AyiboLab

Follow AyiboLab
Share on
Copy link to clipboard

Chaque semaine, ce podcast vous plonge au coeur de la rédaction d’Ayibopost. Il vous fait entendre nos journalistes sur le terrain et nous donne l’occasion de répondre à vos questions.

AyiboPost


    • Jan 30, 2025 LATEST EPISODE
    • monthly NEW EPISODES
    • 28m AVG DURATION
    • 86 EPISODES


    Search for episodes from AyiboLab with a specific topic:

    Latest episodes from AyiboLab

    Men defi Ayiti pral fè fas pou eleksyon k ap vini yo

    Play Episode Listen Later Jan 30, 2025 92:49


    Kijan eleksyon ka rive posib nan kontèks peyi a ye la a ? Ricardo Augustin, doktè nan syans politik, pataje analiz li sou kesyon an nan moman gen anpil enkyetid sou dewoulman pwosesis elektoral yo an Ayiti. Ann koute l nan dènye emisyon AyiboLab sa a !

    Pratik seksyèl lakay jèn yo, gwo danje ak risk nou dwe konnen !

    Play Episode Listen Later Dec 12, 2024 42:52


    Anpil risk nan pratik seksyèl lakay jèn yo ! Doktè Kerry Norbrun esplike tout danje yo. Medsen Jeneralis lan pataje konsèy pratik pou yon pi bon konpòtman seksyèl responsab nan emisyon espesyal AyiboLab sa a. Ann koute !

    Yon veritab pwosè pou laverite sòti sou sa ki te pase Lasalin an 2018

    Play Episode Listen Later Nov 14, 2024 46:01


    6 lane aprè masak Lasalin nan, yon òdonans lajistis voye yon trantèn moun - pami yo 2 ansyen ofisyèl Leta ki gen non yo site nan masak sa a - jije nan tribinal kriminèl. Èske n ka konsidere masak Lasalin lan kòm youn nan konsekans ensekirite k ap vale teren an, oswa yon masak ki te planifye ? Nan emisyon espesyal AyiboLab sa a an n koute envite nou Marie Yolène Gilles, direktris egzekitif FJKL.

    Fanm ki gen kansè kòl matris ka ansent ? Vin tande

    Play Episode Listen Later Oct 23, 2024 37:55


    Kisa kansè kòl matris lan ye ? Koute Doktè Beaugé Grégory k ap bay plizyè esplikasyon enteresan sou kijan maladi kansè a devlope. Ki prevansyon ou kapab pran ? Se tout kalte enfòmasyon sa yo ki pral brase nan emisyon espesyal Ayibolab sa.

    Èske meri yo gen dwa pou kreye polis pa yo?

    Play Episode Listen Later Sep 9, 2024 70:11


    Èske yon meri ka genyen pwòp polis li ? Kisa lalwa an Ayiti di sou sa? Se pami divès kesyon ki pral abòde nan emisyon espesyal AyiboLab sa. AyiboPost envite ansyen majistra Tirivyè a, Luc Wans Duvalsaint pou pale de sitiyasyon sa.

    Kansè nan tete : tout sa w dwe konnen sou maladi sa

    Play Episode Listen Later Sep 9, 2024 36:09


    Men tout sa w dwe konnen sou kansè nan tete. Nan emisyon espesyal AyiboLab sa, AyiboPost envite jinekològ epi kansewològ Fernandel Michel pou ede n konprann kisa maladi kansè nan tete ye ojis. Ann tande l

    Mache nwa ak fo medikaman an Ayiti

    Play Episode Listen Later Sep 9, 2024 56:04


    Rate medikaman an Ayiti dènye mwa sa yo lakòz mache nwa ak fo medikaman fè kenken nan peyi a. Pou fè limyè sou sitiyasyon sa, AyiboPost envite prezidan asosyasyon famasyen Ayiti a, Pierre Hugues Saint-Jean.

