Mentalitude

Follow Mentalitude
Share on
Copy link to clipboard

Bienvenue sur Mentalitude, un Podcast sur la santé mentale, un espace dédié à des thématiques psychologiques, pour un meilleur épanouissement émotionnel de l'homme. Support this podcast: https://anchor.fm/osman-j351r364me/support

Mentalitude


    • Mar 30, 2025 LATEST EPISODE
    • monthly NEW EPISODES
    • 20m AVG DURATION
    • 152 EPISODES


    Search for episodes from Mentalitude with a specific topic:

    Latest episodes from Mentalitude

    Kiltive rezilyans pou ranfòse sante mantal ou

    Play Episode Listen Later Mar 30, 2025 16:55


    Rezilyans fè referans ak yon ansanm konpòtman, panse ak aksyon ou kapab aprann epi devlope pandan w ap viv, ki ba ou abilite pou fè fas ak moman difisil yo. Men, rezilyans ale pi lwen pase yon senp kesyon adaptasyon. Li ka yon faktè enpòtan nan byennèt emosyonèl ou.

    Konpasyon pou pwòp tèt ou, yon alye pou beynnèt ou

    Play Episode Listen Later Mar 23, 2025 16:12


    Konpasyon pou pwòp tèt ou, se yon fòm entelijans emosyonèl ki pèmèt ou rive trete tèt ou ak menm lanmou, pasyans ak respè menm jan ou t ap fè l pou yon pwòch ou ki nan yon moman difisil, olye pou jije epi kondane tèt ou, pafwa ak rigè ki pa nesesè. 

    Enpak emosyonèl vin papa genyen nan lavi mesye yo

    Play Episode Listen Later Mar 2, 2025 62:27


    Vin papa, sitou pou premye fwa, se yon avanti emosyonèl enteresan, men ki konn vini ak ensètitid tou. Sitou lè kondisyon yo pa reyini. Soti nan gwosès manman an, pase nan nesans timoun nan, rive nan lè l ap grandi, wòl papa a konn gen gwo enpak sou lavi sikolojik mesye yo. Nan epizòd MANTALITID sa, 4 envite ap pale de eskperyans pèsonèl yo.

    5 prensip fondamantal Sikoloji Pozitif pou viv pi byen

    Play Episode Listen Later Feb 23, 2025 18:45


    Sikoloji Pozitif se yon branch nan sikoloji ki konsantre l sou tout aspè favorab ki ka amelyore eksperyans n ap fè kòm moun.  Kontrèman ak divès lòt branch nan sikoloji, ki plia chita sou trete twoub mantal ak patoloji yo, demach sikoloji pozitif la se ankouraje tout sa ki ka kontribye nan fè nou menmmen yon vi ki pi sinifikatif.

    Sante mantal : yon aspè enpòtan nan pèfòmans yon atlèt

    Play Episode Listen Later Feb 16, 2025 29:32


    Sante mantal se yon eleman esansyèl nan byennèt jeneral nenpòt moun nan. Nan ka patikilye yon atlèt ki souvan ap fè fas ak divès egzijans disiplin espòtif yo mande, yon bon preparasyon mantal endispansab nan pèfòmans atlèt yo. Nan epizòd MANTALITID sa, Sikològ Frandy Pierre-Louis ap bay plis detay sou sa.

    DEPRESYON (tantativ swisid) : eksperyans Max Junior Raymond

    Play Episode Listen Later Aug 25, 2024 32:17


    Ant laj 14 ak 16 ane, Max Junior Raymond ki t ap fè fas ak DEPRESYON fè 2 tantativ pou mete fen ak lavi l. Nan epizòd MANTALITID sa, nou eseye gade ki sa ki te sous detrès emosyonèl sa, kòman eksperyans sa make lavi li elatriye.  --- Support this podcast: https://podcasters.spotify.com/pod/show/osman-j351r364me/support

