Maketing Medya Sosyal

Follow Maketing Medya Sosyal
Share on
Copy link to clipboard

Itilize medya sosyal yo pou w grandi biznis ou ak enfliyans ou. Gaetan Casseus, sètifye nan Marketing Medya Sosyal, chak semèn ap pataje estrateji solid e fè entèvyou ak ekspè, kreyatè kontni ki jwenn rezilta sou rezo sosyal yo pou ede w atenn objektif ou yo. Si w son antreprenè, kreyatè kontni Podkas sa se pou ou. Powered by My Streetlabs

Gaetan Casseus


    • Jan 13, 2024 LATEST EPISODE
    • monthly NEW EPISODES
    • 38m AVG DURATION
    • 37 EPISODES


    Search for episodes from Maketing Medya Sosyal with a specific topic:

    Latest episodes from Maketing Medya Sosyal

    Metrize Sèvis Kliyantèl nan maketing medya sosyal | Judd Point Barre E37

    Play Episode Listen Later Jan 13, 2024 32:21


    Nan epizod nou te resevwa Judd Point Barre, ekspè nan sèvis kliyan, pou n te gen yon konvèsasyon sou sèvis kliyantèl, inovasyon entèlijans atifisyèl nan domèn lan, ide kontni pou freelancer pou pi bon maketing sou medya sosyal yo. Konekte ak Judd Point Barre: https://www.instagram.com/juddpointbarre/ Pataje podcast la epi tag mwen sou Instagram story @gaetancasso

    De 3k a 14k Followers sou Instagram nan 4 Mwa | Istwa Marckenley Macien E36

    Play Episode Listen Later Jan 7, 2024 48:38


    Mwen te kontan gen yon konvèsasyon ak Marckenley Macien, @timetoedit080_official sou Instagram. Li pataje istwa l sou kòman l sòti de 3,000 a 14,000 followers nan 4 mwa sou Instagram. Nan epizod sa nou pale sou: Kòman l te pèdi premye kont Instagram lan? Pwosesis kreyasyon kontni Kijan l rete kreyatif pou l toujou jwenn nouvo ide videyo Zouti pou w kreye kontni Instagram sou Telefòn ou ak plis ankò.... Konekte ak Marckenley sou Instagram: http://www.instagram.com/timetoedit080_official/ Pataje podcast la epi tag mwen sou Instagram story @gaetancasso.

    Etap pou w vin yon Kreyatè Kontni a Plen Tan | Marie Falonne Jean Ep. 33

    Play Episode Listen Later Aug 17, 2022 49:56


    Marie Falonne Jean, UGC Content Creator, Makeup Artist, Beauty & Fashion Influencer. Nan epizod sa, W ap aprann: Kisa UGC Content Creation ye? A kisa yon jou nan lavi yon kreyatè kontni a plen tan sanble Byen optimize pou yo rive fè kob kòm kreyatè kontni Kòman pou w grandi odyans ou Diferans ant Reels ak Tiktok ak anpil lòt bagay ankò. Konekte ak Marie Falonne Jean

    Estrateji Maketing Rezo Sosyal Pou Grandi Biznis Ou | Clifford Dessables Ep. 32

    Play Episode Listen Later Jul 27, 2022 59:07


    Clifford Dessables, Digital marketer, Business coach, Kofondatè Saveurs Lakay, li ede antreprenè fè lajan sou entènèt la san yo pa bezwen popilè. Koman Clifford te kòmanse nan digital marketing? Enpòtans leman pou biznis, e kòman nou ka itilize l pou atire kliyan lè n ap fè marketing rezo sosyal? Ki enpòtans storytelling genyen nan biznis, social media marketing? Pi bon fason nou ka vann sou rezo sosyal yo? Kijan pou n kreye yon bon òf maketin? Konekte ak Clifford Dessables Instagram: https://www.instagram.com/cliffdessables/ Twitter: https://twitter.com/cliffdessables Tiktok: https://www.tiktok.com/@cliffdessables Facebook: https://www.facebook.com/cliffdessables/ Website: https://www.grandibiznis.com