    Plizyè pasyan nan sikyatri pa ka jwenn swen nan Pòtoprens

    Play Episode Listen Later Jun 12, 2024 105:32


    Mars & Kline, sèl lopital ki te kontinye ap resevwa pasyan nan sikyatri nan Pòtoprens, pa ka fonksyone jounen jodi a. AyiboPost resevwa sikològ Vinson Bradley Noël ak sikyat Joseph Dimitri Ronald Thadal k ap travay nan lopital lan pou n eseye konprann sitiyasyon an.

    Zam jwèt : ki enpak sa ka gen sou timoun an Ayiti ?

    Play Episode Listen Later May 29, 2024 57:26


    Bay yon timoun zam jwèt kòm kado nan kontèks nou ye an Ayiti a, èske se yon bon lide ? Doktè nan sosyoloji Képler Aurélien ak edikatè Richard Norvil ap debat sou kesyon an nan emisyon AyiboLab sa.

    Men libreri ki mwens chè nan Pòtoprens lan

    Play Episode Listen Later May 29, 2024 26:39


    AyiboPost al vizite libreri ki mwens chè nan Pòtoprens lan. Nan emisyon espesyal AyiboLab sa, 2 responsab "Livres Solidaires Haïti" ap fè nou vizite e ede nou konprann kijan libreri sa fonksyone an reyalite.

    Liv inik, ensekirite, kriz… kijan lekòl pral fonksyone nan Pòtoprens

    Play Episode Listen Later May 10, 2024 50:23


    Lekòl toujou nan gwo difikilte pou yo louvri an Ayiti. Nan yon kontèks kote anpil lekòl jounen jodiya tounen abri pwovizwa e anpil moun nan Pòtoprens ap kouri kite kay yo pou bandi, AyiboPost envite yon kad nan Ministè edikasyon nasyonal, ak yon pwofesè sendikalis pou debat sou koze sa.

    Poukisa kilti ayisyen an pa byen reprezante nan lekòl yo ?

    Play Episode Listen Later Apr 22, 2024 43:47


    Sistèm edikatif ayisyen an pa bay kilti peyi a ase enpòtans; sa ki kreye yon dekoneksyon ant divès jenerasyon yo ki lakòz elèv ayisyen an vin pa vrèman konn kilti peyi l. Jacques-Michel Gourgues ki se doktè nan syans edikasyon ak metè an sèn Eliezer Guérismé entèvni sou kesyon an nan emisyon espesyal AyiboLab sa.

    Koripsyon ak kriz anpeche bon fonksyònman sendika yo an Ayiti

    Play Episode Listen Later Apr 16, 2024 70:50


    Gen anpil koripsyon ak dezòd anndan sendika yo an Ayiti. Nan lide pou pote plis limyè sou fonksyònman sendika yo nan peyi a, AyiboPost resevwa mèt Phillipe Junior Volmar ki se yon avoka spesyalize nan dwa travay ak sekretè jeneral Antèn Ouvriye, Lominy Edmond.

    Goud, degouden : men poukisa n pa dwe jete yo

    Play Episode Listen Later Apr 10, 2024 37:32


    Goud ak degouden, ti monnen sa yo gen anpil enpòtans nan ekonomi peyi a. Ekonomis Peterson Benjamin Noel ak pwofesè Jims-Carlin St-Hubert ap ede n konprann poukisa nou pa ta dwe janm jete ti monnen sa yo. An n tande:

    Anpil katye nan Pòtoprens monte baryè yo

    Play Episode Listen Later Mar 25, 2024 59:12


    Gen gwo baryè ki monte nan anpil katye nan Pòtoprens. Se fason sa anpil zòn chwazi pwoteje tèt yo kont ensekirite a nan yon kontèks kote bandi ap pran plis tèritwa chak jou. Men, tout moun pa wè baryè sa yo menm jan, e gen moun li afekte plis pase lòt. AyiboPost envite sosyològ Kesler Bien-Aimé, pou l ka ede konprann temwànyaj plizyè abitan k ap viv nan zòn sa yo.

