Pa gen sekrè nan fè podcast: 51% pale seryeu49% pale kleukleuEpi, Tchilaks!
Nan epizòd 84 lan, nou fè yon ti pale sou kèk sijè ki ap fè aktyalite pandan dènye jou sa yo.Pami yo te gen koze politik. Nou te tou pale sou kesyon dwa dotè, yon sijè ki vin pran plis plas nan HMI la dènye tan sa yo, etc...Enjoy epi pa bliye bay epizòd la TIT ou vle a
Jodia nan emisyon an, nou te gen chans chita ansanm ak Garel pou nou fè yon bèl ti pale, yon konvèsasyon ki te ale anpil sou Temwen Jewova yo. Nou te pwofite moman an pou nou poze'l plizyè kesyon sou ki jan lavi a ye pou yon moun ki se Temwen Jewova, kisa yo kwè, kijan yo pratike lafwa yo chak jou epi kijan sa enfliyanse relasyon yo ak lòt moun nan sosyete a. Garel te pataje eksperyans pèsonèl li avèk nou, li te bay eksplikasyon sou sa li aprann epi li te reponn ak anpil senserite. Se te yon konvèsasyon ki ouvè lespri nou, ki ban nou plis konpreyansyon sou yon kominote anpil moun tande pale de li, men pa toujou vrèman konnen kijan yo fonksyone. Emisyon an te rich, li te chaje ak bon jan refleksyon e nou swete tout moun k ap koute ap jwenn li itil menm jan ak nou.
Semèn sa gen yon dosye "Sè legliz" ki twonpe fiyanse'l ki ap anflame rezo sosyo yo.Kòm alakoutime Tchilaks deside reyaji sou dosye a.Timesyeu yo analize ka a epi tou profite fè yon ti bat bouch rapid sou zafè sèks anvan mariaj la.Enjoy!
Epizòd 81 an se, jan tit lan anonsel la, yon SIPRIZ so...ENJOY!
ENJOY epizòd 80 an menm jan nou te enjoy anrejistre'l.
Sijè jodia, yon fwa ankò, vini de yon oditè podcast la, yon GWO oditè cho a: Moumoune!Pandan ti mesye yo ak Jefferson te rele Moumoune pou swetel bòn fèt, li te tou propoze pou yo pale de “Pitit deyò / Kout pitit.”Sijè a pi konplèks ke sa nou te ka panse. Li gen anpil fasèt ak anpil fason ou ka apwoche yo.Panèl la fè yon bèl job pou mete yo nan diferan senario yo epi tire nan eksperyans pèsonèl yo pou fè analiz la.Evidaman apwòch yo sibjektif men gen anpil leson ki ka tire.Enjoy epi mèsi Moumoune; BÒN FÈT ankò!
Semenn sa Thierry ak El Jeffe te patisipe nan yon konferans kote yo tap aprann yon nouvo skill. Anplis de nouvo skill sa, Thierry te pataje ak Johel ke li te tou profite fe yon ti NETWORKING.So nou tou konprann poukisa epizòd 78 se sou sijè sa li tou chita
ENJOY premye epizòd ki pa epizòd bonus ki baze, de kòmansman jiskalafen, sou komantè youn ou plizyè zanmi podcast la kite pou timesye yo: BF4F!Dabitid timesye yo just pase byen vit sou komantè yo epi remèsye moun ki kite yo a nan yon epizòd bonus men fwa saaaa… timesye yo pran san yo ak tan yo pou dekòtike 2 komantè byen spesifik epi fè yon deba sou yo antreyo.Spesyal remèsiman a Moumoune ak Pamela pou premye epizòd BF4F la!
Enjoy epizòd bonus sa kote Johel ak Thierry ap pase sou kòmantè kèk zanmi podcast la te kite anba kèk ansyen epizòd.Pase bòn semèn #TchilaksFam♥️
Wikenn ki fenk pase a se te wikenn tout moun te okipe ap selebre lanmou nan okazyon Sen Valanten! Lè dat sa rive anplis de flè ak chokola gen yon aktivite ki toujou prezan
Nan epizòd jodia, Tchilaks resevwa Snood ki te konn pratike BOXE e ki joukjounen jodia rete yon pasyone de spò a. Li te poulòp sou panèl la avèk tifrè li Ralph.Snood etale pakou li nan spò a pou nou e li di nou kòman li fè antre ladanl, bon tankou move eksperyans li viv men tou, leson li aprann yo.Epizòd 75 la se yon opòtinite pou panèl la men tou odyans Tchilaks lan gade kijan mank ankadreman sitou nan domèn spò kontinye tiye anpil rèv.ENJOY!!!