    Sekrè pou w Jwenn plis Followers | Kevin Mesidor E31

    Play Episode Listen Later Jun 30, 2022 38:39


    Kevin Mesidor, yon komedyen ki konstwi yon kokennchenn odyans sou rezo sosyal e ki gen plizyè videyo ki gen plis pase 1 milyon views, ap pataje pakou l nan epizod sa e kòman li rive fè sa. Nan Epizod sa, w ap aprann: Koman Kevin (Aurelie) te kòmanse karyè l sou Tiktok Kòman pou w jwenn enspirasyon Fomil pou ret konsistan Sekrè pou w jwenn plis Followers ak anpil lòt bagay ankò. Konekte ak Kevin: Instagram: https://www.instagram.com/november_rain08/ Tiktok: https://www.tiktok.com/@aureliethedrama Youtube: https://www.youtube.com/channel/UC5stJYnN9kC60E6aPBVs65A Pataje epizod la ak zanmi w si w te apresye.

    Konprann Influencer Marketing | Angelika Leblanc E30

    Play Episode Listen Later Jun 21, 2022 30:19


    Angelika Leblanc se fondatè Influencer Link, yon ajans ki fasilite kolaborasyon ant Influencer ak brand. Nan epizod sa, w ap aprann: Diferans ant kreyatè kontni ak enfliyansè Diferan tip enfliyansè ki genyen Enpòtans Influencer Marketing genyen nan mond n ap viv jodia Eske nenpòt moun ka vin influencer Konekte ak Angelika Leblanc: Instagram: https://www.instagram.com/angelika_leblanc/ Twitter: https://mobile.twitter.com/angelikaleblan4 Tiktok: https://www.tiktok.com/@angelikaleblanc Youtube: https://www.youtube.com/channel/UCLBiUBL_1f5QreCRJXMBE1Q Website: https://influencerlink.net/

    Etap Pou w Grandi yon Kominote sou Youtube | Samuel Sanon E29

    Play Episode Listen Later Jun 14, 2022 39:25


    Samuel Sanon se yon pwodiktè mizik ak enjenyè ki baze nan Pòtoprens, Ayiti. Samy te kòmanse amelyore konpetans li nan fè beat an 2011 pandan li t ap etidye sosyoloji. Samy se yon kreyatè kontni tou ki konstwi yon kominote sou Youtube kote li gen plis pase 30,000 abone, plis 1 milyon view. Nan epizod sa, w ap aprann: - Kisa ki te enspire Samuel kòmanse pwodui videyo sou Youtube? - Koman pwosesis la te ye pou l soti de 0 a 30,000 subscribers sou Youtube jounen jodia? - An tèm kreyasyon kontni ak online business ki tchalenj l ap fè fas jounen jodia? - Kijan yon kreyatè kontni ki fenk ap kòmanse ka pwodui bon kalite kontni? - Kòman Samy souvan jwenn nouvo ide kontni pou l ret konsistan? - Kòm kreyatè kontni, kijan Samuel antre kòb/kijan w monetize? - Ki bon rezilta Samuel jwenn pandan pakou li ki te siprann li? - Kijan l fè pwomosyon videyo l yo pou l jwenn plis view sou Youtube, kisa l wè ki mache? Konekte ak Samuel: Instagram: https://www.instagram.com/samybeatz/ Twitter: https://twitter.com/samybeatz Tiktok: https://www.tiktok.com/@samybeatz Youtube: https://www.youtube.com/c/SamyBeatz Website: https://www.samybeatz.com/