    Bò lanmè komin Kafou, pratik «fè tè» a deraye

    Play Episode Listen Later Mar 20, 2024 31:27


    Nan komin Kafou, abitan bò lanmè a plede pouse dlo a ak fatra, ranblè, kawoutchou... pou yo ka konstwi kay yo. Se pratik sa ki rele «fè tè» a. AyiboPost te remake danje ki gen nan pratik sa, li envite enjenyè Richard Haspil ak Odnell David pou ede n pi byen konprann sa k ap pase a. An n tande:

    Èske gason ka «sage-femme» an Ayiti?

    Play Episode Listen Later Feb 23, 2024 25:35


    Gason ayisyen k ap egzèse metye «sage-femme» nan peyi a ap fè fas ak gwo diskriminasyon. Pou fè limyè sou sitiyasyon sa a, AyiboPost envite 2 etidyan «sage-femme», Ronaldo Jeanty ak Hermine Francesca Jean Pierre, epi Jephtanie Mathurin ki se responsab kominikasyon asosyasyon «sage-femme». An n tande yo nan emisyon AyiboLab espesyal sa a.

    Pòtoprens : lè n ap respire a pa nòmal pou lasante

    Play Episode Listen Later Feb 19, 2024 39:21


    Lè n ap respire nan Pòtoprens lan reprezante gwo malè pandye pou sante n. AyiboPost envite chimis Job Paul ak medsen jeneralis Ricarven Ovil pou ede n konprann pi byen risk yo. An n koute !

    AYITI : atansyon ak anbilans sa yo nan peyi a !

    Play Episode Listen Later Feb 12, 2024 51:39


    Se pa tout machin ki make anbilans ki anbilans vre an Ayiti. Anpil mòg lage nan pratik sa a, alòske pa gen kenn ijans vrèman pou yon machin k ap transpòte mò, daprè direktè CAN nan, Didié Herold Louis. Nan emisyon espesyal AyiboLab sa a, li tou pwofite eksplike difikilte sèvis anbilans ap fè fas nan kontèks ensekirite n ap viv nan peyi a.

    Poukisa depi gen konfli tè an Ayiti, medam yo toujou viktim?

    Play Episode Listen Later Feb 2, 2024 41:40


    Depi gen konfli tè, anpil fwa se medam yo ki toujou viktim an Ayiti. Malgre yo konsidere yo kòm motè agrikilti a, legalman anpil ladan yo pa posede tè vre. Kisa ki lakoz? Nan emisyon AyiboLab espesyal sa, nou resevwa Islanda Micherline Aduel ki se manb tèt kole ti peyizan Ayisyen, ak agronòm Volny Paultre, pou n debat sou sijè sa. Ann tande.

    Men poukisa moun pa ka jwenn san nan peyi a

    Play Episode Listen Later Jan 18, 2024 18:25


    Pwoblèm san nan peyi a lakoz anpil moun pa ka jwenn swen ki pou sove lavi yo a tan. Selon direktè Centre National Transfusion sanguine lan, si CNTS te ka pwodwi 60 000 jiska 80 000 pochèt san pa ane, yo t ap ka kouvri 90% nan demand popilasyon an aloske reyèlman yo poko janm ka pwodwi 30 000. Kisa ki lakòz? Ann tande Direktè a, Ernst Noë l nan emisyon AyiboLab sa a

    Konprann rapò Ayisyen genyen ak poupe koulè nwa osnon blan

    Play Episode Listen Later Jan 18, 2024 40:07


    Poupe nwa yo mwens enterese Ayisyen, daprè konsta AyiboPost fè nan plizyè makèt nan Pòtoprens. Poukisa se poupe blan yo ki plis vann? Èske se yon chwa ki senp? Doktè Irvika François, ki se espesyalis nan syans ledikasyon, pote anpil limyè sou tandans sa a, ki sanse konsène tout kominote nwa nan lemond.

    Kafoufèy : Lopital Sanatoryòm nan gwo difikilte !