    Prevansyon SWISID kay jèn yo

    Play Episode Listen Later Apr 7, 2024 18:33


    Daprè OMS, anviwon 800 mil moun touye tèt yo chak ane. Aprè aksidan machin, SWISID see dezyèm koz lanmò nan mitan jèn ki soti nan laj soti 15 pou rive 29 lane. Nan epizòd MANTALITID sa, nou pale sou kòman ou ka ede nan prevansyon kont SWISID ki se yon pwoblematik sante piblik, sitou nan mitan adolesan yo. --- Send in a voice message: https://podcasters.spotify.com/pod/show/osman-j351r364me/message Support this podcast: https://podcasters.spotify.com/pod/show/osman-j351r364me/support

    Enpak chatiman kòporèl sou devlopman sikolojik timoun yo

    Play Episode Listen Later Mar 31, 2024 21:20


    Daprè estatistik OMS soti an 2021, anviwon 60% timoun ki gen laj ant dezan ak katòzan, sibi regilyèman chatiman kòporèl ; yon metòd edikatif ki ka gen gwo enpak sou devloman sikosyol timoun yo pandan y ap grandi e menm lè yo vin granmoun. --- Send in a voice message: https://podcasters.spotify.com/pod/show/osman-j351r364me/message Support this podcast: https://podcasters.spotify.com/pod/show/osman-j351r364me/support

    Twoub Pèsonalite Paranoya

    Play Episode Listen Later Feb 18, 2024 14:32


    Twoub Pèsonalite Paranoya karakterize pa yon mefyans eksesif, kote yon moun toujou ap nouri lide lòt moun (etranje tankou moun ki nan antouraj li) ap pèsekite l, rayi l, twonpe l, eksplwate l, monte konplo kont li elatriye, san li pa gen prèv pou sa. Sa ka trennen soufrans lakay epi epi deranje rapò l ak lòt moun.  --- Send in a voice message: https://podcasters.spotify.com/pod/show/osman-j351r364me/message Support this podcast: https://podcasters.spotify.com/pod/show/osman-j351r364me/support

    Rezon sikoljik pou pa espere anyen de lòt moun

    Play Episode Listen Later Feb 4, 2024 14:06


    Relasyon nou ak lòt moun enpòtan pou asire sekirite afektif ak emosyonèl nou. Li enpòtan lè n gen yon moun nou ka konte sou sipò li lè sa nesesè. Men, lè atant ak ekspektativ yo twò wo, desepsyon ak fristrasyon an pa lwen. E sa pa p ede ni nan byennèt emosyonèl ou, ni nan rapò w ak lòt moun. --- Send in a voice message: https://podcasters.spotify.com/pod/show/osman-j351r364me/message Support this podcast: https://podcasters.spotify.com/pod/show/osman-j351r364me/support

    Benefis sikoterapi pou sante mantal

    Play Episode Listen Later Jan 21, 2024 20:35


    Eta depresif, anksyete, estrès kwonik, twoma, sousi tout kalte [...], divès koz ka mennen yon moun fè sikoterapi, yon fòm tretman yo itilize nan domèn sante mantal, non sèlman pou ede yon moun ak yon pwoblèm imedya, men tou jwenn kapasite pou pi byen fè fas ak sityasyon yo. --- Send in a voice message: https://podcasters.spotify.com/pod/show/osman-j351r364me/message Support this podcast: https://podcasters.spotify.com/pod/show/osman-j351r364me/support

    Kòman pou pi byen bati ESTABILITE emosyonèl ou ?

    Play Episode Listen Later Jan 14, 2024 17:45


    Estabilite emosyonèl fè referans ak kapasite yon moun genyen pou jere ansanm emosyon li yo de fason pozitif. Sa ki pèmèt li kapab kenbe yon atitid ekilibre nan sityasyon ki ka parèt difisil yo epi adapte l ak nouvo chanjman. --- Send in a voice message: https://podcasters.spotify.com/pod/show/osman-j351r364me/message Support this podcast: https://podcasters.spotify.com/pod/show/osman-j351r364me/support