    De 0 a 10k Followers sou Instagram, istwa Melmax | Melay I. Maxley E28

    Play Episode Listen Later Jun 8, 2022 44:25


    Maxley Ivanderlove Melay, yon jenn kreyatif kap evolye nan domenn fotografi ak kreyasyon kontni. Etidyan nan maketin nan inivesite Quisqueya e responsab rezo sosyo a tan pasyèl. Li pasyone de biznis ak fe lajan sou entènèt. Nan Epizod sa, nou touche pwen sa yo: Enpòtans break genyen pou yon Influencer/kreyatè kontni Koman Maxley souvan jwenn ide kontni pou Instagram ou? Zouti espesefik pou edit foto + kèk astis pou yon moun pran pi bon foto pou Instagram li? Koman w ka jwenn mesaj ou kòm yon Influencer? Ki etap / fason pou yon moun ka vin yon Instagram Influencer? Koman yon Influencer ka pozisyone l pou l jwenn bon kontra ak Biznis/brand? Kisa w panse yon biznis/brand ap chèche nan yon influencer pou l ka chwazi travay ak li? Konekte ak Maxley: Instagram: https://www.instagram.com/mr_melmax/ Twitter: https://twitter.com/mr_melmax Tiktok: https://www.tiktok.com/@mr_melmax LinkedIn: Maxley Ivanderlove MELAY Youtube: https://www.youtube.com/channel/UCo1bFB0mXsvGo24oEdN5d1A

    Kòman pou w vin yon pi Bon Kreyatè Kontni | Sophia Bruny E27

    Play Episode Listen Later May 31, 2022 63:44


    Sophia bruny, Kreyatè Teknoloji an Kreyol. Nan epizod nou pale sou: Kote pasyon Sophia gen pou teknoloji a sòti Koman yon kreyatè kontni ka jwenn nich Koman pou kreye yon kominote sou rezo sosyal yo Ki fason w itilize pou w fè pwomosyon videyo Youtube ou yo pou w jwenn plis view, plis moun pou gade videyo w yo? Kijan pou edit videyo w yo, ki zouti pou w itilize? Koman pou w jwenn ide kontni ki fason pou w monetize yon chanèl youtube? Konekte ak Sophia Bruny: Instagram: https://www.instagram.com/teknoloji_an_kreyol/ Twitter: https://twitter.com/Teknolojikreyol Tiktok: https://www.tiktok.com/@tkteknolojiankreyol Youtube: https://www.youtube.com/c/TKTeknolojianKrey%C3%B2l

    k man kote kreyol bruny kijan
    Ogmante vizibilite biznis ou sou Medya Sosyal yo | Auguste Jacquet E26

    Play Episode Listen Later May 24, 2022 39:22


    Envite nou jodia se Auguste Jacquet. Li ede mak ogmante vizibilite medya sosyal yo atravè kontni Customized ki baze sou estrateji adapte pou chak mache sib. Li se yon espesyalis medya sosyal, community manager, ak copywriter. Nan epizod sa nou pale sou: Rezon ki fè biznis dwe envesti nan medya sosyal yo Kijan yon biznis ka grandi prezans li an liy e jwenn nouvo kliyan Enpòtans konsistans Enpòtans piblisite nan estrateji marketing medya sosyal yo Konekte ak Auguste Jacquet

    Byenvini nan Marketing Rezo Sosyal

    Play Episode Listen Later May 21, 2022 0:50


    Byenvini nan Marketing Rezo Sosyal, yon podcast pou antreprenè ak kreyatè kontni ayisyen ki vle grandi biznis ak enfliyans yo sou medya sosyal yo. Chak semèn, w ap jwenn estrateji solid, konvèsasyon ak eskpè, kreyatè kontni ki jwenn rezilta sou rezo sosyal yo pou pataje estrateji, astis ki mache sou platfòm tankou Instagram, TikTok, YouTube, etsetera.. Mwen se Gaetan Casseus, sètifye nan Marketing rezo sosyal, mwen nan yon avanti pou m konprann marketing medya sosyal pi byen chak jou. Emisyon sa disponib sou Apple podcast, Spotify ak majorite platfòm podcast yo. Rete konekte avè nou sou instagram @marketingrezososyal.

    Evolisyon Rezo Sosyal yo ak Enpòtans li nan Marketing | Kims Beljean

    Play Episode Listen Later Jul 5, 2021 42:22


    Kims Kesnel Beljean se yon jèn ayisyen k ap evolye nan domèn maketing nan depi kèk lane. Li sètifye nan strateji dijital nan inivèsite Edinburgh e sa gen 1 an depi li fonde Aprann Digital Marketing yon platfòm ki la pou ede antreprenè ak pwofesyonèl ayisyen metrize domèn lan yon fason pou grandi valè yo sou mache a. Nou ka konekte ak Kims Beljean sou Instagram: instagram.com/kimsbeljean