    Play Episode Listen Later Nov 8, 2023 21:24


    Responsab lopital Sanatoryòm Pòtoprens lan, Dr Jean Ardouin Esther Louis-Charles ap eksplike move konesans popilasyon an genyen sou maladi tibèkiloz lan e tout difikilte Lopital la rankontre ni avan, ni aprè nèg ak zam te finn mete yo nan kouri nan Kafoufèy.

    Reyalite medya ann Ayiti yo k ap sibi gwo pwoblèm nan kesyon achiv !

    Play Episode Listen Later Oct 24, 2023 41:14


    Marc Anderson Brégard ki se direktè jeneral RTVC ak Gotson Pierre, responsab nan Alterpresse ak Medialternatif, ap dekri gwo pwoblèm pwoblèm achiv ki gen nan media an Ayiti epi eksplike kijan sitiyasyon sa afekte antite yo. Gade entèvansyon yo nan emisyon AyiboLab sa.

    Tout detay enpòtan pou konprann rezon ki lakòz patrimwàn peyi a tèt anba.

    Play Episode Listen Later Sep 20, 2023 24:05


    Sa se katòzyèm AyiboLab pou ane a. Nan nimewo sa, nou envite Iléus Papillon, prezidan obsèvatwa patrimwàn an Ayiti, pou eksplike poukisa li enpòtan jounen jodia pou nou ap pale de memwa ak patrimwàn peyi a. Nou envitew dekouvri enpòtans patrimwàn istorik pou yon peyi nan videyo sa a. ► Pwofite dekouvri repòtaj jounalis Wethzer Piercin⁠ sou sitiyasyon an : https://ayibopost.com/letat-haitien-t...

    Reyalite ak mistè ou dwe dekouvri dekouvri nan endistri tatouaj la an Ayiti a

    Play Episode Listen Later Sep 7, 2023 48:38


    Sa a se trèzyèm emisyon ⁠⁠⁠⁠⁠⁠⁠AyiboLab⁠⁠⁠⁠⁠⁠⁠ nou pou lane 2023 a. Nan epizòd sa a, ⁠⁠⁠⁠⁠⁠⁠AyiboPost⁠⁠⁠⁠⁠⁠⁠ envite James Zachari (atis tatouaj) ak Alexandra Mizelin (Antreprenè) pou rakonte eskperyans yo kòm moun ki viktim de frap sektè tatouaj la ap pran depi deklanchman mouvman "Bwa Kale" a an avril 2023. ► Pwofite dekouvri repòtaj jounalis David Lorens Mentor ak Jérôme Wendy Norestyl sou sitiyasyon an : Photos | Des Haïtiens tatoués sous la menace constante du «Bwa Kale» - AyiboPost © ⁠⁠⁠⁠⁠⁠⁠AyiboPost⁠⁠⁠⁠⁠⁠⁠ - Dawout 2023

    Temwayaj viktim atak Kafoufèy nan jou ki te samdi 12 dawout 2023 la

    Play Episode Listen Later Aug 23, 2023 25:21


    Depi aprè bandi ak zam fin mete yo deyò lakay yo, anpil nan abitan Kafoufèy yo oblije al pran refij nan kèk espas nan kapital la. Ansyen pòy pawòl SPNH-17 la ak youn nan viktim yo ap eksplike sitiyasyon sa plis an detay. Repòtaj foto sou AyiboPost : https://ayibopost.com/photos-le-cauchemar-continue-a-carrefour-feuilles/

    Tray viktim ki te refijye devan anbasad amerikèn yo poko fini !