    Rezime ane 2023

    Play Episode Listen Later Dec 24, 2023 17:31


    Dènye epizòd MANTALITID pou ane a se yon edisyon espesyal. Nan epizòd sa, nou prezante yon ekstrè sou entèvansyon divès envite te fè nan podkas la, sou tematik ki gen rapò ak sante mantal, byennèt emosyonèl moun de fason jeneral. --- Send in a voice message: https://podcasters.spotify.com/pod/show/osman-j351r364me/message Support this podcast: https://podcasters.spotify.com/pod/show/osman-j351r364me/support

    Doulè emosyonèl

    Play Episode Listen Later Dec 17, 2023 16:42


    Doulè emosyonèl se yon sikatris sichik ki ka trennen gwo soufrans sikoljik nan lavi yon moun. Lè li dire, konsekans yo kapab pwovoke chanjman negatif nan prèske tout aspè lavi moun sa, sitou sou byennèt mantal li. --- Send in a voice message: https://podcasters.spotify.com/pod/show/osman-j351r364me/message Support this podcast: https://podcasters.spotify.com/pod/show/osman-j351r364me/support

    doul
    Benefis jwèt yo nan devlopman sikoljik yon timoun

    Play Episode Listen Later Dec 3, 2023 18:39


    Anplis aspè divètisman an, jwèt yo ede timoun yo byen devlope divès abilite (kognitif, fizik, entelektyèl, emosyonèl, sosyal) yo genyen. Jwèt yo ki gen divès karakteristik ak diferan fòm, reprezante yon pilye nan devlopman sikoljik timoun yo. --- Send in a voice message: https://podcasters.spotify.com/pod/show/osman-j351r364me/message Support this podcast: https://podcasters.spotify.com/pod/show/osman-j351r364me/support

    LASYANS : 7 abitid ki rann moun « heureux »

    Play Episode Listen Later Nov 26, 2023 17:08


    Pa gen pratik ak resèt inivèsèl pou tout moun viv « heureux ». Viv nan « bonheur » kapab depann de chak moun. Sepandan, daprè rezilta divès etid syantifik, gen kèk abitid ki kapab ede nan rann yon moun « heureux ». --- Send in a voice message: https://podcasters.spotify.com/pod/show/osman-j351r364me/message Support this podcast: https://podcasters.spotify.com/pod/show/osman-j351r364me/support

    Chomaj : yon gwo ènmi pou sante mantal

    Play Episode Listen Later Nov 19, 2023 16:01


    Lè yon moun ap travay, mete sou aspè ekonomik la, sa pote yon sansasyon byennèt ak estabilite (emosyonèl, familyal, sosyal). Donk, chomaj kapab deklannche yon seri sentom sikoljik nan vi moun nan, ki ka afekte nivo sante mantal li. --- Send in a voice message: https://podcasters.spotify.com/pod/show/osman-j351r364me/message Support this podcast: https://podcasters.spotify.com/pod/show/osman-j351r364me/support

    Ki enpòtans REZILYANS nan sante mantal?

    Play Episode Listen Later Nov 12, 2023 17:20


    Rezilyans fè referans ak pwosesis epi rezilta pou yon moun rive adapte l ak siksè fas ak eksperyans difisil epi defi lavi a, espesyalman gras ak fleksibilite mantal, emosyonèl ak konpòtman li afiche nan advèsite yo. Men, ki enpòtans li nan sante mantal yon moun? --- Send in a voice message: https://podcasters.spotify.com/pod/show/osman-j351r364me/message Support this podcast: https://podcasters.spotify.com/pod/show/osman-j351r364me/support

    7 kesyon fondamantal sou SWISID

    Play Episode Listen Later Sep 17, 2023 18:18


    Mwa septanm se mwa prevansyon kont SWISID. Pou prevansyon sa rive reyèlman efektif, gen enfòmasyon enpòtan ou dwe konnen sou SWISID. Nan epizòd MANTALITID sa, w ap jwenn repons a 7 kesyon san dout ou konn poze tèt ou sou SWISID. --- Send in a voice message: https://podcasters.spotify.com/pod/show/osman-j351r364me/message Support this podcast: https://podcasters.spotify.com/pod/show/osman-j351r364me/support