    Itilize Carousel Pou w Grandi Odyans ou Sou Instagram | Cedrick Leroy

    Play Episode Listen Later Jun 14, 2021 51:29


    Cedrick komanse dizay nan lane 2017, men moun komanse konnen l tout bon nan fen lane 2019. Li se grafis Akolad Creations, epi li travay an freelance tou. Cedrick gen experience nan social media ads, conception cover pou mizik, li fè logo, flyer aktivite kiltirèl. Li fè Jesyon page Fb/ig pou kliyan pesonèl li tou. Li gen yon bon eksperyans nan sa ki gen rapò ak dizay Carousel, li fè plis pase 60 deja. Nan epizod sila, nou touche pwen sa yo : Konsèy pou moun ki ta renmen vin Graphic Designer ? Resous k ap ede w design pi byen Enpòtans Carousel sou Instagram Prensip pou w dizay bon Carousel Pou Instagram Estrateji k ap ede w grandi paj Instagram ou Koman pou w dizay bon Cover pou Carousel ou yo Enpòtans SAVE sou Instagram Konekte ak Cedrick sou Instagram nan lyen sa: https://www.instagram.com/ikon_grafik/

    Koman Pou w Kreye Yon Bon Pwofil LinkedIn | Gael Beauboeuf

    Play Episode Listen Later May 31, 2021 49:07


    Gael Beauboeuf se yon pasyone de teknoloji ki fondé Koze Teknoloji ak Teknolojik Podcast, kote li pataje kontni enteresan sou teknoloji. Li se yon IT specialist. Nan epizod sa, nou pale sou LinkedIn Marketing. Nou touche pwen enteresan sa yo: Evolisyon LinkedIn ak Update li yo Enpòtans LinkedIn nan marketing rezo sosyal jounen jodia Etap kle pou w kreye yon bon pwofil LinkedIn Koman biznis ka itilize linkedIn Koman w jwenn nouvo kliyan/job sou LinkedIn Konekte ak Gael Beauboeuf sou LinkedIn: https://www.linkedin.com/in/gbeauboeuf/

    Estrateji Marketing Instagram Pou w Jwenn Nouvo Kliyan | Mel Jeanty

    Play Episode Listen Later May 24, 2021 76:18


    Mélissa Jeanty se yon kreyatif ayisyen ki te konn ap prete kamera nan men fotograf li te konn rankontre lè l te pi jèn, epi ki vin ap evolye jodi a kòm fotograf/videyograf, epi dizaynè. Pasyon li se kreye bèl kontni sou entènèt e pou kliyan li yo, yon fason pou ede moun nan kominote l, epi tou fè Bondye plezi. Nan epizod sila, men kèk pwen enteresan nou touche : Koman Mel te kòmanse pakou kreyatif li Poukisa li enpòtan pou Instagram ou dekri kiyès ou ye Astis pou w kreye IG Polls ki kreye angajman ak odyans ou Koman pou w Byen prezante paj Instagram ou Enpòtans Caption sou Instagram e kòman pou w pa janm manke ide Caption Yon fòmil pou w kreye IG Story moun anvi gade Estrateji pou w jwenn nouvo kliyan sou Instagram Konekte ak Mel Jeanty: Instagram: instagram.com/meljeanty Website: www.meljeanty.com

    Teknik Pou w Kreye Bèl Dizay Instagram | Storm Jean

    Play Episode Listen Later May 17, 2021 48:47


    Storm Jean, Self-taught Graphic Designer, ki spesyalize l nan kreyasyon kontni pou rezo sosyal yo, retouching photo, logo, poster design. Li se Content Director Haiti Brand. Nan epizod sa, nou touche pwen sa yo: Koman Stormish te komanse Graphic Design ? Wòl dizay nan marketing rezo sosyal ? Konsèy pou w byen itilize koulè pou brand, biznis ou sou rezo sosyal yo ? Prosesis kreyativ Jean Stormish lè l ap kreye Dizay ? Ki prensib baz pou w kreye bèl dizay pou rezo sosyal yo e ki erè ou souvan moun yo fè ? Ki estil kontni ki mache plis sou Instagram ? Koman w kreye kontni ki Catchy/atiran sou Instagram Estrateji pou w jwenn nouvo kliyan Instagram ? Konekte ak Storm Jean Sou instagram: instagram.com/jeanstormish