    Play Episode Listen Later Aug 3, 2023 20:32


    Sa a se onzyèm emisyon ⁠⁠⁠⁠⁠⁠AyiboLab⁠⁠⁠⁠⁠⁠ nou pou lane 2023 a. Nan emisyon sa a, ⁠⁠⁠⁠⁠⁠AyiboPost⁠⁠⁠⁠⁠⁠ envite 2 pami viktim ki t al refije devan anbasad amerikèn dimanch 23 jiyè 2023. Aprè Lapolis fin chase yo devan anbasad la, viktim k ap kouri pou zak endividi ame yo kontinye ap chèche kote pou yo rete. ► Pwofite dekouvri repòtaj jounalis Jean Feguens Regala ak Junior Legrand sou sitiyasyon an : Photos | L'Ambassade des USA en Haïti affirme n'avoir pas demandé de disperser la foule © ⁠⁠⁠⁠⁠⁠AyiboPost⁠⁠⁠⁠⁠⁠ - Dawout 2023

    Verite sou sistèm sante ann Ayiti aprè lanmò enfimyè Kenia Civil

    Play Episode Listen Later Jul 18, 2023 20:23


    Sa a se dizyèm emisyon ⁠⁠⁠⁠⁠AyiboLab⁠⁠⁠⁠⁠ nou pou lane 2023 a. Nan emisyon sa a, ⁠⁠⁠⁠⁠AyiboPost⁠⁠⁠⁠⁠ envite Doktè Ricarven Ovil pou ede n konprann tout paramèt ki reprezante kòm fay nan sistèm sante ann Ayiti a e ki ta lakòz lanmò etidyant nan syans enfimyè Kenia Civil nan lopital Laplas Okay. ► Pwofite li atik yon atik sa a Doktè Ovil ekri sou evènman an : ⁠Perspective | Ce que révèle le décès de l'infirmière Kenia Civil sur notre système de santé⁠ © ⁠⁠⁠⁠⁠AyiboPost⁠⁠⁠⁠⁠ - Jiyè 2023

    Reyalite tafyatè sou plas Carl Brouard nan Pòtoprens

    Play Episode Listen Later Jul 7, 2023 20:21


    Sa a se nevyèm emisyon ⁠⁠⁠AyiboLab⁠⁠⁠ nou pou lane 2023 a. Nan emisyon sa a, ⁠⁠⁠AyiboPost⁠⁠⁠ envite James Danger, ki se travayè sosyal, pou ede n konprann pi byen reyalite konsomatè dwòg ak alkòl nan peyi a, espesyalman sou plas Carl Brouard ke anpil moun rele "Kay Tafyè". ► Pwofite li atik jounalis Junior Legrand ekri sou sitiyasyon an : ⁠Place Carl Brouard, domicile des «tafyatè» à Port-au-Prince⁠ © ⁠⁠⁠AyiboPost⁠⁠⁠ - Jiyè 2023

    Rebel Layonn : Vejetaryen depi 25 lane. Men poukisa.

    Play Episode Listen Later Jun 29, 2023 20:03


    Sa a se uityèm emisyon ⁠AyiboLab⁠ nou pou lane 2023 a. Nan emisyon sa a, ⁠AyiboPost⁠ envite James Vergneau, ki gen pou non atis li Rebel Layonn, pou vin pataje eksperyans li antanke vejetaryen depi 25 lane. Reggaeman nan di vejetarism se yon pratik ki gen anpil enpòtans pou li. L ap ede n konprann kisa pratik sa a reprezante pou li pandan l ap rakonte n sa ki pouse l adopte l nan lavi l ak fanmi ni. ► Pwofite li atik jounalis Lunise Duquereste ⁠ekri sou sitiyasyon an : La créativité inspirante des végétariens en Haïti pour manger sain et équilibré © ⁠AyiboPost⁠ - Jen 2023

    Men kisa ouvriye nan faktori yo ap mande ojis !