Nan epizòd jodia Dj Thyz ak Vlex Vibez rejwenn “show” a pou pale sou tout aspè ki genyen nan pwofesyon DJ a.Anpil moun toujou panse se yon travay ki fasil, men nan epizòd 74 la nou pral dekouvri se yon bagay ki vrèman konplike. Li mande pou DJ a kontwole anpil bagay an menm tan.Ti mesye yo dekòtike tout bagay sa yo e plis.ENJOY!
Dimanch ki te 19 Janvye a itilizatè platfòm Tiktok yo nan peyi Etazini te leve jwenn aplikasyon an pa fonksyonèl.Malgre yo te gentan anonse ke Gouvènman an te pran desizyon pou bani platfòm nan, sa pat anpeche nouvèl la fè gwo tole.Sitiyasyon an pat dire. Douz è detan aprè, nouvo prezidan an te gentan leve banisman an.Nan epizòd jodia, ti mesye yo voye yon koud je epi analize nouvèl sa a.Ansanm ak El Jeffe, yo gade poukisa desizyon sa a te pran, men tou “ekonomi” ki genyen dèyè Tiktok ki fè nouvèl banisman an te fè tout pale anpil sa.Gen anpil bagay ou menm oditè ak “auditeuse” (suivez mon regard
Lanmò Mika se yon gwo pèt pou endistri mizikal ayisyen an: NOU TOUT KLÈ SOU SA!Se te yon atis prolifik ki te gen patisipasyon li nan anpil projè nan endistri a.Depi lè lanmò li a, sa gen 2 zan rive jiskounya a, toujou gen lese frape ant fanmi Benjamin an ak madanm li sou kesyon eritaj li.Dènye semèn sa yo bagay la te pran yon lòt nivo. Fanmi Benjamin an vle ke madanm Mika ba yo (remèt yo) dwa sou tout zèv atis la men madanm li kanpe an kwa kont sa.Opinyon piblik la pataje sou koze sa e gen anpil lòt bagay ki pran lari tou.Nan epizòd sa a 2 moun kay: Dodo ak Lex rejwenn timesye yo pou diskite sou dosye sa men tou gade, nan yon pwen de vi ki pi jeneral, enpòtans pou mayiaj oubyen biznis kap fèt ant zanmi/fanmi/koup byen regilarize.Enjoy enjoy!!!
Roody Roodboy fè yon post sou instagram li pou li pale de bagay ke li te konn fè, aktivite li te gen chans fè e ki pa posib ankò a koz de konjonkti peyi nou: Ayiti.Atis la di kijan nostalji sa yo ap manje'l pèsonèlman.Post la te enspire tchilaks e se konsa Johalex ak Lhee te pran tan pou yo pale de nostlaji ke yo genyen e kijan lakay yo ak vèsyon Ayiti yo te eksperimante a manke yo.Nan jou nap komemore 15em anivèsè tranbleman de tè ki te fe gro dega an 2010 la, ekzesis la vrèman: RAFRECHISAN!ENJOY epizòd 71 lan e pa ezite fè nou konnen ki nostalji ke ou menn ou genyen.
Yon nouvèl ane PA KA e PA DWE kòmanse ak dèt te fèt nan ane ki pase a‼️
Epizòd 70 la se dènye epizòd ki anrejistre nan ane 2024 la e se premye epizòd ki pibliye an 2025.Ladanl ti mesye yo ak 2 envite spesyal fè yon ti rale mennen vini sou ane 2024 la ak yon ti pwojeksyon sou rezolisyon pou 2025 pandan yo tou pwofite swete TCHILAKSFAM♥️ lan yon:BÒN ANE 2025
Pou fen ane, TCHILAKS kanpe an mòd PYE POUDRE!Kidonk se pap yon sipriz lè nou aprann ke epizòd 69 la record nan yon RV ke nou ka rele yon kay mobil an kreyòl. Se Jean Luc, CEO-Fondatè SAKAPFÈT BOSTON, ki te akeyi nou pou eksperyans sa a. Sa ki rann epizòd sa spesyal se premyèman sijè a deside a lenprovis, a la dènyè minit men alafen nou manyen plizyè lòt topik e dezyèmeman; yon lapli kòmanse tonbe san kanpe e kòm kay mobil yo fèt an metal, nou ka tande bri chak gout dlo kap tonbe, sa ki te bannou yon sansasyon kòmsi nou tap bay blag anba yon tonnèl lakay nou Ayiti pandan lapli ap tonbe.Nou espere ke ou ap ENJOY epizòd la paske nou menm nou te enjoy record li pou nou!