    Ekri Kontni K ap Ede w Vann Sou Rezo Sosyal Yo | Jean Luc Dufresne

    Play Episode Listen Later May 10, 2021 47:49


    Jean Luc Dufresne, yon jèn ki fè etid Kominikasyon ak relasyon piblik.  Se yon rédacteur web ki gen atik nan plizyè medya, li metrize divès metòd ekriti. W ap jwenn Janlik nan domèn Kominikasyon, marketing ak teknoloji. Men jodi a nou pale avè l sou Content writing, youn nan displin ki reyini pifò nan konpetans li yo. Ki enpòtans ekri/ copywriting genyen pou yon moun k ap itilize rezo sosyal yo pou biznis li ? koman n ka ekri Tweet ki jwenn angajman? Erè moun yo souvan fè lè y ap ekri kontni sou Rezo Sosyal ? Kisa k fè yon bon caption e koman nou ka ekri youn lè n pibliye kontni ? Top estrateji / taktik pou n ekri bon kontni pou Rezo Sosyal yo / ni pou Instagram Carousel tou Kisa k fè yon Bon Call to action ? Koman pou n kenbe odyans lan lè n ekri kontni ak tout distraksyon ki genyen yo ? Konekte ak Jean Luc sou Instagram: https://www.instagram.com/sejanlikwi/

    Itilize Visual Storytelling Pou w Grandi Enfliyans ou sou Instagram | Anne Marjorie René

    Play Episode Listen Later May 3, 2021 54:09


    Anne Marjorie René se yon kretyen, edikatris, antreprenè ak “ visual storyteller “ ki itilize platfòm Instagram Li pou l rakonte istwa de Ayiti e pou l kreye opòtinite pou kreyatif Ayisyen. Li konbine pasyon l pou devlopman ekonomik ak talan Li genyen poul vann poul konekte kreyatif yo ak kliyantèl sib yo. Nan epizod sila, nou touche pwen sa yo : Koman Anne Marjorie te kòmanse sou Instagram Eske Marjorie konsidere tèt kòm yon Influencer sou Instagram Koman Marjorie Rive Grandi odyans li sou Instagram Creative process Marjorie lè l ap fè post sou Instagram Konsèy pou moun ki ta renmen pran auto portrait Consistency Challenge sou Instagram Enpotans pou biznis gen pwop kay pa yo sou entenet la Top 3 leson ou aprann kom kreyatè kontni sou Instagram Konekte ak Anne Marjorie sou Instagram nan lyen sa: https://www.instagram.com/annemarjorie_/ Si w apresye epizod la, sonje pataje ak zanmi w.

    Estrateji Instagram Pou w Grandi Biznis ak Enfliyans ou | Beatrice Celestin

    Play Episode Listen Later Apr 26, 2021 55:16


    Beatrice Celestin gen plis ke 18 lane eksperyans nan Graphic Design e li ranpote plizyè gran pri nan domèn lan. Digital Marketer, li pataje konsèy sou Marketing an liy. Li se Fondatè Twixcism. Li se Co-Host The Social Media Talk Show ak Carel Pedre. Nan epizod sila, nou touche pwen sa yo: Koman Beatrice te komanse karyè l nan Graphic Design ak Marketing Koman pou w chwazi platfom rezo sosyal pou biznis ou Poukisa angajman enpòtan sou rezo sosyal yo Enpak MIA mode sou kont Instagram ou Konsèy pou w kreye bon kontni sou Instagram Koman yon moun ka kreye visually compelling content on Instagram Top estrateji yon moun ka itilize pou grandi kont Instagram li òganikman ( Organic Growth) Ki diferan fason yon moun ka vin yon Instagram Influencer Ki diferan fason yon moun ka monetize kont Instagram li Ou ka konekte ak Beatrice Celestin sou instagram nan lyen sa: www.instagram.com/twixcism Si w apresye epizod la, pataje ak zanmi w ou konnen k ap bezwen l.

