen pèsonaj prensipal nan anime, se yo ki figi istwa a e se yo n ap suiv pandan tout tan istwa a ap dewoule. Men pèsonaj segondè ki antoure pèsonaj prensipal la, anpil fwa konn pi enteresan a suiv. Jodi a nou pral eseye analize poukisa.
Pou epizòd jodi a m ap pale de kalite animasyon nan anime ak ki enpak sa ka genyen sou istwa a.
Nan epizòd sa, m ap pale de pi bon epeyis ki egziste nan anime dapre mwen. Ki stil yo, e poukisa mwen plase yo nan pozisyon ke yo ye a.
Nan chak anime gen yon sistèm pouvwa ki etabli, e se sistèm pouvwa sa yo ki endike kijan ewo nou yo itilize pouvwa yo. Nan epizòd sa, m ap pale de top 5 sistèm pouvwa ke mwen pi pito, e poukisa mwen twouve yo enteresan.
Pou premye fwa nan Otakutòk mwen gen yon envite avèk mwen ki se yon lòt tizè anime ki se Matthieu. N ap pale de kategori anime ki se spò, ki atraksyon sa genyen poukisa nou renmen l. E nou chak fè ti top 5 nou de anime spò nou pi pito..
Nan epizòd semèn sa m ap pale nou de kategori anime ke yo rele Seinen. Ki karakteristik yon seinen ? Kimoun ki ka gade seinen. Epi yon top 5 de seinen prefere m.
N ap fè yon ti diskisyon sou diferans ki genyen ant manga ak anime, e ki enterè ki genyen nan suiv yo chak la.
M ap pale nou jodi a de mechan nan anime. Kisa yon mechan reprezante ? Kisa ki fè yon mechan enteresan ? Epi m ap prezante nou top 5 mechan nan anime dapre mwen.
Nan epizòd jodi a, m ap pale de top 6 anime ke mwen pito, nan sa ki pi resan yo, de 2019 a jodi a.
Nan epizòd jodi a, m ap fè yon ti rale mennen vini sou diferans ki genyen ant vèsyon orijinal soutitre yo (Subs) ak vèsyon ki double yo (Dubs). Kilès ki pi bon, a kilès mwen prefere.
Nan epizòd jodi a, mwen ap pale de ki anime yon moun ki pa janm gade sa ta dwe kòmanse. Mwen fè yon lis 6 anime ki ta ka sèvi yon bon entwodiksyon a mond sa.
Sa se premye epizòd Otakutòk, jodi a m ap pale de kisa "podcast" sa a ye, de kisa mwen pral pale ladann. Eksplike pasyon mwen pou sa ki rele anime.