Ane 2024 la nan dènye koub lan pou li fini!Chak ane tout moun toujou fikse tèt yo nouvo objektif oubyen anvizaje fè dè bagay ke yo pot ko janm fè nan ane ki vini avan yo. Rezon dèyè fenomèn sa se pou mete piman nan lavi yo.Nan epizòd 68 la, ti mesye yo ak LEX deside pataje avèk yon seri de nouvèl eksperyans ke yo viv nan premye 2 semenn mwa Desanm lan avèk TchilaksFAM♥️ lan.ENJOY epizòd la epi sonje: LAVI KOUT
.Semèn sa a Tchilaks tap fè TOURISM e te desann nan lakou TEXAS pou al vizite yon zanmi de long dat ni Johalex ni Thierry. Kòm bon zanmi podcast la li te dakò pou pandan nou avèk li nan vil San Antonio a pou nou te tou fè yon ti bat bouch sou koze sou vwayaje ak al vizite lòt kote, sa yo rele tourism la.Nan konvèsasyon an nou te pale de tourism lokal, tourism entènasyonal. Chak entèvenan yo tire nan eksperyans pa yo epi pale de tout byenfè vwayaje genyen daprè yo.Enjoy epizòd 67 la ak kokennchenn envite ki ladanl lan.Nou pap di twòp men te gen emosyon!
Lè relasyon ant 2 moun ap grandi, matirite 2 moun yo e sitou matirite relasyon an vin kapital.Definisyon yon relasyon ki gen matirite se yon relasyon ki gen respè mityèl, respè limit lòt, kapasite pou koup la rezoud gwo konfli san kraze brize, etc.Jodi a sou yon panèl ki plen kou ze ak anpil envite espesyal, ti mesye Tchilaks yo chita pale sou matirite nan relasyon. Anpil pwen debat e sitou anpil nan envite yo itilize relasyon pase e prezan pa yo kòm egzanp. Gen anpil bagay pou aprann, gen anpil koze pou tande so Enjoy!PASE BÒN SEMÈN!
POTO se sijè epizòd 65 lan e li soti de yon fidèl oditris podcast la.
Epizòd "Bonuce" la se pou nou reyaji a tout feedback ak kòmantè ke zanmi fidèl podcast la kite pou nou sou divès epizòd avan epizòd 64 la.Se fason pa nou pou nou toujou raple ou ke nou TOUJOU li e apresye chak grenn feedback ak kòmantè fidèl oditè nou yo.Nou RENMEN nou! ♥️
Lè 2 moun deside ini yo, li jeneralmann vle di ke fanmi 2 moun sa pral fè “kolizyon”. Paran chak moun yo souvan fè pati de moun ki pi enpòtan e ki gen plis enfliyans sou koup la, sa vle di relasyon ki pral devlope AK boparan yo men tou ANT boparan yo enpòtan anpil.Nan epizòd 64la ti mesye yo ak 2 envite spesyal chita pale sou enpòtans men tou diferan aspè ke relasyon sa yo ka genyen.Yo fè yon bèl deba sou kijan relasyon ak boparan ka “make or brake“ yon koup.Enjoy!
Si ou pat konnen, Madi kap 5 Novanm 2024 la pral gen eleksyon jeneral nan peyi Etazini.Nan okazyon sila a ti mesye yo fè yon ti bat bouch sou egzèsis al vote a.Jan nou ka imajine, yo fè paralèl ant jan koze vote pase nan Etazini ki se kote yo ap viv ak Ayiti ki se kote yo grandi.Yo pale de eksperyans pèsonèl yo - ki pa rich - men tou de pwendvi yo sou koze sifraj inivèsèl la.Lè ou fin tande e enjoy epizòd la pa bliye ranpli devwa sivik sa a.Egzèsis vote a se yon dwa ke predesesè nou yo te goumen pou nou genyen jodia e anpil nan yo te peye pri a ak lavi yo men tou, se yon devwa ki enpòtan paske se youn nan zouti ke ou genyen pou ou mete ti dizon pa ou nan efò pou sosyete an avanse!Pase bòn semèn!