    Clubhouse: Tout Sa w Dwe Konnen | Kervens St Sauveur

    Play Episode Listen Later Apr 24, 2021 40:50


    Si w ap itilize rezo sosyal yo, ou ka tande pale de nouvo rezo sosyal sa ki rele Clubhouse. Ou gen dwa ap poze tet ou kestyon sou li. Nan epizod sila, Nou pale de Clubhouse. Nou touche pwen sa yo : Kisa Clubhouse ye Koman pou w gen yon kont Clubhouse Ki opotinite ki gen sou Clubhouse Diferans Clubhouse de lot rezo sosyal yo Koman Kervens te rive fe $ 1200 US pou biznis li sou Clubhouse ak lot anko. Konekte ak Kervens sou Instagram nan lyen sa: www.instagram.com/s.veur

    Estrateji Pou w Vann Avèk Istwa w sou Rezo Sosyal Yo | Youri Jean Pierre

    Play Episode Listen Later Apr 19, 2021 51:23


    Nan epizod sila, nou gen onè resevwa Youri JP, Espesyalis nan Marketing ki gen plizyè lane eksperyans, Antreprenè, CEO JP Media Group ak Ayiti Fitness. Youri Fonde Haiti Digital Marketing Summit. Nou touche pwen sa yo: Kote pasyon Youri gen pou Marketing lan soti Kisa Haiti Digital Marketing Summit ye Opotinite Rezo Sosyal ofri Biznis Konsa pou moun ki ta renmen vin Influencer sou Rezo Sosyal yo Koman w ka vann apati Istwa w sou Rezo Sosyal yo Top 3 Estrateji Marketing Rezo Sosyal Si w apresye epizod la, pataje ak zanmi w.

    Etap Pou w Kreye/Grandi Chanèl Youtube ou e Fè Lajan | Certil Remy

    Play Episode Listen Later Apr 12, 2021 65:59


    Certil Remy se yon pwogramè ki pasyone nan pataje konesans li ak tout moun. Li gen yon chanèl Youtube ki gen anviwon 12000 abone kote l ap ede jenn yo konprann teknoloji ak fè lajan sou entenèt la. Certil Remy gen yon fomasyon tou sou koman pou w vin yon pwofesyonèl sou Youtube Pou fè lajan. Nan epizod sila, nou touche pwen sa yo: Koman Certil Remy te komanse sou Youtube Avantaj ak opotinite ki gen sou Youtube Pwosesis pou Certil Remy de soti de 0 a 12000 abone sou Youtube Sa w dwe fè avan ou kreye yon chanèl Youtube Chwazi yon bon Non pou Chanèl Youtube ou Konsey pou w Optimize Chanèl Youtube ou Estrateji Pou w Grandi Paj Youtube ou Tout Fason w ka monetize Chanèl Youtube ou ak Anpil lot anko.

    Etap Pou w Soti de 0 a 16,000 Abone Sou Instagram | Istwa Nickson Clermont

    Play Episode Listen Later Apr 5, 2021 46:47


    Nickson Clermont se yon jèn antreprenè ayisyen k ap viv Brezil ki itilize Instagram pou fè biznis an liy. Li rive grandi paj Instagram li a 16,000 Abone e monetize kont Instagram li. Nan epizod sa, nou touche pwen sa yo: Koman Nickson te komanse sou Instagram Koman pwosesis la te ye pou l rive a 16 mil abone sou Instagram Etap pou w grandi paj Instagram ou Koman w ka fè lajan sou Instagram Ere ki fè anpil moun pa rive grandi paj Instagram yo Ak plizyè lot pwen anko. Konekte ak Nickson sou Instagram nan lyen sa: www.instagram.com/nickson_clermont