    Play Episode Listen Later Jun 15, 2023 16:59


    Sa a se setyèm emisyon AyiboLab nou pou lane 2023 a. Nan emisyon sa a, AyiboPost envite yon sendikalis k ap defann dwa ouvriye nan faktori yo pou konnen e konprann kisa ojis ki dèyè manifestasyon y ap fè yo. Li pa kache anyen. Pwofite li atik jounalis Jérôme Wendy Norestyl ekri sou sitiyasyon an : ► Des employeurs de la sous-traitance en Haïti détournent les prélèvements salariaux des travailleurs © AyiboPost - Jen 2023

    Pwopozisyon pou ede wete Ayiti nan kriz alimantè jodi a

    Play Episode Listen Later Jun 8, 2023 16:00


    Sa a se sizyèm emisyon AyiboLab nou pou lane 2023 a. Nan emisyon sa a, AyiboPost envite ekonomis Etzer Emile ak agwonòm Jean Luc Saint Pierre, yo abòde nannan kriz alimantè k ap ravaje Ayiti a, e yo pwopoze kèk solisyon pou ede wete peyi a. ► Klike sou Ensekirite alimantè pou w dekouvri tout travay nou soti sou tematik sa a. © AyiboPost - Jen 2023

    Ayiti : Kriz sanitè a agrave akòz medsen k ap kite peyi a

    Play Episode Listen Later May 19, 2023 11:45


    Sa a se senkyèm emisyon AyiboLab pou lane 2023 a. Nan nimewo sa a, AyiboPost panche sou kriz sanitè ann Ayiti ki vin agrave akòz medsen espesyalize k ap vire do bay peyi a. Jounalis Fenel Pélissier ekri pou AyiboPost yon seri atik sou sijè a. Nou envite l nan emisyon jodi a. Ou ka pwofite li atik li yo nan lyen pi ba yo : ► Leurs professeurs quittent Haïti, les étudiants en médecine de l'UEH à l'épreuve des cours en ligne ► Haïti en danger : l'insécurité pousse les médecins spécialisés à quitter le pays ► 3 à 4 cadavres «sans famille» par jour… des hôpitaux de P-au-P exténués ► Des morceaux de glace pour conserver les morts à Jérémie © AyiboPost - Me 2023

    Sitiyasyon malouk moun soud yo ann Ayiti

    Play Episode Listen Later May 13, 2023 19:49


    Sa a se katriyèm emisyon AyiboLab pou lane 2023 a. Nan nimewo sa a, AyiboPost panche sou sitiyasyon malouk moun soud yo ap viv ann Ayiti akoz klima ensekirite k ap layite nan peyi a. ► Ou ka pwofite li atik sa a tou, jounalis Abimaël-Romilus Sévère ekri : Tués parce qu'ils ne pouvaient pas entendre

    Sit touristik Labadie rete vivan, malgre kriz peyi a

    Play Episode Listen Later Apr 21, 2023 8:03


    An 2022, sit touristik Labadie resevwa 400 000 touris ak 133 bato kwazyè, malgre divès alèt wouj yon latriye peyi tankou Etazini ak Angletè te mete sou Ayiti. Ou ka li atik la : Labadie a reçu 400 000 touristes et 133 bateaux de croisière en 2022 – AyiboPost

    Men nan ki eta ensekirite a lage depatman Latibonit

    Play Episode Listen Later Mar 31, 2023 13:27


    Latibonit debòde. Gang ame yo kidnape mezi tè peyizan yo. Sitwayen yo pa ka jwenn manje. Ensekirite a lage depatman plat atè. Nou diskite ak 2 jounalis AyiboPost ki se moun Latibonit, pou ede n konprann sitiyasyon an. Ou ka li atik yo a la : Artibonite : les agriculteurs forcés d'abandonner leurs terres face aux gangs armés – AyiboPost

    Leyla McCalla : atis amerikèn sa a soti yon albòm, se Radio Haïti Inter ki enspire l li. Men poukisa

    Play Episode Listen Later Mar 22, 2023 20:19


    Atis amerikèn Leyla McCalla, ki gen rasin parantal li ann Ayiti, fenk soti yon albòm, se Radio Haïti Inter ki enspire l li. «Breaking the Thermometer» ki se tit albòm nan, se kòmansman yon fraz editoryal Jean Léopold Dominique, ansyen jounalis wòdpòte radyo a. Nan videyo sa a, Ervenshy Hugo Jean-Louis ki ekri Une artiste classique américaine sort un album inspiré par « Radio Haïti Inter » – AyiboPost ap ede nou pi byen konpran enpotan albòm sa a. _____ ▶ Radio Haïti Inter te bay kreyòl yon plas enpòtan. Ou ka li atik sa a : Le parcours parsemé de discriminations du créole dans les médias en Haïti – AyiboPost ▶ Suiv @AyiboLab sou Twitter pou ka toujou okouran de sa @AyiboPost ap regle an koulis !