Youn nan pi gwo anons pou fen dane 2024 la se bal Carimi ki pral fèt nan lakou Nouyòk la. Anons sa fè deba nan mitan ni moun ki fanatik ni moun ki pa/pat fanatik djaz la. Gen de moun ki toujou gen yon gou amè nan bouch yo akoz senp fèt ke nèg yo te kite djaz la kraze, gen de lòt moun se fatalite ki te pase nan premye bal reyinyon yo te òganize an.Thierry kòm fanatik djaz la fè yon ti bat bouch ak Johel ki pa fanatik limenm sou dosye sila a.ENJOY!
Doubstanda nan mitan 2 antite kèlkonk toujou kreye deba. Youn nan pi gro doubstanda nou konnen se sila ki ant gason ak fi e nan epizòd 61 an timesye yo akeyi Lex ak Jefferson pou eksprime/debat/rakonte jan yo konprann e viv fenomèn sa nan pwendvi GASON.ENJOY epi sonje doubstanda nan mitan 2 antite PA VLE DI youn nan antite yo siperyè oubyen enferyè ak lòt la, se jis yon diferans nan jan sosyete a defini epi jije menm aksyon 2 antite sa yo ta poze.
Dosye atis ameriken "P.Diddy" ap fè aktyalite depi kèk tan men semenn sa yo, li jayi sou rezo sosyo yo ak plis fòs akòz yon seri de nouvo detay ke envestigasyon otorite konsène yo kòmanse ap devwale.Se yon sijè ki oze e chokan men timesye yo ak envite yo: Sebastien ak Jefferson eseye debat li ak maksimòm prekosyon ke posib. Prekosyon pou pa tromatize moun ki pral tande men tou, prekosyon pou yo pa fè difamasyon sou moun tou; paske tout sa ki di nan epizòd la se selon enfòmasyon ki piblik sou entènèt la.Enjoy epizòd la epi sonje ke depi ou ap sibi abi oubyen ou okouran de yon abi kap fèt sou yon moun kèlkonk se yon DEVWA ou genyen pou ou rapòte'l bay moun ki ka frennen abi sa.
Aprè anpil anpil tan medam yo resi peye Tchilaks yon vizit!Nan epizòd 58 la, Tchilaks gen 2 “invitée”: Dodo ak Newslie ki deside pataje avèk odyans lan lanmou yo genyen pou kuizin.Nan ti pale sa yo pral wè avèk nou kibò lanmou sa a pran rasin men tou kijan manje jwe yon wòl pivotal nan relasyon yo genyen ak moun ki nan antouraj yo. Sa a ak anpil lòt bagay diskite sou panèl la. Jan yo di chimen kè gason se nan lestomak li eske nou panse medam yo konn itilize strateji sa a? Eben branche pou nou jwenn repons lan.Enjoy
Nan epizòd 57 la, timesyeu yo te akeyi Greg aka El NIÑO pou pale de reyalite li ki se reyalite yon jenn gason ki fèt Ayiti men ki leve kay vwazen Dominiken nou yo depi lè li gen mwens ke 3zan daj.El Jeffe te sou panel la tou pou fè pon ant Greg ak mesyeu yo paske li te fè yon ti tan ap viv nan Repiblik Dominikèn tou.Enjoy epizòd la gen anpil pou aprann ✨
Epizòd 56 la enspire pa skandal ki tap fè bri semèn pase a sou swadizan imigran Ayisyen ki ta ap manje kana, chat/chyen moun nan vil Springfield nan State Ohio, se tou yon chita pale ant Jean Luc, Thierry ak Johel; 3 imigran nan USA; sou kijan yo wè ak konprann konsèp imigran an nan lakou USA.Enjoy epi sonje IMIGRAN gen yon enpòtans pou USA ke anpil moun pap admèt ouvètman men ki REYÈL!!!
Epizòd “ BAUNUCE “ la se yon spesyal dedikas pou tout zanmi podcast la ki kite plis pase 100 kòmantè/feedback pou nou anba epizòd avan yo.Nou pase sou CHAK GRENN nan yo yon fason pou nou redemontre apresyasyon ak gratitid nou anvè zanmi sa yo men tou, a tout oditè/oditris podcast la.ENJOY!