    10 kesyon esansyèl sou oryantasyon seksyèl

    Play Episode Listen Later Sep 3, 2023 17:06


    Oryantasyon seksyèl se yon atraksyon emosyonèl, ewotik, seksyèl oswa afektif yon moun genyen pou yon lòt moun ki dire a travè tan an. Nan epizòd MANTALITID sa, nou pote repons ak 10 kesyon esansyèl ki ka ede w konprann pi byen oryantasyon seksyèl moun. --- Send in a voice message: https://podcasters.spotify.com/pod/show/osman-j351r364me/message Support this podcast: https://podcasters.spotify.com/pod/show/osman-j351r364me/support

    Kòman ou ka modifye ABITID negatif yo ?

    Play Episode Listen Later Aug 27, 2023 13:19


    Si abitid pozitif yo kapab rann ou pi pwodiktif oubyen amelyore kalite lavi w, ebyen sa ki negatif yo kapab yon antrav pou byennèt ak devlopman pèsonèl ou. Donk, li enpòtan pou elimine yo. --- Send in a voice message: https://podcasters.spotify.com/pod/show/osman-j351r364me/message Support this podcast: https://podcasters.spotify.com/pod/show/osman-j351r364me/support

    Ijyèn mantal

    Play Episode Listen Later Aug 20, 2023 12:59


    Ijyèn mantal fè referans ak yon ansam aktivite ak abitid ki pèmèt ou pwoteje panse ou, jere pi byen emosyon w yo, genyen yon konpòtman pozitif ak konstritif fas defi lavi a [...], sa ki ap amelyore kalite lavi pèsonèl ou   ak rapò w ap devlope ak lòt moun.  --- Send in a voice message: https://podcasters.spotify.com/pod/show/osman-j351r364me/message Support this podcast: https://podcasters.spotify.com/pod/show/osman-j351r364me/support

    Ki imaj ou gen de tèt ou ?

    Play Episode Listen Later Aug 13, 2023 15:49


    Imaj yon moun gen de tèt li se yon reprezantasyon mantal sou kòman moun nan wè tèt li reyèlman. Imaj sa konstwi apati de eksperyans pèsonèl moun nan, sa lòt moun panse de li tou. Li se yon faktè enpòtan nan devlopman pèsonèl moun nan.  --- Send in a voice message: https://podcasters.spotify.com/pod/show/osman-j351r364me/message Support this podcast: https://podcasters.spotify.com/pod/show/osman-j351r364me/support

    li imaj
    Fè sante mantal ou yon priyorite

    Play Episode Listen Later Aug 6, 2023 15:51


    Yon sante mantal ekilibre ap pèmèt ou atenn pi wo nivo potansyèl ou. Se pou sa, nan tout aktivite w ap fè yo, sante mantal ou pa dwe yon opsyon, men pito yon priyorite. Nan epizòd MANTALITID sa, w ap jwenn 5 pratik pou priyorize sante mantal ou. --- Send in a voice message: https://podcasters.spotify.com/pod/show/osman-j351r364me/message Support this podcast: https://podcasters.spotify.com/pod/show/osman-j351r364me/support

    Sante mantal, nan ka yon moun ki gen VIH

    Play Episode Listen Later Jul 30, 2023 15:00


    Malgre anpil efò ki fèt, VIH/SIDA toujou rete youn nan pi gwo pwoblèm sante piblik nan mond lan. Estrès, anksyete, diskriminasyon, estigmatizasyon [...], viv ak VIH kapab yon eksperyans sikoljik konplèks, ki afekte sante mantal moun ki konsène a.  --- Send in a voice message: https://podcasters.spotify.com/pod/show/osman-j351r364me/message Support this podcast: https://podcasters.spotify.com/pod/show/osman-j351r364me/support