    Konprann istwa maladi chabon an Ayiti

    Play Episode Listen Later Jul 5, 2021 27:18


    Konprann istwa maladi chabon an Ayiti

    Dosye ki konsène pwòch Jovenel Moïse yo kanpe apre desizyon li pran pou revoke kèk jij

    Play Episode Listen Later May 24, 2021 17:10


    Dosye ki konsène pwòch Jovenel Moïse yo kanpe apre desizyon li pran pou revoke kèk jij

    Tande jwè seleksyon an k ap plenyen pou lajan Gold Cup yo pa resevwa

    Play Episode Listen Later May 10, 2021 14:40


    Tande jwè seleksyon an k ap plenyen pou lajan Gold Cup yo pa resevwa

    Poukisa Jacques Stephen Alexis nan litij, alòske l mouri depi 60 an ?

    Play Episode Listen Later May 2, 2021 22:02


    Poukisa Jacques Stephen Alexis nan litij, alòske l mouri depi 60 an ?

    Fo anplwaye anvayi palman an

    Play Episode Listen Later May 1, 2021 23:35


    Fo anplwaye anvayi palman an

    Konprann poukisa fo diri madan Gougous anvayi Ayiti

    Play Episode Listen Later Apr 28, 2021 30:10


    Otorite k ap jere koze lakilti nan ministè agrikilte di li panse varyete diri Madan Gougous la ka egzite alòske pou gran plantè yo, varyete diri sa a disparèt depi byen lontan anndan peyi a

    Pa gen pyès kontwòl sou medikaman k ap rantre Ayiti

    Play Episode Listen Later Apr 27, 2021 26:54


    Leta Ayisyen pa mete moun sou fwontyè ak ladwàn pou verifye si medikaman k ap rantre yo pa pwazon

    Yo te di l fouye twou l pou yo antere l. 52 zan apre masak Kazal, Anselme Benoit mouri.

    Play Episode Listen Later Apr 2, 2021 15:49


    27 Mas 1969, rejim diktati François Duvalier a masakre 23 moun nan Kazal. Memwa viktim ak rezistan rejim bout di sa a rete grave nan lespri moun Kazal

    Pi fò fakilte medsin an Ayiti ilegal

    Play Episode Listen Later Mar 28, 2021 21:29


    Une dizaine de facultés de médecine en Haïti forment des médecins non reconnus par l’État

    Ki pwojè Jean Jacques Pierre genyen pou seleksyon an ?

    Play Episode Listen Later Mar 14, 2021 35:19


    Dènye nouvèl sou seleksyon nasyonal la

    Pwòch Marly Edouard ap temwanye apre lanmò pwofesyonèl la

    Play Episode Listen Later Feb 27, 2021 23:55


    Yon diskisyon sou Marly Edouard

    Tout sa w dwe konnen sou USGPN

    Play Episode Listen Later Feb 20, 2021 12:39


    Semèn sa a, n ap tounen sou atik: La longue liste des actions illégales de l’unité qui a mené « l’opération Petit Bois »

    Kisa moun yo kondane pou fè travay fòse fè nan prizon Ayiti ?

    Play Episode Listen Later Feb 6, 2021 16:28


    Semèn sa a, n ap retounen sou atik : Que font les prisonniers condamnés aux travaux forcés en Haïti ?

    Claim AyiboLab

    In order to claim this podcast we'll send an email to with a verification link. Simply click the link and you will be able to edit tags, request a refresh, and other features to take control of your podcast page!

    Claim Cancel