Resaman Johel viv yon eksperyans kote yon moun tap prezante li bay yon lòt moun epi ba li tit “Atis”.Menm si li di li pa yon atis men sa te enspire li epizòd jodi a kote Lhee ak Lex (ki tounen egenn ankò) tap pale sou definisyon tèm atis la epi ale an pwofondè sou lavi yon moun ki atis selon yo.Anpil bagay pale e atis Jojo byen depoze.
Nan epizòd 53 a, ti mesyeu yo te chita avèk Pouchon aka Mr JEAN, yon zanmi podcast la ki tap pataje istwa li ak yon projè "MONSIEUR JEAN BAR & GRILL" ke li cheri pandan plis pase 7 lane e ke li arive mete nan yon nivo ki ka sèvi egzanp pou tout moun ki ap lanse yo oubyen deja entegre sektè antreprenarya an Ayiti.TCHILAKS koube li byen ba devan efò ak sakrifis ke TOUT ekip MONSIEUR JEAN an poze deja e ap kontinye poze pou amelyore sektè lwazi lakay nou Ayiti.
Epizòd 52 a gen kòm tit "Dezyèm MITAN'' e li baze sou rimè ki fè konprann ke Jennifer Lopez ak Ben Affleck gentan ap divòse aprè ke yo te eseye viv ansanm yon premye fwa yo kite (Premye MITAN) epi yo vin retounen ansanm apre 17 lane.Se yon rimè jouk jounen jodia malgre gen anpil ti siy ki te ka pwouve ke bagay la gate tout bon, men ak tout respè sa mande ti mesye Tchilaks yo te pase sou relasyon yo an pou fini pa manyen ka kote yo menm tou yo te jwe dezyèm mitan ak yon moun nan vi pèsonèl pa yo.Enjoy!
Epizòd 51 Tchilaks Podcast la te gen El Jeffe ak Kiki ki tap debat sou « Mete Designer ».Pou kèk moun, mete designer se fè djòlè; pou kèk lòt moun, mete designer se envesti nan bon kalite ak dirabilite e wap jwenn lòt moun tou ki ka pran fenomèn sa a nan fason pwòp a yo menm.Enjoy!
Tchilaks Podcast gentan gen 50 epizòd! Se yon fyète pou nou e nan lide pou nou pataje santiman sila a ak fidèl oditè/oditèz nou yo nou anrejistre epizòd la pandan nap pataje top 3 fyète ak regrè nou genyen jiska jodiya.Se yon egzèsis ki trè efikas pou ede yon moun asime erè epi apresye eksplwake li te fè nan pase li.Nou espere wap ENJOY li menm jan nou te pran plezi anrejistre li pou ou!#Tchilaks50
Prezante yon moun ou avèk li lakay paran'w oubyen fanmi'w se toujou yon gwo etap nan yon relasyon. Lè sa fèt se konn siy ke relasyon an pral pran oubyen pran yon faz ki pi serye.Nan epizòd 49 la, sou demand esepsyal youn nan oditè fidèl Podcast la, ti mesye yo pral debat sou sijè sa a. Yo pral abòdel selon pwendvi gason e evidaman yo pral pran egzanp sou lavi pa yo.Men bagay sa a se pa yon syans, pa gen yon repons fiks e kondisyon yo ka varye selon sitiyasyon yo. Nou espere ke ou menm kap koute a ap ENJOY!!
Anpil fwa nou sèlman fokis sou zèv ak talan atis nou yo, san nou pa janm pran tan pou plonje nan pase yo pou dekouvri pakou yo, kote yo soti, obstak yo te rankontre nan wout yo, kisa ki te enspire yo lè yo tap demare, kisa ki te ede yo pa abandone pou yo ka rive kote yo rive jounen jodia.Nan epizòd 48 la nou te gen lònè resevwa Moumoune (fan #1 Tchilaks Podcast) ki pratike penti ak ekriti sou non MLF Desgrottes ki tap etale pakou atistik pèsonèl li avèk nou.Se te yon bèl konvèsasyon via telefòn kote Johel ak Thierry aprann anpil de li e nou espere ke anpil moun ki, menm jan ak li, gen yon talan atistik va jwenn motivasyon ak enspirasyon pou devwale li/yo ak le monn.Enjoy!