    « Homesickness » : sante mantal, nan ka moun k ap viv nan peyi etranje

    Play Episode Listen Later Jul 16, 2023 19:08


    Kite fanmi ak zanmi, tout sa w te gentan konstwi dèyè, pou al kontinye osnon refè vi w nan yon peyi etranje, souvan egzije yon depans enèji emosyonèl konsiderab. Sa ki konn afekte sante mantal anpil moun nan pwosesis adaptasyon ak entegrasyon yo.  --- Send in a voice message: https://podcasters.spotify.com/pod/show/osman-j351r364me/message Support this podcast: https://podcasters.spotify.com/pod/show/osman-j351r364me/support

    Sante mantal, nan ka moun ki paka fè pitit (enfètilite)

    Play Episode Listen Later Jul 9, 2023 19:56


    Enfètilite se yon eksperyans emosyonèlman epwizan, ki ka pwovoke tristès, fristrasyon, strès, anksyete, mete sou estigmatizasyon ki lye ak sijè a. Sa ki riske gen gwo enpak sou sante mantal moun oubyen koup ki konsène a. --- Send in a voice message: https://podcasters.spotify.com/pod/show/osman-j351r364me/message Support this podcast: https://podcasters.spotify.com/pod/show/osman-j351r364me/support

    Adiksyon a pònografi : yon danje pou sante mantal ou

    Play Episode Listen Later Jul 2, 2023 13:25


    Konsomasyon eksesif kontni pònografik ka gen gwo konsekans sikoljik sou lavi moun ki adikte yo ; konsekans non sèlman sou sèvo moun yo, sou vizyon defòme yo ka vin genyen sou rapò seksyèl yo, men sou byennèt yo de fason jeneral. --- Send in a voice message: https://podcasters.spotify.com/pod/show/osman-j351r364me/message Support this podcast: https://podcasters.spotify.com/pod/show/osman-j351r364me/support

    10 ABITID ki ka chanje lavi w konplètman 

    Play Episode Listen Later Jun 25, 2023 15:50


    Woutin yo, tout sa w ap fè chak jou yo, fason w panse, reyaksyon w fas ak defi  lavi a [...], gen gwo enfliyans sou byennèt ou, kalite lavi w ak ak sa w  ta swete reyalize. Se sa ki fè li enpòtan pou w kiltive ABITID ki ka chanje lavi w nan fason pozitif. --- Send in a voice message: https://podcasters.spotify.com/pod/show/osman-j351r364me/message Support this podcast: https://podcasters.spotify.com/pod/show/osman-j351r364me/support

    Self-love

    Play Episode Listen Later Jun 18, 2023 16:17


    Self-love pa yon demach egoyis, ni nasisik. Self-love, lanmou pou tèt ou, se yon pwofon eta apresyasyon pèsonèl, ki tradwi pa yon seri aksyon k ap debouche sou byennèt ou, epanouyisman sikolojik ou ak espirtyèl ou kòm moun. --- Send in a voice message: https://podcasters.spotify.com/pod/show/osman-j351r364me/message Support this podcast: https://podcasters.spotify.com/pod/show/osman-j351r364me/support

    Non, SWISID pa yon lachte

    Play Episode Listen Later Jun 11, 2023 19:36


    Daprè OMS, chak ane, anviwon 700 mil moun swiside tèt yo nan mond lan. Ka swisid yo souvan rive nan moman kote moun nan ap fè fas ak yon kriz, ki depase kapasite l pou l afwonte li. Donk ki pa gen anyen pou wè ak lachte. --- Send in a voice message: https://podcasters.spotify.com/pod/show/osman-j351r364me/message Support this podcast: https://podcasters.spotify.com/pod/show/osman-j351r364me/support

    Twoub Seksyèl

    Play Episode Listen Later Jun 4, 2023 21:52


    Twoub Seksyèl yo, se tout obstak klinikman sinifikatif, ki anpeche yon moun jwi plènman aktivite seksyèl li. Sityasyon sa konn tèlman preyokipe moun ki konsène a, li afekte byennèt li de fason jeneral. Nan epizòd MANTALITID sa, nou pale de tout sa w dwe konnen sou Twoub Seksyèl yo. --- Send in a voice message: https://podcasters.spotify.com/pod/show/osman-j351r364me/message Support this podcast: https://podcasters.spotify.com/pod/show/osman-j351r364me/support