    Etap Pou w Devlope BRAND ou e Jwenn Nouvo Kliyan | Roodjino Cherilus

    Play Episode Listen Later Mar 22, 2021 47:56


    Nan epizod sila, nou resevwa Roodjino Cherilus. Roodjino se yon Antreprenè, Graphic Designer, li gen plis ke yon lane tou kote lap anseye Graphic Design, Marketing sou youtube, gratis ak tout jèn ki vle aprann. Li kreye yon seri konferans Marketing Digital pou ede antreprenè, freelancer yo konprann koman pou yo grandi biznis yo ak Marketing Digital. Nan epizod sila, Nou touche pwen sa yo : Premye etap yo pou yon moun konstwi BRAND li sou rezo sosyal yo Wòl Rezo Sosyal yo Jwe nan marketing dijital pou biznis ak personal brand Koman w Jwenn Nouvo Kliyan Sou Rezo Sosyal yo Eske l pi difisil pou w konstwi yon odyans ke lòt platfòm yo Biznis Model Tiktok, avantaj ki genyen pou kreyatè ak konsomatè sou platfòm lan Koman w ka diferansye tèt ou sou rezo sosyal si w ap kreye yon personal brand Ak lòt ankò. Konekte ak Roodjino Cherilus sou Instagram nan lyen sa: www.instagram.com/roodjinocherilus

    Koman Pou w Pran Bèl Foto ak Telefon ou pou Instagram | Tony Tuch

    Play Episode Listen Later Mar 19, 2021 42:15


    Foto se youn nan estil kontni ki plis mache sou Instagram, Ou dwe genyen bon kalite foto pou w diferansye w de lot yo, jwenn plis angajman e grandi odyans sou Instagram. Nan epizod sila, n ap resevwa Tony Tuch, Fotograf pwofesyonèl, videyograf / Filmmaker pwofesyonèl. Tony fè titoryèl sou fotografi, e aprann moun kòman pou fè bèl foto ak telefon ou. Nou touche pwen sa yo : Kisa k fè yon bon/bèl foto Eske tout telefon ka pran bèl foto Pwosesis kreyativ avan w pran foto Koman w ka pran bèl foto ak Telefon ou Zouti espesefik pou edit foto Konsèy pou moun k ap pran foto pwodui / Product Photography ak anpil lot anko.

    Sezon 2 - Trailer

    Play Episode Listen Later Mar 18, 2021 0:44


    Sezon 2.

    Koman w kreye bèl Dizay Pou Rezo Sosyal Yo | Marc Ralph Louis

    Play Episode Listen Later Dec 26, 2020 20:57


    Si w ta renmen kreye bèl dizay pou rezo sosyal, epizod sa ap ede w. Nan epizod, mwen gen avè m Marc Ralph Louis ki se youn nan pi bon Graphic Designer mwen konnen, k ap pataje konsèy k ap ede w kreye bèl dizay pou rezo sosyal yo. Nou touche pwen tankou : Eske w ka itilize Canva si w pa yon Pro pou w kreye bèl dizay si w konn Photoshop ak Adobe Illustrator Prensib baz pou w kreye bèl dizay Pi bon typography ou ka itilize nan dizay ou Konsèy pratik pou moun ki pa graphic designer ka kreye bèl dizay ak anpil lòt anko......... Epizod sa se dènye epizod nan sezon 1 Maketin Rezo Sosyal, Randevou kase pou byento.

    Koman w Soti de 0 a 8,000 Abone sou Instagram, Istwa @lucasmotiv | Lucas Berton Bruny

    Play Episode Listen Later Dec 15, 2020 24:55


    Lucas Berton Bruny, Graphic Designer ap pataje istwa l e koman li soti de 0 a 8,000 abone sou Instagram. Nou touche pwen tankou : Pwosesis pou w soti de 0 a 8,000 abone sou Instagram 3 pi gwo leson Lucas aprann nan pakou li sou Instagram ak @lucasmotiv Estrateji ki pi efektif pou ede w grandi sou Instagram ak anpil lot anko...........................

    Konstwi Yon Odyans Solid e Jwenn Nouvo Kliyan Sou Rezo Sosyal Yo | Pierre Stanley Baptiste

    Play Episode Listen Later Dec 8, 2020 21:17


    Avan yon moun ka achte nan men w, li dwe konnen w e fè w konfyans. Si moun yo pa konnen w, yo pa p ka achte nan men w. Konekte avèk odyans sible a, enpòtan pou tout biznis ki vle grandi e ogmante lavant yo. Nan epizod jodia, Pierre Stanley Baptiste, espesyalis nan kreyasyon Mak Ki konstwi odyans solid sou platfòm rezo sosyal yo, ap pataje konsèy pratik sou kòman pou w konstwi yon Odyans Solid e Jwenn nouvo kliyan pou biznis ou sou Rezo Sosyal yo.