Epizòd bonus sa se pou nou reyaji a tout feedback ak kòmantè ke anpil nan nou te kite pou nou sou divès epizòd avan epizòd 47 la.Se fason pa nou pou raplew ke nou TOUJOU li e apresye feedback ak kòmantè fidèl oditè nou yo.Nou RENMEN nou! ♥️
Nan sosyete pa nou, nou toujou tande moun kap di “tifi ak ti gason se gaz ak alimèt “.Se yon fason pou di ke lè gason ak fi twò pre youn lòt li ka kreye
33 lane se yon laj anpil ayisyen wè ak yon je diferan.Lè yon moun nan kilti nou an pral gen laj sa yo toujou atann yo ke yo pral pase yon ane difisil.Rezon an pran rasin nan kwayans relijyez ke nou genyen. Gen anpil endikasyon ki montre se a laj sa a CHRIST te mouri e li te pase anpil mizè.Nan epizòd 45 lan, ti mesye yo pral diskite de kwayans sa a avèk yon panel ki “BYEN RANPLI”.Se fason sa a nou selebre Lhee ki apèn soufle 33èm bouji li.
Blòdeu ak Bro se 2 tèm ki itilize anpil nan vokabilè gason. Se konsa yo kalifye gason parèy yo ki zanmi ki pi pwòch yo. Se vre ke dèfwa moun itilize tèm sa yo vaykevay men sa pa chanje ke, inisyalman, yon blòdeu, yon bro se yon gason ki kite stad senp zanmi pou yon lòt gason, yo vin tounen tankou frè.Li pa yon sekrè pou pensonn ke gen règ nan mitan gason an jeneral, men dèfwa gen moun ki pa konnen si nan mitan blòdeu gen lòt règ ki vin ajoute an plis de règ jeneral ant gason sa yo pou vin mete yon disiplin an plis nan mitan 2 blòdeu oubyen nan mitan yon baz blòdeu.Ansanm de règ sa yo anpil fwa yo relel BRO CODE oubyen PRENSIP BLÒDEU e yo konn varye de baz an baz e dèfwa se konn on seri de règ ke pèsonn pat chita pou etabli men ki jis la nan mitan baz la.Nan epizòd 44 la, ti mesyeu yo ap debat sou sa e pataje kèk nan règ ki nan bro code pa yo.ENJOY!!!
Nan lang kreyòl la djòskòm vle di yon moun ki fenk debake nan yon lòt peyi.Anglisis sa (just come), malgre anpil moun souvan anplwaye'l nan yon sans negatif, defini nan anpil ka yon rekòmansman paske yon moun ki deside kite peyi li, lakay li, fanmi ak zanmi li pou li al etabli'l yon lòt kote gen bagay pou'l refè.Ti mesye yo nan epizòd 43 pral pase sou tout bagay sa yo, pandan yo ap pataje pwòp eksperyans pa yo.Yo espere ke ou menm kap tande ki nan sitiyasyon sa a ap kapab jwenn bon konsèy ki ka ede'w grandi oubyen rasire'w ke ou pa pou kont ou nan sitiyasyon sa a.Enjoy!
ENJOY epizòd 42 a kote ti mesye yo te gen Kitty kòm envite pou debat sou relasyon LONG DISTANCE.
Nan Epizòd 41 Tchilaks Podcast la, ti mesye yo ap pale de manman yo, de relasyon yo ak manman yo, de lanmou yo gen pou manman yo. Yon fason pwòp a yo menm pou onore tout MANMAN nan okazyon fèt dè mè!
Yo toujou di ke liv lavi chak grenn moun sou planèt la se konbinezon de yon pakèt istwa.Enben nan epizòd 40 Tchilaks Podcast la, ti mesye yo ap pataje kèk istwa pèsonèl sou lavi yo. ENJOY!
Anpil fwa nan kilti lakay nou, nou tande moun kap di “Si ou fè oubyen pa fè tèl bagay… tèl bagay ap rivew“ dèfwa yo pa fè ankenn sans e dèfwa yo fè sans men pa gen ankenn jan ou ka eksplikel.Nan epizòd 39 la, timesye yo te avèk Lex pou pataje kèk sipèstisyon ki make lavi yo, sila ke jiskaprezan yo pa konprann yo ak sila yo eseye mete yon eksplikasyon plizoumwen lojik dèyèl. ENJOY epi sonje KILTI NOU AN RICH!