    Yon gid k ap ede w nan peryòd DÈY

    Play Episode Listen Later May 28, 2023 19:32


    Dèy se yon pwosesis nòmal, natirèl. Se yon repons fas ak lanmò yon moun ki te enpòtan pou nou. Tout moun pa viv moman dèy yo menm fason. Gen moun ki pa janm rive fè dèy yon moun li te renmen. Sa ki riske pètibe byennèt emosyonèl li. Nan epizòd MANTALITID sa, nou ofri w yon gid pou ede w nan peryòd dèy. --- Send in a voice message: https://podcasters.spotify.com/pod/show/osman-j351r364me/message Support this podcast: https://podcasters.spotify.com/pod/show/osman-j351r364me/support

    Konpasyon pou tèt ou, se yon kle pou sante mantal ou

    Play Episode Listen Later May 21, 2023 15:53


    Kiltive konpasyon pou tèt ou, se konpòte w anvè tèt ou ak menm lanmou, menm anpati ou t ap rekonfòte yon moun ou renmen ki nan yon moman difisil, aprè yon eksperyans dezagreyab. --- Send in a voice message: https://podcasters.spotify.com/pod/show/osman-j351r364me/message Support this podcast: https://podcasters.spotify.com/pod/show/osman-j351r364me/support

    Mwens PLENYEN, plis GRATITID

    Play Episode Listen Later May 14, 2023 15:11


    Gen moun ki tèlman renmen PLENYEN, yo fè l tounen yon mòd de vi. Se yon atitid ki non sèlman nosif pou byennèt yo ak sante yo, men tou ki afekte rapò yo ak lòt moun. Nan epizòd MANTALITID sa, nou pale pou kisa li enpòtan pou kiltive plis GRATITID, olye w pase tout tan ap PLENYEN. --- Send in a voice message: https://podcasters.spotify.com/pod/show/osman-j351r364me/message Support this podcast: https://podcasters.spotify.com/pod/show/osman-j351r364me/support

    Dismòfofobi (obsesyon kòporèl)

    Play Episode Listen Later Apr 30, 2023 16:47


    Dismòfofobi karakterize pa yon obsesyon ak panse eksesif yon moun pa sispann nouri sou yon defo souvan imajinè li konstate nan aparans fizik li. Pèsepsyon irasyonèl sa fè moun nan gen yon imaj negatif de tèt li. Sa ki ka mete l nan yon soufrans emosyonèl epi afekte byennèt li. --- Send in a voice message: https://podcasters.spotify.com/pod/show/osman-j351r364me/message Support this podcast: https://podcasters.spotify.com/pod/show/osman-j351r364me/support

    obsesyon
    Li enpòtan pou pran yon POZ

    Play Episode Listen Later Apr 23, 2023 19:52


    Responsabilite familyal, obligasyon pwofesyonèl [...], pou yon rezon ou yon lòt, vi anpil nan nou pwograme de fason otomatik. Nan chèche reponn ak egzijans lavi a fè nou, nou souvan bliye pran swen tèt nou. Nan epizòd MANTALITID sa, nou pale pou kisa li enpòtan pou pran yon POZ, konsakre tan ak tèt ou e kòman ou ka rive fè sa. --- Send in a voice message: https://podcasters.spotify.com/pod/show/osman-j351r364me/message Support this podcast: https://podcasters.spotify.com/pod/show/osman-j351r364me/support

    Twoub Anksyete

    Play Episode Listen Later Apr 16, 2023 12:50


    Si anksyete se yon reyaksyon nòmal pi ka genyen fas ak yon sityasyon ki parèt menasan, men lè li pèsiste san rezon ki jistifye l, li ka tounen yon maladi ki paralize epanouyisman w ak pwodiktivite w. Nan epizòd MANTALITID sa, nou pale sou tout sa w dwe konnen sou Twoub Anksyete yo. --- Send in a voice message: https://podcasters.spotify.com/pod/show/osman-j351r364me/message Support this podcast: https://podcasters.spotify.com/pod/show/osman-j351r364me/support