    7 Zouti Gratis Pou w Kreye Kontni Enteresan Pou Rezo Sosyal Yo

    Play Episode Listen Later Nov 24, 2020 14:21


    Si w pa kreye kontni sou entènèt la, ou preske pa egziste. Nan epizod jodia, m ap pataje avè nou 7 zouti gratis K ap ede n kreye kontni enteresan pou rezo sosyal yo.

    4 Wòl Rezo Sosyal Yo Jwe Nan Yon Plan Maketin Dijital | Entèvyou ak Kims Beljean

    Play Episode Listen Later Oct 16, 2020 27:07


    Espesyalis nan Maketin Dijital, Kims Beljean, nan epizod sa ap ede w konprann kisa maketin dijital ye, enpòtans li pou biznis jounen jodia e wòl rezo sosyal yo jwe nan plan maketin dijital.

    De 0 a 1 Milyon Followers nan 30 Jou | Istwa Brendan Kane

    Play Episode Listen Later Oct 9, 2020 44:10


    Si w ta renmen konnen koman pou w genyen 1 Milyon Followers sou Rezo Sosyal yo, Epizod sa se pou ou. Mwen ansanm ak Etzer-Louis Charles fè revi Liv " One Million Followers " ke Brendan Kane ekri. Nou pale sou koman Brendan Kane soti de 0 a 1 Milyon Followers nan 30 Jou, e nou Dekòtike sistèm ak estrateji li itilize pou fè sa, ak koman ou ka itilize sistèm sa pou grandi paj Rezo Sosyal ou yo.

    Atenn Objektif Maketin Ou Yo Gras Ak Sa

    Play Episode Listen Later Oct 2, 2020 5:10


    Nouvo epizod sa ap ede w konprann enpotans Rezo Sosyal yo pou ede w reyisi estrateji maketin ou pra l itilize pou biznis ou an. Epizod sa se yon ti pati nan entèvyou emisyon APRANN, de @makeyourmove509, kote mwen te envite pou m pale sou Maketin Rezo Sosyal. Si w ta renmen tande tout konvèsasyon mwen te genyen ak Kims Beljean an, branche emisyon APRANN, li disponib sou tout platfom podcast yo.

    gras epizod objektif
    Koman w Sòti de 0 a 10,000 Abone Sou Facebook | Entèvyou ak Seevlay Bazard

    Play Episode Listen Later Sep 25, 2020 25:56


    Nan epizòd sa, Seevlay Bazard ap pataje eksperyans li, koman pwosesis la te ye pou li pou l sòti de 0 a 10,000 abone sou paj Facebook li. Nou pale sou : - Twa pi gwo leson li aprann ki ede l grandi paj li - koman li te al viral, li gen piblikasyon ki atenn 500,000 moun - Opòtinite sa pèmèt li jwenn nan karyè l Ak anpil lòt ankò.......

    nou twa abone vyou
    Maketin Facebook 2020

    Play Episode Listen Later Sep 18, 2020 20:13


    Taktik ou dwe konnen pou w devlope yon bon estrateji maketin pou Facebook.

    Kreye Yon Paj Facebook Pou Biznis ou K ap atire Kliyan

    Play Episode Listen Later Sep 4, 2020 20:52


    Kreye yon paj Facebook biznis se yon bagay ki senp e fasil ke majorite moun ka fe, men byen optimize yon paj Facebook le w ap kreye l pou atire nouvo kliyan, se pa tout moun ki konnen sa. Nan epizod jodia, nou pale sou koman pou w kreye e optimize paj Facebook biznis ou.

    5 Fason Rezo Sosyal yo ap Ede w Grandi Biznis Ou

    Play Episode Listen Later Aug 7, 2020 15:24


    Plis ou klè sou fason Rezo Sosyal yo ap ede w grandi biznis ou, plis w ap pi efektif lè w ap fè maketin rezo sosyal pou biznis ou.

    Claim Maketing Medya Sosyal

    In order to claim this podcast we'll send an email to with a verification link. Simply click the link and you will be able to edit tags, request a refresh, and other features to take control of your podcast page!

    Claim Cancel