    Kriz Karantèn

    Play Episode Listen Later Apr 2, 2023 15:41


    « Kriz Karantèn » se yon peryòd de dout nan lavi nou, kote n ap remete tout bagay an kesyon. Se yon moman bilan ki vini ak kèk sentom ki ka afekte prèske tout aspè nan lavi moun ki konsène a. Nan epizòd MANTALITID sa, nou pale sou tout sa w dwe konnen sou « Kriz Karantèn » nan. --- Send in a voice message: https://podcasters.spotify.com/pod/show/osman-j351r364me/message Support this podcast: https://podcasters.spotify.com/pod/show/osman-j351r364me/support

    Enpòtans NITRISYON nan sante mantal

    Play Episode Listen Later Mar 26, 2023 14:56


    Manje de fason ekilibre pa sèlman esansyèl pou kò fizik la, men li fondamantal tou pou bon ekilib sèvo a. Nan epizòd MANTALITID jodi a, nou pale sou kòman sa n ap manje yo ka enfliyanse sou sante mantal nou. --- Send in a voice message: https://podcasters.spotify.com/pod/show/osman-j351r364me/message Support this podcast: https://podcasters.spotify.com/pod/show/osman-j351r364me/support

    Somatizasyon (lè doulè emosyonèl yo transfòme an doulè fizik)

    Play Episode Listen Later Mar 19, 2023 14:09


    Eksperyans doulè emosyonèl yon moun te fè nan lavi l, ka anjandre maladi fizik ki reyèl. Fenomèn sa rele SOMATIZASYON. Se de sa nou pale jodi a nan nouvo epizòd MANTALITID la. --- Send in a voice message: https://podcasters.spotify.com/pod/show/osman-j351r364me/message Support this podcast: https://podcasters.spotify.com/pod/show/osman-j351r364me/support

    « Voye je sou sante mantal ou » - Opak

    Play Episode Listen Later Mar 12, 2023 26:45


    Tematik tankou sante mantal te toujou entèrese Opak nan kreyasyon li. « Pran Swen Tèt Ou » se yon egzanp. Sou tit sa, rapè a enspire de eksperyans pèsonèl li pou envite piblik voye je sou sante mantal li. Li te nan MANTALITID pou pale sou enpòtans sante mantal karyè kòm atis. --- Send in a voice message: https://anchor.fm/osman-j351r364me/message Support this podcast: https://anchor.fm/osman-j351r364me/support

    Enstabilite emosyonèl

    Play Episode Listen Later Mar 5, 2023 15:26


    Enstabilite emosyonèl fè referans ak tandans yon moun genyen pou l prezante chanjman enprevizib e rapid nan emosyon, santiman li de tanzantan san rezon valab. Twoub sa souvan akonpanye de kèk sentom ki ka afekte sante mantal konsène a. --- Send in a voice message: https://anchor.fm/osman-j351r364me/message Support this podcast: https://anchor.fm/osman-j351r364me/support

    Kòman "Franc-maçonnerie" ka ede nan ekilib emosyonèl yon pratikan ?

    Play Episode Listen Later Feb 26, 2023 26:44


    Mit ak kliche sou "Franc-maçonnerie" yo anpil. Poutan, pou pratikan yo, òganizasyon sa ede yo vin yon pi bon moun nan lavi yo. Se ka pa egzanp Kenley Talmer k ap pale de eksperyans li nan MANTALITID, kòman "Franc-maçonnerie" patisipe nan byennèt emosyonèl li. --- Send in a voice message: https://anchor.fm/osman-j351r364me/message Support this podcast: https://anchor.fm/osman-j351r364me/support

    Kòman kwayans yon kretyen ka ede nan ekilib emosyonèl li ?

    Play Episode Listen Later Feb 19, 2023 37:37


    Kwayans, lafwa, esperans..., kòman estil de vi yon kretyen ka ede nan ekilib emosyonèl li ? Claudelson Thébeau ki grandi nan legliz ap pale de eksperyans li nan epizòd MANTALITID sa. --- Send in a voice message: https://anchor.fm/osman-j351r364me/message Support this podcast: https://anchor.fm/osman-j351r364me/support

    Kòman pratike vodou ka ede nan ekilib emosyonèl yon moun ?

    Play Episode Listen Later Feb 12, 2023 40:40


    Kwayans, prensip, seremoni [...], malgre kliche ak prejije, kòman pratike vodou ka ede nan ekilib emosyonèl yon moun ? Nan epizòd MANTALITID sa, manbo Sophia Fécu ap pale de eksperyans li. --- Send in a voice message: https://anchor.fm/osman-j351r364me/message Support this podcast: https://anchor.fm/osman-j351r364me/support

    Fanmi disfonksyonèl : enpak sikoljik sou lavi timoun yo

    Play Episode Listen Later Feb 5, 2023 37:07


    Fanmi an se yon espas fondamantal nan devlopman jeneral timoun yo. Lè kondisyon yo pa reyini, sa riske gen gwo enpak sou byennèt sikoljik yo. Nan epizòd MANTALITID sa, Sikològ Jacques Sinsurin pale sou konsekans yon fanmi disfonksyonèl ka genyen sou lavi yon timoun. --- Send in a voice message: https://anchor.fm/osman-j351r364me/message Support this podcast: https://anchor.fm/osman-j351r364me/support

    Selmy Accilien : « Pou mwen, ekri se yon terapi »

    Play Episode Listen Later Jan 29, 2023 38:02


    Talan, motivasyon, enspirasyon, ekri kòm aktivite entèlektyèl patisipe nan byennèt emosyonèl ekriven yo. Nan epizòd MANTALITID sa, Selmy Accilien ki se otè divès liv ap pale n de eksperyans li ak literati. --- Send in a voice message: https://anchor.fm/osman-j351r364me/message Support this podcast: https://anchor.fm/osman-j351r364me/support

    Tout sa w dwe konnen sou Dyalòg Sante Mantal

    Play Episode Listen Later Jan 22, 2023 33:20


    Dyalòg Sante Mantal se yon pwogram ki vize sansibilize popilasyon an sou enpòtans sante mantal. Nan epizòd MANTALITID sa, Sikològ Frandy Pierre-Louis ki se inisyatè aktivite sa ap bay plis detay sou pwogram nan. --- Send in a voice message: https://anchor.fm/osman-j351r364me/message Support this podcast: https://anchor.fm/osman-j351r364me/support

    Literati, kòm faktè byennèt emosyonèl

    Play Episode Listen Later Jan 15, 2023 36:38


    Talan, sous enspirasyon, pasyon pou literati, motivasyon elatriye, aktivite ekri kapab yon faktè byennèt emosyonèl pou yon ekriven. Nan epizòd MANTALITID sa, Samuel Taillefer (powèt) ap pale nou de eksperyans li ak literati. --- Send in a voice message: https://anchor.fm/osman-j351r364me/message Support this podcast: https://anchor.fm/osman-j351r364me/support

    Èske l nesesè pou PADONE ?

    Play Episode Listen Later Jan 8, 2023 15:35


    PADONE pa toujou yon egzèsis fasil, sitou lè nou nouri rankin ak dezi vanjans pou yon moun ki te koze nou yon tò. Men, kiltive padon enpòtan pou sante mantal ou e li ka ede ou geri sikatris emosyonèl sa k pase a. Se de sa nou abòde nan epizòd MANTALITID jodi a. --- Send in a voice message: https://anchor.fm/osman-j351r364me/message Support this podcast: https://anchor.fm/osman-j351r364me/support

    Claim Mentalitude

    In order to claim this podcast we'll send an email to with a verification link. Simply click the link and you will be able to edit tags, request a refresh, and other features to take control of your podcast page!

    Claim Cancel